Au mois de novembre, j’ai eu le plaisir de participer au cinquième épisode de Koze Kilti Vyòl, un podcast de l’association Ayiti Nou Vle A, à propos de la culture du viol. Il m’a été rapporté que certain.e.s d’entre vous ont peur de l’écouter pour ne pas ébranler leur foi. Je me suis laissée dire que me lire – et donc m’écouter avec votre voix – est potentiellement moins taxant. J’ai donc résolu de vous retranscrire l’entrevue (sans les questions et quelques autres ajustements mineurs du même type). Je vous recommande toutefois vivement d’écouter – même après – l’épisode et tous les autres. Nous avons besoin d’enterrer Koze Kilti – l’émission défunte (?) de RFI – sur Spotify et ailleurs. L’épisode durant 3/4 d’heures environ, la transcription s’étendra sur 4 billets étendus sur 4 jours pour en faciliter la lecture – raison de plus pour écouter l’épisode directement et d’un seul coup. Bonne lecture !
Pati 1 : Chit fanm nan
Kretyen yo konnen yo sove, par le sang de Jésus. Yo sove paske Jezi te vini li mouri sou lakwa pou lave peche nou. Jezi ki te blije mouri pou, jan li di li nan Levanjil Toma – yon levanjil apokrif, sa ki fè kretyen yo ka rejte referans lan men imaj lan ekselant kidonk mwen m ap kenbe l – nan Levanjil Toma, Jezi di li vin mouri pou defèt zèv fanm lan.
Zèv fanm sa, nou jwenn li nan premye paj Labib yo, nan Jenèz. Bondye kreye latè ak tout sa k ladann, li kreye Adan, li kreye Èv; li ba yo yon bèl jaden pou yo viv. Nan mitan jaden an, gen yon pyebwa, pyebwa konesans ak lavi, Bondye di yo yo ka manje fwi tout pyebwa yo, sòf pyebwa sa; yo pa dwe janm touche l. Nou konn rès istwa a, Èv manje fwi a, li pote bay Adan manje tou, epi depi lè a pwoblèm vide sou nou. Nou tonbe nan peche, Bondye mete n deyò nan Paradi a, limanite chite.
Se pou sa Jezi te blije vin mouri sou yon kwa, gen plis pase 2000 lane de sa. Ebre, chapit 9, vèsè 22, eksplike n kijan se san Jezi sèl ki ta ka sove nou. M ap li pou nou.
Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t’ san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l’ menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l’ te ka delivre nou pou tout tan.
Kidonk Jezi te blije vin bay san l pou nou. Jezi te blije mouri pou san l ka lave tach sa – yo rele peche orijinèl – Èv te pase bay tout pitit li.
Listwa sa nou rejwenn li nan tout relijyon ki soti nan Abraham yo. Kay Kretyen yo jan nou sot wè l la men tou kay Mizilman ak Jwif yo. Touletwa gran relijyon Abraham yo gen menm istwa a. Bondye fè yon paradi mete lòm; li pran kòt lòm li fè fanm; fanm fè lòm chite.
Nan Jenèz chapit 3, vèsè 16, Bondye pini fanm pou sa:
Li di fanm lan. Lè w’ap fè pitit, m’ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w’ap akouche. W’ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.
Pinisyon sa gen 3 aspè fondamantal ki alimante kilti vyòl, nan jan li nòmalize e menm jistifye vyolans k ap fèt sou fanm:
- fè pitit vin pinisyon fanm pou dezobeyisans li; sa ki eksplike yon bon pati nan deba sou avòtman legal la; apre tou nou pa ka kite fanm chape anba pinisyon Bondye li menm mete sou li a…
- fanm kondane pou anvi gason; se pou sa lè l di non, se kapris ki nan kò l, enteresant l ap fè, pòz l ap pran, nan reyalite li toujou vle gason, se Bondye ki di sa.
- fanm kondane pou anba lòd gason; sandout paske li enpòtan pou evite fanm fè gason pran move desizyon; apre koze fwi sa, Bondye pa t vle pran ankenn risk, li mete gason chèf fanm, li fini.
Nan premye liv Koryentyen chapit 14, vèsè 34, nou rejwenn menm santiman sa apeprè, menm prekosyon pou evite fanm vin fè plis moun chite a.
fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo.
