fbpx
Accéder au contenu principal

#PaFèSilans – Pawòl bondye ki ankouraje vyòl – Pati 3: Kadejak nan Labib

Ce billet fait partie d’une série retranscrivant un épisode du podcast Koze Kilti Vyòl, retrouvez les parties précédentes en cliquant sur le lien correspondant:


Pati 3: Kadejak nan Labib

Nou pale ansanm de kijan istwa nan bib la alimante kilti vyòl nan:

  • blame viktim lan, non sèlman se fanm ki lakòz peche, fanm kondane pou l toujou sou sa epi obeyi gason 
  • banalize, tolere agresyon seksyèl, Lòt ki jis bay pitit fi l yo nan plas zanj yo men tou pitit fi l yo jis dwoge papa yo, san pa gen ankenn kondanasyon zak la 
  • defini gason tankou chèf k ap pase lòd epi fi tankou sibaltèn ki sou zòd gason
  • defini fanm tankou yon moun ki enferyè ak gason

Kounyeya, lè a rive pou n pale sou kisa lalwa bondye a di sou kijan pou n trete zak kadejak la. Pou sa, nou prale nan Detewonòm chapit 22, soti vèsè 23 rive 29 ki ap eksplike ki lè pou yo pa lapide – sa vle di touye ak wòch – yon jenn fi yo jwenn k ap fè bagay ak yon moun li pa marye ak li. N ap gad tout 7 vèsè yo pou etabli kontèks la:

Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l’ nan yon lavil, li kouche avè l’ epi moun bare yo, n’a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou.

Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou.

Men si se andeyò lwen kay moun nèg la te kontre ak jenn fi fiyanse a, epi li kenbe l’, li kouche avè l’, se nèg la sèlman ki pou mouri.

Yo pa gen dwa fè jenn fi a anyen, paske li pa fè anyen la a pou li ta merite lanmò. Se menm jan si se te yon nonm ki atake yon lòt epi li touye l’.

Nèg la te kontre avè l’ andeyò lwen kay. Jenn fi a te ka rele, men pa t’ gen pesonn pou pote l’ sekou.

Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l’, ki poko fiyanse, epi li kenbe l’, li fòse l’ kouche avè l’, si yo bare yo nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l’ bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l’ kouche avè l’. Li p’ap janm ka divòse avè l’ jouk li mouri.

Li klè nan istwa sa, labib rekonèt kadejak tankou yon move bagay. Pinisyon l se lanmò; lwa talyon an se je pou je, lanmò pou lanmò; kalte pinisyon sa vle di kadejak la konparab la ak yon zak asasinay e defèt vèsè a di klèman se tankou yon gason ta touye yon lòt gason. Men premye bagay ki retni atansyon, se kijan kadejak la defini epi sitou tout kondisyon ki dwe reyini pou viktim lan konsidere tankou yon viktim ki dayè dwe tifi.

  • Si l fiyanse, fòk li rele anmwe mande sekou pou moun tande l vin delivre l; sinon se paske l te vle sa, rizèz ki nan kò l. Lapide l ak tout nonm ki “kontre” ak li a. Si l andeyò, moun pa t ka tande l, se pa fòt li. Se mesye a sèl ki pou mouri.
  • Si l kay papa l toujou, li poko fiyanse, epi yo bare nonm ki “kontre” ak li a; l ap blije rete marye tout lavi l ak moun ki fè kadejak sou li a pandan kadejakè a ap bay papa a 50 pyès ajan pou dedomaje l pou byen sa li pèdi a.

Yon lòt bagay ki grav ankò se fason, nan tout diskisyon sa se pa kadejak la ki pwoblèm nan, se sèks anvan maryaj. Se pou sa lè tèks la asime fanm nan bay konsantman l, pinisyon l se lanmò; lè tèks la admèt kadejak la, pinisyon kadejakè a se marye l oblije marye ak viktim lan, san l pa janm ka divòse ak li jouk li mouri. Sèl lè kadejakè a riske mouri se lè fanm nan fiyanse, sa vle di s on lòt gason ki te gen kondisyon pran vijinite l; se pou kalte pèmèt sa, kadejakè a mouri. Kijan n konn sa? Vèsè anvan yo, soti 12 rive 21, se sou mari ki ta vle kite madanm yo epi di lè yo te marye fi a pa t tifi; konsa paran yo ka montre dra maryaj la pou pwouve se pa vre.

An Ayiti, s on pratik nou te genyen – yo di m li la toujou kèk kote menmsi m pa gen chans verifye l mwen menm. Jou swa nòs la, paran fi a prepare bèl dra blan, mete sou kabann marye yo, pou demen maten yo ka leve l montre devan kominote a pou tout moun wè pitit fi yo te vyèj lè yo te marye l. Si pa gen san, yo vide kola rezen nan yon moso pen epi viv ak lawont yo. Natirèlman, pa gen ankenn bagay konsa ki prevwa pou teste vijinite gason an. M p ap menm rantre nan lefètke fè bagay pou premye fwa pa vle di san ap vide sou kabann; se pa yon bèf y ap kòche, men sa s on lòt deba.

Pou rann koze prezève vijinite pou mari a pi evidan toujou; vèsè 20 nan tèks la di jis lapide madan marye a nou fini. M ap li pou moun k ap koute n yo:

Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n’a wete bagay mal k’ap fèt nan mitan nou


Souzantandi; si l marye, kijan fè nèg jwenn li pou “kontre” avèk li. Oubyen petèt, menm jan sa ye na kèk zòn nan peyi a, li fin vann li fin achte, li pa tifi ankò, yo pa ka fè kadejak sou li. Pou moun sa yo, kadejak se bagay ki fèt sou fi ki tifi.

Sa tou ban m posibilite raple, nou genyen yon istwa kadejak ki fèt sou fanm ki pa tifi nan Bib la. Ou te kòmanse emisyon an, Alain, ak yon tantativ vyòl kolektif. Gen yon lòt kote nan Bib la istwa a prèske menm, sofke fwa sa, kadejak la fèt. Se nan Jij Chapit 19 ki rakonte kadejak ki fèt sou fanm kay yon moun Levi. Menm jan ak nan istwa Lòt la, abitan vil la vin mande yo ba yo vizitè pou yo fè kadejak, moun Levi a ki te vizitè a remèt yo fanm kay li a pito. Tout mesye yo pase sou li, ji solèy leve, yo kite l pou l mouri. Mari a pran kadav la, li mete l sou bourik li, l al lakay li. Lè l rive, li dekoupe kò a an douz moso, voye yon bout bay chak tribi Izrayèl yo. Sa te choke tout peyi aq ki te leve al pini vil Gibeya kote sa te fèt la.

Nan Texts of Terror, ki te pibliye an 1984, teyolojyèn feminis Phyllis Trible, analize sa k pase nan Jij chapit 19 la. Li raple, m ap tradui dirèkteman soti nan angle a, kidonk si kreyòl la pa fin yès nou va eskize m.

Mizojini egziste nan tout tan, nan peryòd pa nou an tou. Vyolans ak vanjans pa yon bagay tan lontan, anvan kretyen; yo la avèk nou, nan kominote eli a, jodi a. Jiskounye nou toujou wè fi tankou yon objè, yo kaptire, trayi, vyole, tòtire, touye, rache moso pa moso epi dispèse tout kote. Pou n pran ansyen istwa sa oserye, li enpòtan pou n admèt li s on reyalite toujou.


Yon lòt teyoljyèn feminis ki ekri sou banalizasyon vyolans sou fanm nan labib se Pamela Cooper-White, yon pretrès nan Legliz episkopal ki, nan lane 1995, te ekri The Cry of Tamar: Violence Against Women and the Church’s Response. Tamar se pitit fi wa David; demi-frè li, Amnon, fè kadejak sa sou li. Cooper-White ensiste pou raple se istwa viktim lan ki dwe enterese n pa kijan papa l David, frè l Absalon ak lòt frè li Amnon jere sitiyasyon an. Malerezman, nan istwa a, kadejak ki fèt sou Tamar la, imilyasyon li sibi lakòz sa, tout sa se pou sèvi pou jistifikasyon desizyon Absalon pran pita pou l touye Amnon.

