17 fevriye 2019, Polis Nasyonal arete 7 mèsenè etranje pa lwen Bank santral. Yo di yo an misyon pou gouvènman an, e yo te gen yon pil zam sou yo. Kat jou apre Etazini « sove » yo. Kisa k te pase menm?
#PaFèSilans : Viktim prezime prezidan FAF la di yo resevwa menas lanmò
Atik sa suit premye atik nou te tradui sou akizasyon abi seksyèl kont Prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl la, Yves "Dadou" Jean-Bart. Se @amyexume ansanm ak @irvikafrancois ki fè tradiksyon sa. Gen nouvo akizasyon abi seksyèl sou Yves Jean-Bart FAF di deklarasyon sa yo "san fonnman" epi yo pral deklare YJB «inosan»Yon dosye esklizif Ed Aarons,... Lire la Suite →
Sant malere
« Ou pa konprann, Patricia, konsa kouzin papa m nan te di m. Anba Divalye, ou te pran sant malere a k ap pwoche lontan anvan li rive sou ou. Se de sant li wi m ap pale w. Yon sant ki di men mwen. Yon santò. Yon sant ki bay je fè mal. »... Lire la Suite →
Diri-jan klowòks
Maten an, bonè bonè, yon zanmi mwen, ki kontribye nan tèm Manje pwogram #AyitiNouVleA, voye mesaj detrès sila a ban mwen. Diskou Céant an se yon veritab katastwòf. Zafè pa mete taks sou diri a se li ki lage nou nan sa nou ye an. Epi kounye a nou pral sibvansyone li!!!! […] Nou pa... Lire la Suite →
Mache chèche pa janm dòmi san soupe*
Zafè lajan Petrocaribe a se petèt pi gwo krim finansye nan istwa nou. Sa ki nève nou plis pase plizyè milya dola ke 6 gouvènman — youn apre lòt — depanse san transparans lan se jan yo vòlè yon opòtinite devlòpman san parèy. Lè Ayiti te antre nan pwogram Petrocaribe a sa gen 12 lanne... Lire la Suite →
Vyolans sou fanm nan peyi Ayiti rive menm nivo ak peyi kote ki gen lagè
Nan lanne 1996, yon etid Centre Haïtien de Recherche et d’Action pour la Promotion Féminine (CHREPROF) te montre ke 80% gason ayisyen kwè ke gen bagay ki ka jistifye vyolans sou fanm, tankou lè yon fanm soti san li pa di mari l oswa lè yon fanm pa obeyi lòd mari l. Etid sila a,... Lire la Suite →
Nou te konnen byen pwòp!
Prezidan Repiblik la priye nou an gras, pou nou kwè li. Se nan pyèj yo pran li. Li pa t konnen si li menm ak madanm li te pral retwouve yo ap ri yon Ayisyèn k ap malmennen im nasyonal la ni ap remèt yon machin wouj tou nèf bay yon ti fi ki t... Lire la Suite →
Epoutan li te fè respè li wi
Premye fwa li te panse kite katye li, li te fèk sot pase 3 jou kay kèk zanmi li ki rete Dèlma. Li te gen yon djins nwa ak yon mayo ble; li pa t ka rantre lakay li. Jou maten sa a, avan li ale, li te panse ale ak kèk lòt rad. Bal... Lire la Suite →
Se yon biznismann, se pa yon politisyen
Jou ki te 12 janvye 2015, Bruce Vincent Rauner te vin 42zyèm gouvènè Eta Ilinwa. Li te pwomèt pou li retire Eta sila a nan men politisyen tradisyonèl yo ak tout moun ki gen ti enterè pa yo pou li mete enterè pèp la devan. Sit Entènèt kanpay li a pale de li tankou yon... Lire la Suite →
Si nou mal se fòt malere yo
Maten an, yo fè m wè yon tweet byen dwòl yon atis ayisyen, ki poutan toujou ap di li se yon malere menm jan ak sila li sot di ki aji san reflechi yo, sila ki sèl sa yo regle se pwodui ti vòlè epi kritike peyi a. Ak ti « blag » sa a, Mesye Zenny... Lire la Suite →