Vèsè 35 lan, fè l pi klè pou nou:
Si yo bezwen mande kichòy, y’a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a.
De dènye vèsè m sa yo se nan nouvo Testaman yo ye e yo esansyèlman di fanm pa gen dwa pale, fanm dwe fè silans… pandan n ap di pou fi #PaFèSilans. Yon lòt bagay ankò ; nouvo testaman an pa anile ansyen an, Jezi li menm raple nan Mat 5.17, li pa vin aboli lalwa, li vin akonpli l.
Men anvan nou kontinye ak labib m ta renmen nou fè yon ti bak pou nou tounen nan kòmansman. Anvan Labib. Anvan Lajenèz. Anvan Bondye ki nan Labib la. M ta renmen fè sa pou yon rezon senp. Paske, menmsi se relijyon kretyen yo nou plis konnen an Ayiti, kretyen pa gen monopòl mizojini.
Pou sa, m ta renmen pale de yon lòt chit. Pa lè gason chite nan Jaden Edèn, men lè fanm li menm chite kòm manman kreyasyon an, manman lavi … jiskaske, ata pouvwa fè pitit li, vin tounen yon pinisyon.
Nan tan lontan lontan, ant 800 ak 200 mil an konsa – kenbe nan tèt ou, istwa Labib yo nan 6 mil an konsa – Homo erectus itilize zouti li fèk kreye pou l ka dekoupe wòch yo pou l skilte yon fanm ansent. Estati sa rele Venis Berekat Rham, paske se nan zòn sa, nan Plato Golan nan Palestin, yo te dekouvri l. Li se youn pami plizyè estati konsa moun ki t ap viv nan peryòd paleyolitik e menm apre te konn fè pou selebre fètilite. Dayè jiskounye nou gen tandans kontinye wè latè, oubyen menm peyi dAyiti kote n ap viv la, tankou manman nou. Se nòmal, se manman ki bay lavi; se yo ki depi nan vant ap nouri nou, li fè sans pou n asosye yo ak lavi, ak tout sa ki bon.
Nan liv jenèz pa Babilonyen yo, ki rele Enuma Elish – sa ki vle di epope kreyasyon an – nou jwenn deyès Tiamat ki non sèlman akouche tout lòt dye yo men ki kreye latè tou. Nou rejwenn menm deyès fètilite sa yo sou tout kontinan. An Afrik, genyen Ala kay Igbo yo, Asase Ya kay Ashanti yo oubyen Mbaba Mwana Waresa kay Zoulou yo. An Ewòp, nou jwenn Anahit kay Amenyen yo, Brijit kay Ilandè yo, Freyja nan mitoloji jèmanik e sa san konte tout deyès miltoji grèk, latin ak nòdik yo; nan Amerik Latin, nan Azi, nan Ostrali … chaje tout kalte deyès ki te konn selebre; bò lakay nou tou, menm si se pa deyès, nou gen lwa fanm ki pisan, Èzili pa egzanp.
Menm jan an tou, nou jwenn Deyès ki renye ak lòt Dye, tankou mari ak madanm, egal ego. Tankou Achera ak Yave, anvan jalouzi pran msye epi li fè detwi tout estati Achera yo nan Detewonòm, chapit 12 vèsè 34:
Se pou nou demoli tout lòtèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò
Èske sa la chit fanm nan kòmanse? Petèt. Sa ki sèten, nan premye chapit Jenèz, soti vèsè 26 rive vèsè 28, lè Bondye fèk kreye moun, li kreye yo gason ak fi, ansanm, pòtre ak li, egal ego. Nou pa konn sa k pase ant Jenèz chapit 1 ak Jenèz chapit 2 ki fè van an vire, fanm soti nan kòt gason epi gason bay fanm non menm jan l fè sa pou tout lòt bagay ki nan jaden an – nan tan sa yo bay yon bagay non te vle di li se te pwopriyete w. An gwo gason vin plase sou tèt fanm. Kòm Labib pa di n – sòfsi nou konte jalouzi Yave kont Achera a – se nan mitoloji grèk nou ka petèt jwenn yon repons.
Vous pouvez écouter tous les épisodes de Koze Kilti Vyòl, ici.
