Atik sa suit premye atik nou te tradui sou akizasyon abi seksyèl kont Prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl la, Yves « Dadou » Jean-Bart. Se @amyexume ansanm ak @irvikafrancois ki fè tradiksyon sa.
Gen nouvo akizasyon abi seksyèl sou Yves Jean-Bart
FAF di deklarasyon sa yo « san fonnman » epi yo pral deklare YJB «inosan»
Yon dosye esklizif Ed Aarons, Romain Molina ak Alex Cizmic pote pou ou
Plizyè moun Yves Jean-Bart (YJB), prezidan Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FAF), ta abize seksyèlman di yo resevwa menas lanmò depi lè akizasyon sou do li yo te pran lari.
Journal The Guardian aprann tou gen nouvo akizasyon lòt prezime viktim abi seksyèl fè. Otorite Ayiti louvri yon ankèt pou fè limyè sou akizasyon sa yo.
YJB, nou konnen sou non Dadou, rejete avèk fòs akizasyon jounal The Guardian te rapòte mwa pase a. Akizasyon sa yo di ke, pandan 5 lanne ki sot pase yo, li fòse plizyè jwèz Sant Teknik Nasyonal ki Kwadèboukè a gen rapò seksyèl avèk li. Li di deklarasyon sa yo fè Pati yon konplo pou retire l nan tèt FAF lan.
Plizyè nan prezime viktim yo di yo resevwa menas apre yo pibliye akizasyon yo. Pami yo, yon ansyen jwèz k ap viv nan peyi etranje di li te oblije chanje kay prese prese paske «li jwenn mwen».
« Yon chimè rele nou» yon lòt prezime viktim deklare. Konsa « si nou pale, yo konnen kote monnonk nou, matant nou, kouzen nou ye. »
Yon ansyen antrenè ki te travay nan sant lan di: «Yo fòse kèk jwèz di bon bagay sou prezidan an, sinon y ap atake fanmi yo k ap viv Ayiti.»
Depi lè yo pibliye akizasyon yo, yon jwèz ekip nasyonal lan di YJB te eseye fè kadejak sou li epi tou YJB ta ansent kèk medam nan ekip li a.
Li di « Dadou se yon kriminèl. M se youn nan viktim li yo. Mwen pè anpil. Si li konnen mwen pale avèk nou… Mwen viv yon kochma, yon veritab kòchma.»
Jwèz la ajoute: « Li eseye fè kadejak sou mwen pandan m te nan sant lan. Li te kouche ak kèk nan zanmi m yo. Gen nan medam yo ki fè pitit pou li. Bagay yo pa fasil ditou pou nou nan sant lan… Epitou, se pa abi seksyèl sèlman. Gen abi moral, abi ekonomik. Tout bagay. Nèg sa a detwi lavi m. »
Anpil ansyen jwè ekip nasyonal jwè ki pi gran yo te deklare , nan lane 2008, YJB te degaje l pou yon timoun 17 lanne, ki te gen manman l k ap travay nan sant lan, akonpaye l Trinidad ak Tobago pou gade yon match.
« Nan sant lan, te gen anpil moun k ap prepare manje. Pami yo, te gen yon madanm ki te gen yon pitit fi ki te konn vin wè li lè li soti lekòl », youn nan jwè yo di. « Yon jou, Dadou wè ti jèn fi a. Lè nou pran avyon pou nou ale Trinidad ak Tobago, manman an ak pitit la te nan delegasyon an. Nou te sezi. Li ba yo viza epi yo te desann nan yon gwo lotèl 4 etwal, pandanstan nou te nan yon motèl. Anpil nan jwè yo te sispèk li t ap eseye kouche l. »
YJB di li « gen dwa pa reponn » akizasyon ki di kèk nan medam nan sant antrènman nasyonal la fè pitit pou li.
Yon pòtpawòl FAF di akizasyon yo san fondman; li ajoute akizasyon yo se yon tantativ « pou denigre prezidan nou an, pou sal Federasyon Ayisyèn Foutbòl la, epitou The Guardian ap tou pwofite degrade epi sal imaj peyi nou. Se yon wonte dèske The Guardian pèsiste repete akizasyon anonim ki gen pou objektif sal repitasyon epi atake pèsonalite yon nèg ki konsakre vi li nan ede jèn jwè ak jwèz ayisyen reyisi lavi yo. Doktè Jean-Bart ak federasyon an ap tann pou yo lave non ni.
Gwoup dwa moun nan peyi Ayiti mande pou yo ta mete YJB an disponibilite nan FAF la pandan Brigad Pwoteksyon Minè — yon inite espesyal nan Polis Nasyonal la ke Nasyonzini ak UNICEF finanse — ap fè ankèt sou dosye a. YJB te fè yon chita pale ak komisè gouvènman an semèn pase; yo te mande l tounen nan 15 jou. Moun k ap sipòte prezime viktim yo te fè yon sitin devan kote rankont lan te pase a.
Yon manifestan te kenbe yon pannkat an kreyòl ki te make « n ap mande jistis », pandan YJB t ap rankontre ak komisè gouvènman an semenn pase a.
Plizyè viktim prezime sa yo ap planifye pou yo rapousuiv YJB nan yon pwosè sivil gras ak èd yon fim kanadyen avoka ki ap akonpaye yo nan pwosesis la
Patrice Florvilus yon avoka Ayisyen ki se direktè egzekitif Defans Moun ki Oprime, yon òganizasyon defans dwa moun deklare « Li nesesè pou limyen tanmen sou dosye sa a »
«Fòk Jean-Bart demisyone oswa pou yo mete l an disponibilite yon jan pou pwosesis yo ka tanmen, sitou pou fanm sila yo ki gwo laperèz. Se pou sa n ap mete an plas yon estrateji legal konplè pou pèmèt medam yo temwaye »
Jean-Bart declare li inosan nan entèvyou li bay laprès, tankou nan entèvyou li baya jan laprès Franse AFP kote yo te poze l keksyon sou yon videyo ki t ap sikile kote men ni te sou zepòl yon jèn jwèz pandan yo entèvyou 7 minit ki te pibliye pa FAF an 2016. Li di manyen li t ap manyen tifi a pat anyen paske se te « yon jès inosan ki te demontre afeksyon yon papa ka genyen »
«Sèlman atlèt ka konprann sa» li te ajoute.
Lè estasyon radio Ayisyen Magik9 mande Jean-Bart si se vre li fè pitit ak kèk ansyen jwèz ki pase nan sant la, li te reponn : «Se tout dwa m pou mwen pa reponn»
Youn nan viktim prezime yo afime plizyè tifi nan sant lan epi ki te nan AS Tigresses – Klèb prezidan FAF te fonde nan lane 1972 la – te fè pitit pou Jean-Bart. «Kèk nan manman sa yo te minè, » li te ajoute.
Yon lòt manifestasyon li menm pou bay Jean-Bart jarèt te òganize nan Sant Kwadebouke de jou apre atik the Guardian nan te pibliye. Pierre-Richard Midy, yon jounalis Ayisyen k ap viv nan ekzil epi ki te mennen ankèt sou kèk dosye akizasyon abi seksyèl nan peyi li sòti a (Ayiti), panse manifestasyon sa demontre a klè kalite enflyans prezidan an genyen. «li mobilize timoun yo – sa choke opinyon piblik, » li di.
FIFA, enstans ki gouvènen Foutbòl, te anonse komite etik li te deziyen yon «panèl ad hoc » pou mennen ankèt. Kòd etik Fifa a pèmèt li pou enpoze sanksyon tanporè tankou sispansyon 90 jou pou ka « asire rezilta ankèt yo pa sibi okenn enflyans oswa lè gen yon vyolasyon kòd la sanble ta rive epi pa te gen okenn dezisyon ki te pran pou te kwape li sèk byen bonè ».
Minky Worden, ki sipèvize travay Obsèvatwa Dwa Moun sou keksyon kote espò makonnen ak dwa moun, tankou konsolide dwa moun nan espò ak federasyon espò yo, te mande enstans k ap gouvènen foutbòl pou prese prese li ta mete Jean-Bart an disponibilite lakòz akizasyon ki di li ta ap menase viktim prezime yo.
«Si byen vit yo ta retire prezidan federasyon Ayiti a nan pòs li pandan gen ankèt k ap fèt sou akizasyon sa yo, sa t ap vle di Fifa t ap montre entansyon ni pou pwoteje jèn atlèt yo, » li deklare. «Ak menas yo di ki deja ap fèt, Fifa gen responsabilite pou li limite kapisite sila yo ki nan pozisyon pouvwa pou entimide oswa fòse moun ki ap akize fè silans».