Pou Cooper-White, istwa sa dwe sèvi pou Legliz la aprann nesesite pou yo sispann ak tandans padone moun ki komèt zak sa yo pandan viktim yo ap soufri. Dayè, te gen yon pati nan mouvman #MeToo denonsyasyon agresyon seksyèl yo ki te espesifikman sou agresyon kretyèn yo ap sibi nan Legliz yo ki yo menm kase fèy kouvri sa…


Vous pouvez écouter tous les épisodes du podcast ici:

Koze Kilti Vyòl – Epizòd 11 – Fò l di wi anvan Koze Kilti Vyòl

Souvan, konsantman prezante tankou yon bagay ki gen anpil zòn gri, men pa gen fwontyè flou nan konsantman: Si pa gen yon wi san kontrent, se non. Antanke sosyete, nou souvan pè pale de sèks e sa debouche tou sou koze konsantman an. Fi sitou gen difikilte pale de sa yo vle, sa yo pa vle nan sèks. Yon sèten moral piritèn ki prezante fanm tankou yon moun ki sibi ak seksyèl la fè yo pè eksprime sa ki ka fè yo plezi pou moun pa al panse se paske yo san moral, yo nan gason lontan, yo pase anpil nèg. Gen yon lide tou kòmkwa gason dwe batay pou kouche ak yon fi ki fè fi tankou gason panse yon bon fi s on fi ki rann sèks difisil pou w jwenn; sa ki mennen itilizasyon “kapris” reyèl ou pa kòm yon eskiz pou abi seksyèl sou fi. Nan dezyèm sezon Koze Kilti Vyòl, nou pral pale de aspè sa yo nan kilti vyòl la ansanm ak  kijan li kontribiye nan minimize kontwòl moun genyen sou kò yo, sou tèt yo. Pou nou ka byen abòde kesyon an, nou deside adopte definisyon ONU Femmes – yon òganizasyon nan NaysonZini ki okipe l de kesyon dwa fanm – bay pou konsantman. Genyen 5 karakteristik nou dwe chèche nan konsantman. Li dwe antouzyas: konsantman sa menm lè yo pa di l “non”, se yon “wi” toutbon l ap chèche lib: konsantman se pa twonpe, fòse, menase moun pou l di wi enfòme: moun nan dwe konnen sa l ap antre ladann pou l bay konsantman l; timoun pa ka bay granmoun konsantman; konsantman ak kapòt pa valab san kapòt, elt … espesifik: konsantman pou yon ak seksyèl nan yon moman done pa vle di konsantman pou tout ak sekyèl toutan. revèsib: konsantman pa la pou toutan, moun gen dwa chanje davi. Nan Koze Kilti Vyòl, pou fasilite n sonje chak karakteristik sa yo, nou kreye yon akwonim: RALEE. Nou di fòk konsantman an RALEE w sou moun lan. Kou epizòd sa fini, n ap poste sou sit entènet nou, nan kozekiltivyol.com, ansanm ak sou rezo sosyal yo, yon planch band desine ki ilistre sa pou nou. Nou envite nou sovgade l sou telefòn nou, oubyen lòt aparèy nou, pou pataje ak yon maksimòm moun. Nou ka agrandi l, enprime l, dekore lakay ak biwo nou tou. Nou pa janm konnen kilès enfòmasyon sa ka ede. Annatandan, ann fè yon ti rale sou RALEE a – R, A, L, E, E; kote nou pran chak premye lèt mo yo pou n ka sonje 5 karakteristik konsantman yo pi fasil; R pou revèsib; A pou antouzyas; L pou lib;  yon E pou enfòme; lòt E a pou espesifik. Li enpòtan pou n remake nou di konsantman dwe RALEE nou sou lòt la. Se pa nou k ralee lòt la sou nou; moun ki fè premye mouvman an; moun ki mande a; se li k toujou gen pou asire l lòt la, toujou sou sa; pandan tout dire relasyon an. Se moun ki mande asire l, relasyon an antouzyas, lib, enfòme. Se moun ki mande a ki pou asire l li pa depase limit espesifik akò li jwenn lan. Moun ki mande a pa dwe janm bliye, akò sa revèsib, moun lan gen dwa chanje lide. Pou lanse konvèsasyon, n ap akeyi Stéphanie Lamarre pou nou pale de enpòtans pozitivite nan sèks pou rive nan konsantman antouzyas n ap chèche a. Annatandan, nou pral wè ansanm diferan zouti n ap itilize pandan dezyèm sezon pòdkas la pou n ka fè konvèsasyon an vanse. Plis nan kozekiltivyol.com/s02e01
  1. Koze Kilti Vyòl – Epizòd 11 – Fò l di wi anvan
  2. Pawòl anndan kay ki ankouraje kilti vyòl
  3. Pawòl komedi ki banalize vyòl
  4. Pawòl nan sinema ki ankouraje kilti vyòl
  5. Pawòl nan mizik ki banalize vyòl

Patricia Camilien Tout afficher

How about we let the writing do the talking?

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :