Accéder au contenu principal

#PaFèSilans – Pawòl bondye ki ankouraje vyòl -Pati 2: Yon kwayans ki depase relijyon

Ce billet fait partie d’une série retranscrivant un épisode du podcast Koze Kilti Vyòl, retrouvez la partie précédentes en cliquant sur le lien ci-dessous:


Pati 2: Yon kwayans ki depase relijyon

Nan Les Euménides, ki se twazyèm volim nan l’Orestie – yon istwa Eschyle, youn nan twa gwo otè trajedi grèk ki pi ansyen yo, te ekri – nou asiste yon pwosè fondamantal. Pwosè Manman an. Oreste devan tribinal paske l tiye manman l, men olye se Oreste k ap jije, se manman li touye a ki devan jij. Oreste touye manman l pou l vanje papa l. Jij yo a egalite; yo rele deyès Atena pou l pran desizyon final la; li deklare manman an koupab; yo libere Oreste. Rezon an senp. Atena pa t janm gen manman – se nan tèt papa l li te sòti – kidonk li pa t wè enpòtans manman. An reyalite, se paske Zeus te vale madanm li Métis ki fè Atena fèt san manman, men Atena pa t konn sa. Atena pa t gen manman, li deside manman pa enpòtan; kidonk touye l pa yon krim.

Se Apolon, bondye tout sa ki bèl, bèl gason devan Letenèl, ki konsakre chanjman sa,  fini ak koze manman sakre a. Li tabli lwa patriyaka konsa:

Se pa manman ki fè moun yo rele pitit gason l lan; li se nouris jèm gason. Se moun ki aji ki bay lavi. Manman an resevwa jèm nan, li konsève l, si bondye yo vle. Prèv lan klè, yon moun ka fèt san manman. Atena fèt san manman. Li pa t blije viv nan fènwa yon matris.

A pati moman sa, fanm vin jis yon reseptak. Lasyans pral rapidman suiv pou ede òganize nouvo pozisyon sa. Aristòt, Galien ak Ipokrat – wi, menm Ipokrat nou itilize jodi a toujou pou sèman medsen yo kit se fi kit se gason – mesye sa yo deside fanm se yon teren kote gason plante grenn bwa ki pou donnen timoun nan. Se pou sa se fanm ki konsidere esteril – oubyen ki pa fè pitit gason; sa ki prèske vle di menm bagay – sa vle di teren yo pa bon. Mesye sa yo te dekri fanm tankou yon debil, yon bagay frajil ak yon matris k ap kouri tout kote, sa ki rann li toujou sou sa – dezyèm pinisyon Èv la – sa ki fè li son danje epi ki rann li isterik. Mo isterik la dayè fe referans ak matris fanm; yon matris k ap ganbade tout kote tankou yon bèt sovaj ki bezwen yo donte l; se pou sa medsen yo te konn itilize esans terebantin pou rale matris lan desann nan plas li epi kalme medam yo. 

Se pa sèlman medsen; filozòf, teyolojyen, syantifik, tout moun te dakò sou koze sa: fanm s on moun ki pa fin yès, ki manke yon bagay, ki g on defisyans. Pa egzanp, se nan sezyèm syèk nou resi aksepte anatomi fanm nòmal menm jan ak gason; dayè nan menm moman sa, papa anatomi modèn lan, André Vésale t ap eksplike klitoris pa ka egziste paske kòm fi se envès gason e pa gen yon twou nan kò gason pou koresponn ak klitoris, yon fanm ki gen klitoris se yon fanm ki defòme.

Lamedsin an reta anpil sou kò fanm. Jiskounye rechèch k ap fèt souvan fèt sou gason epi yo ekstrapole l sou fi. An 2015, nan yon atik yo pibliye nan Revue Médicale Suisse, Mélisa Mathilde Potterat, ak twa lòt kòlèg li, te analize etid klinik ki te fèt nan monn lan sou yon ane. Alòske 49.6% popilasyon mondyal la se fanm, yo te reprezante sèlman 38% nan etid lajan piblik te finanse pou medsin entèn an 2009. Konsekans yo enpòtan paske biyoloji fanm pa menm ak biyoloji gason. Nou pa absòbe sibstans menm jan, distribisyon pa fèt menm jan, metabolism nou diferan. Sa ki lakòz pa egzanp kèk maladi yo konsidere tankou maladi gason ap touye fi san n pa konnen. Maladi kadyak pa egzanp. 51% moun ki mouri ak maladi kadyak se fanm alòske yo 30% sèlman nan etid klinik yo. Sa vin fè  nou pa byen konnen sentòm kriz kadyak kay fanm yo. N ap tann yon gwo kranp ak men sou lestomak jan n konn wè gason nan fim ap fè kriz kadyak. Fanm diferan: yo esoufle, yo gen noze, vomisman ,doulè nan do, nan kou, nan machwa, nan gòj… Menm lè yo santi doulè nan lestomak yo, se pa kout ponya gason konn santi a; se plis yon presyon, yon sansasyon tirayman … Apre tou, se nan kòt gason fi soti, sa k mache pou gason ta dwe mache pou li. Paske se sa ki fondamantal nan relijyon an. Li souvan enfliyanse tout lòt aspè lavi nou nan sosyete a.

Nan syans politik, depi kòmansman ane 90 yo, nou konstate yon devlòpman depatman Relijyon ak Politik nan inivèsite yo. Chanjman sa fèt nan siyaj sa nou rele retou Bondye nan espas piblik la ki ta pral vin kristalize l li ak atanta 11 septanm 2001 an.

Gen 4 eleman nan relijyon nou konsidere pou n konprann enpak politik li:

  • Plas Bondye nan espas piblik la
  • Kijan senbòl sakre yo defini sa ki reyèl
  • Kijan istwa sakre yo konekte pase, prezan ak fiti
  • Kijan kominote kwayan yo aji ansanm

Genyen yon korelasyon ki fò anpil ant kote Kilti Vyòl la pi fò – fanm trete tankou byen prive gason, viktim kadejak sibi pèn de mò, elt. – ak nivo prezans Bondye nan espas piblik la. Konsta sa fèt nan letan tankou nan lespas. Nan ka sa yo, politik – epi lalwa – souvan suiv pou enstitisyonalize dominasyon gason sou fi. Konsa, depi yon moun ta vle leve kont yo, lamoral ak lajistis aji pou remete moun sa nan plas li. Se pou sa li nesesè pou n pale sou wòl relijyon jwe nan kilti vyòl, pa sèlman an Ayiti, men nan mond lan. Paske se pa espas relijye sèlman li afekte, se tout kote.

Pa egzanp, lakòz tout koze sa yo, se an 2015 sèlman nou resi modelize yon klitoris alòske mwatye moun nan mond lan gen youn. Dayè malgre klitoris s on bagay ki kanpe dwat devan moun, anpil gason pa menm konnen kote l ye e anpil fanm inyore l. Sèl grenn ògàn nan kò moun ki fèt pou plezi, nou inyore l, paske, yon jou, gason te deside fanm egziste sèlman pou plezi yo epi pou yo plante pitit yo ladann.

Pou n tounen sou Bondye Labib la, depi Èv fin lage nou nan peche a, se depi nan vant enferyorite fanm kòmanse tabli. Nan Levitik, chapit 12, v3 ak 5, Bondye di pèp Izrayèl la:

Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p’ap nan kondisyon pou l’ fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li
Sou wityèm jou a, y’a sikonsi pitit la.
Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l’a fè sèvis pou san li pèdi a.


Li kontinye pou ajoute:

Si se yon tifi li fè, li p’ap nan kondisyon pou l’ fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l’ pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a.


Kidonk tifi a fè manman l rete lwen Bondye de fwa plis pase ti gason. Pou n byen konte pinisyon yo, fanm nan soufri nan akouchman; li dwe fè 7 jou anvan l tounen nan tanp la, menm jan ak lè li gen règ li, paske li sal. Apre sa, li dwe fè 33 jou ap pirifye kò li. Men, si se yon tifi, tout delè sa yo double.

Se menm lojik la, nou jwenn nan Levitik chapit 27, v 2 rive vèsè 7 kote genyen lis pri ki tabli pou moun ki pran angajman ofri yon moun bay Seyè a ki ta deside bay lajan nan plas moun lan pito.

