Accéder au contenu principal

#PaFèSilans – Pawòl bondye ki ankouraje vyòl – Pati 4: Valè fanm

Ce billet fait partie d’une série retranscrivant un épisode du podcast Koze Kilti Vyòl, retrouvez les parties précédentes en cliquant sur le lien correspondant:


Pati 4: Valè fanm

M konn yon sèl istwa nan Labib kote kadejak ki fèt sou yon fanm te kreye gwo eskandal epi tout moun te kanpe pou defann viktim lan. Li nan Jenèz chapit 24.

Se istwa Dena, pitit Jakòb ak Leya a. Pandan Dena al vizite medam peyi a – kidonk nan yon sans li te chèche l – Sichèm, pitit chèf kanton an, mete men sou li, fè kadejak sou li. Sichèm tonbe damou, li lage nan fè womans epi menm jan yo mande l nan Detewonòm lan, li mande maryaj. Sichèm pa t Jwif; frè Dena yo estime li dezonore sè yo; yo touye Sichèm ak tout papa l Aram, yo piye vil la byen piye, yo pran richès, yo fè tout pitit ak tout medam yo prizonye … Men, ankò yon fwa, pwoblèm nan pa t kadejak la; se paske Sichèm te yon etranje. 

Kijan nou konn sa? Nan Resansman chapit 25, lè sitiyasyon an envèse epi se mesye Izrayèl yo ki al kouche ak fi Madyanit yo – ki nan tradisyon Delila, Jezabèl ak tout lòt pitit Èv yo, te sedui malere yo – pou sove yo anba anjans sa, Bondye te bay Moyiz lòd pase Madyanit yo alenfinitif. N ap pwofite note, nan Resansman chapit 31, soti v 15 rive v 18, apre Moyiz fin vanje Izrayèl, li bay lame li lòd touye tout gason epi kenbe fi ki vyèj yo pou yo; sa ki se yon lisans li ba yo pou fè kadejak sou tout medam sa yo.

Kidonk, boutofen, kadejak nan Labib la pa yon big deal; menm jan fanm pa yon big deal. Dayè Resansman kòmanse ak lòd Bondye bay Moyiz pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la. Men kijan l te di sa nan Resansman chapit 1, vèsè 2:

Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W’a pran non tout gason, yonn apre lòt.

Fi ak timoun pa t ladann. Tradisyon an tou rete. Chak fwa yo konte moun nan Labib la, yo toujou ajoute: san konte fanm ak timoun. Apre sa, li pa difisil pou konprann pouki an Ayiti, peyi konkòdatè, nou blije tann ane 1982 pou lalwa sispann konsidere fanm tankou yon minè.

Jan m wè li, labib la se plis yon pretèks. Apre tou, menm kote k pa t gen labib, nou konstate gen menm efò jistifkasyon dominasyon gason sou fanm yo. Mwen rete kwè, ofinal, se moun yo ki kreye Bondye nan imaj yo. Se pa Bondye ki mizojin, se mizojini ki sèvi ak Bondye, ki tounen Bondye, pou òganize dominasyon gason sou fi. Se pou sa, nan menm Labib nou jwenn tout sa nou sot di pandan emisyon sa, nou jwenn tou Jezi ki anpeche lapidasyon fanm adiltè a, pandan l ap akonpli lalwa. M panse s on bèl egzanp ki montre nivo ajansman ki egziste nan kijan moun deside suiv sa labib di:

Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou?
Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.

Jan, chapit 8, vèsè 10 a 12.

Vous pouvez écouter tous les épisodes de Koze Kilti Vyòl, ici.

Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl Koze Kilti Vyòl

Robert-Joseph Pothier se te yon moniman nan doktrin dwa Lafrans. Travay li te enspire anpil jiris nan lòt peyi tankou Etazini menm jan ak nan peyi pa li, Lafrans. Moun ki te ekri Kòd Napoleyon yo – ki te baz kòd sivil pa nou an Ayiti – te baze yo anpil sou travay li. Nan travay sa te genyen yon Traité du contrat de mariage et des droits respectifs des époux – pibliye an 1771 – ki eksplike kijan moun marye dwe aji youn ak lòt: Se pou fanm pran pasyans devan movèz mannyè mari li, menm si l ap maltrete l, se yon kwa Bondye voye ba li pou ekspedye peche l. Nan senkyèm epizòd la sou pawòl labib ki ankouraje kilti vyòl nou te wè kijan efektivman, nan Lajenèz Bondye te kondane fanm pou soufri anba men mari l e kòm nou te wè tou kijan relijyon enfliyanse tout lòt kalte domèn sa pa etone n. Jiskounye, nan Legliz yo, nan kominote nou yo, nou kontinye ap ankouraje madanm fè pwofil ba, rete ak mari yo, nan nenpòt ki kondisyon. Lakay yon moun ta dwe yon espas kote l ka viv an pè ak fanmi l, ak moun ki renmen l. Yon espas kote tèt li ta dwe repoze men, souvan, pou medam ak tifi yo sitou, se yon espas kote soufrans lan dotanplis di, li kache dèyè mi. Dapre yon ankèt Haïti Priorise sou vyolans konjigal, chak ane, gen anviwon 273 200 fanm ki soufri vyolans fizik oubyen seksyèl grav, an Ayiti. Pami fanm sa yo, gen madanm, gen pitit fi, men tou gen sèvant ak restavèk. Vyolans anndan kay se yon bagay ki andemik, nou tout konnen li la men nou souvan fèmen je sou li. Youn nan fason nou fè sa se nan langaj nou, fason nou banalize sa ki fèt la: yon mari gen relasyon ak madanm li san konsantman madanm nan, se pa kadejak, se devwa madanm lan. mèt kay gen relasyon ak yon sèvant sou menas pèdi dyòb li, se pa kadejak, se sèvant ki pa bon; madan marye yo dwe fè atansyon pou chwazi sèvant ki pa “bèl” pou mari yo pa tante. pitit kay gen relasyon ak yon tifi restavèk li menase fè voye ale, se paske s on ti chòrèt pou n ta voye tounen al pase mizè kay manman l an pwovens Nou gen tout kalte jistifikasyon pou refize mete blam sou do moun ki komèt enjistis la, moun ki fè kadejak la, pandan nou pa ezite blame viktim lan jouk li konprann aklè li non sèlman pa gen dwa men li sitou pa gen enterè plenyen. Se sou aspè sa kote fason nou pale, ankouraje vyolans k ap fèt anndan kay, envite nou, Donia Luc pral pale ak nou. Nan peryòd fen dane sa kote fanmi yo pral retwouve yo ansanm, kote tonton ki te konn ap manyen nyès li lè l te piti, mari k ap bat madanm, bòpè ki fè kadejak sou bofis, pral retwouve yo tout sou menm tab la, nan peryòd fen dane sa, se moman pou n deside #PaFèSilans. *** Patisipe nan konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e10
  1. Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl
  2. Pawòl komedi ki banalize vyòl
  3. Pawòl nan sinema ki ankouraje kilti vyòl
  4. Pawòl nan mizik ki banalize vyòl
  5. Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl

Patricia Camilien Tout afficher

How about we let the writing do the talking?

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :