Nan yon mwa, jou pou jou, sa ap fè de lane depi kriminèl rape Saahmie nan men nou. Yo nan prizon men mwen kòmanse pèdi espwa yon jou y ap jije pou jistis reprann dwa li anfen. Pakè a ap konsantre sou lòt koze, pou jan pye l mare ak yon minis jisitis yo akize... Lire la Suite →
Gen 26 lane de sa, yon bèl rèv te detwi
Se te yon fwa yon pèp ki te gen nan listwa l anpil gwo viktwa ki fini sou gwo desepsyon. Viktwa kont lesklavaj nwa ki fini sou zak lasasinay yon anpèrè ki te vle sila yo papa yo an Afrik jwenn yon bagay tou. Viktwa kont kolonizasyon ki debouche sou pèman yon dèt endepandans lan... Lire la Suite →
Papa l te vòlè yon poul
Lè l te rive nan Fondasyon an, li te bouke, kòmkidire li te nan yon kous ak lavi epi li pèdi. "Nou dwe ede m". Li di sa tankou yon dènye rèl. Men, kòm nou ret ap gade l... li pran pale: " tout bagay fini, yo di non. Yo pa vle tande m. Menm... Lire la Suite →
Se Blan ki fè avyon
"Dye s on blan". Nou di sa konsa, jis pou n ri, men se pa fin tout sa. Ekspresyon an, nou itilize l pou n montre lespri kreyativite blan an, jeni ki genyen lakay blan an, yon ras beni, kote Dye desann chak jou. Tout sa ki ekstraòdinè, tout sa kap koupe souf nou, tout... Lire la Suite →