  • 5 pyès ajan pou ti gason ant yon mwa ak 5 lane; 3 pou tifi menm laj la.
  • 60 pyès ajan pou gason ant 20 ak 60 lane; 30 pou fanm menm laj la.

Jida te touche 30 pyès ajan pou sakrifis Jezi, nou va deside pran sa jan n vle.


Vous pouvez écouter tous les épisodes du podcast ici:

Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl Koze Kilti Vyòl

Robert-Joseph Pothier se te yon moniman nan doktrin dwa Lafrans. Travay li te enspire anpil jiris nan lòt peyi tankou Etazini menm jan ak nan peyi pa li, Lafrans. Moun ki te ekri Kòd Napoleyon yo – ki te baz kòd sivil pa nou an Ayiti – te baze yo anpil sou travay li. Nan travay sa te genyen yon Traité du contrat de mariage et des droits respectifs des époux – pibliye an 1771 – ki eksplike kijan moun marye dwe aji youn ak lòt: Se pou fanm pran pasyans devan movèz mannyè mari li, menm si l ap maltrete l, se yon kwa Bondye voye ba li pou ekspedye peche l. Nan senkyèm epizòd la sou pawòl labib ki ankouraje kilti vyòl nou te wè kijan efektivman, nan Lajenèz Bondye te kondane fanm pou soufri anba men mari l e kòm nou te wè tou kijan relijyon enfliyanse tout lòt kalte domèn sa pa etone n. Jiskounye, nan Legliz yo, nan kominote nou yo, nou kontinye ap ankouraje madanm fè pwofil ba, rete ak mari yo, nan nenpòt ki kondisyon. Lakay yon moun ta dwe yon espas kote l ka viv an pè ak fanmi l, ak moun ki renmen l. Yon espas kote tèt li ta dwe repoze men, souvan, pou medam ak tifi yo sitou, se yon espas kote soufrans lan dotanplis di, li kache dèyè mi. Dapre yon ankèt Haïti Priorise sou vyolans konjigal, chak ane, gen anviwon 273 200 fanm ki soufri vyolans fizik oubyen seksyèl grav, an Ayiti. Pami fanm sa yo, gen madanm, gen pitit fi, men tou gen sèvant ak restavèk. Vyolans anndan kay se yon bagay ki andemik, nou tout konnen li la men nou souvan fèmen je sou li. Youn nan fason nou fè sa se nan langaj nou, fason nou banalize sa ki fèt la: yon mari gen relasyon ak madanm li san konsantman madanm nan, se pa kadejak, se devwa madanm lan. mèt kay gen relasyon ak yon sèvant sou menas pèdi dyòb li, se pa kadejak, se sèvant ki pa bon; madan marye yo dwe fè atansyon pou chwazi sèvant ki pa “bèl” pou mari yo pa tante. pitit kay gen relasyon ak yon tifi restavèk li menase fè voye ale, se paske s on ti chòrèt pou n ta voye tounen al pase mizè kay manman l an pwovens Nou gen tout kalte jistifikasyon pou refize mete blam sou do moun ki komèt enjistis la, moun ki fè kadejak la, pandan nou pa ezite blame viktim lan jouk li konprann aklè li non sèlman pa gen dwa men li sitou pa gen enterè plenyen. Se sou aspè sa kote fason nou pale, ankouraje vyolans k ap fèt anndan kay, envite nou, Donia Luc pral pale ak nou. Nan peryòd fen dane sa kote fanmi yo pral retwouve yo ansanm, kote tonton ki te konn ap manyen nyès li lè l te piti, mari k ap bat madanm, bòpè ki fè kadejak sou bofis, pral retwouve yo tout sou menm tab la, nan peryòd fen dane sa, se moman pou n deside #PaFèSilans. *** Patisipe nan konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e10
  1. Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl
  2. Pawòl komedi ki banalize vyòl
  3. Pawòl nan sinema ki ankouraje kilti vyòl
  4. Pawòl nan mizik ki banalize vyòl
  5. Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl

Patricia Camilien Tout afficher

How about we let the writing do the talking?

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :