Tèks sa se tradiksyon kreyòl yon atik ki soti an angle yè, 30 avril 2020, nan jounal The Guardian nan peyi Wayòm Ini. Nou pibliye li ak otorizasyon Romain Molina ki se youn nan otè atik la. Se Irvika Francois ki fè tradiksyon sa.
Prezidan Federasyon Foutbòl la gen akizasyon k ap peze sou tèt li pou di li abize seksyèlman jèn foutbolèz yo.
- Gen akizasyon abi seksyèl ki pote sou Yves Jean-Bart nan sant nasyonal la
- Jean-Bart deklare tout sa y ap akize li yo se manti
Prezidan Federasyon Ayisyen foutbòl nan gwo cho paske gen akizasyon ki pote pou di li ta abize jèn foutbolèz yo nan sant antrènman nasyonal peyi a.
Yves Jean-Bart, ki gen ti non jwèt epi tout moun konnen sou non “Dadou”, prezidan Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF) depi lane 2000, deklare akizasyon sila yo ki di li ta fose plizyè jèn nan sant teknik nasyonal la fè bagay ak li se manti. Sa yo repwoche l yo ta pase pandan 5 denyè lane sa yo.
Plent sa yo rive bò kote “the Guardian” atravè plizyè sous ki gen a wè ak sant la, e ki gen ladan yo viktim ak tout fanmi yo.
Gen yon madanm k ap travay la ki ba medam yo presyon pouf è bagay ak Dadou” youn nan viktim yo deklare ba the Guardian. “Kon li wè yon fi ki janti epi ki byen kanpe li gen pou li voye madanm nan di li y ap mete li deyò nan sant la. Epi tifi a ap pete kriye lè sa madanm nan ap di ‘sèl jan pou sa pa rive se ale pale ak Dadou’. Konsa tifi a pa gen chwa men reziye l pou li sibi abi seksyèl.
Jean-Bart li menm di pa « janm gen okenn plent kont federasyon an oswa kont staff k ap travay nan sant la oswa kont mwen men. Kalite abi seksyèl sa a enposib nan sant la lakòz jan li fèt, prensip edikasyon epi tout sansibilizasyon ki fèt ».
Li ajoute pawòl sa yo se koze « eseye a klè destabilize FHF, karaktè prezidan an ak tout fanmi li ». Selon sa sous ki Ayiti rapòte, anpil nan jwè ki kite sant la jounen jodi a te fòse tonbe nan fè bagay ak Jean-Bart epi youn te menm oblije jete yon pitit li te ansent pou li.
“Yo te ba li presyon pou li pa pale” yon ansyen jwè ki te pase nan sant la pataje.
Youn nan pi meyè jwè nou se Dadou ki te pèdi li lè li te gen 17 lane an 2018 e li menm tou te blije jete yon pitit li te rive ansent nan kondisyon sa a pou msye. Ti medam sa yo ki ale viv nan sant Fifa a…se yon mizè pou yo paske yo vle jwe pou peyi a men si yo mete koze abi seksyèl la y ap revoke yo. Yo se bon otaj.
Jean-Bart dekare: “mwen p ap ankouraje pratik sila nan foutbòl Ayisyen an, ankò mwens nan sant ki sou reskonsabilite m. Si te gen ka sila yo, mwen t ap ankouraje viktim yo pote plent nan federasyon an epi tou bò kote otorite lajistis yo nan peyi a. Nou pare, nan federasyon an, pou nou sipòte yo »
Yon lòt jwèz, ki se yon etwal k ap monte epi ki jwe nan nivo pwofesyonèl te deklare yon zanmi Dadou te eseye fè kadejak sou li lè li t ap viv nan sant la, nan yon zòn nan alantou kapital la, Pòtoprens. « li te rive chape epi paran li te okouran” yon lòt sous ki pwòch fanmi jwè sa a te klarifye. « Men Dadou fè tout sa li kapab pou koze a pa vante”.
Yon lòt moun ki deklare li se viktim di “mwen tèlman gen lapèrèz. Dadou Jean-Bart se yon moun ki danjere anpil. Gen anpil moun ki vle pale men yo gen laperèz, sitou pou sa ki gen paran k ap viv ayiti toujou »
Kòm repons, Jean-Bart di: « jouk rive jodi a, nan foutbòl feminen an, kote gen jenerasyon jwèz ki kounye a gen 50 oswa 60 lane sou tèt yo, mwen pa okouran bagay konsa janm rive. Pèsonèlman, mwen se epi mwen te toujou yon gason ki pa vyolan. Mwen pa ka konprann pou ki yon moun ta vle fè mwen pase pou yon bouwo, yon tòsyonè jouk pou menm fanmi yo ta santi mwen se yon menas pou yo ».
FHF di li pran pawòl sa yo trèzoserye. Pou jounen jodi a nou pa ko janm resevwa okenn plent »
FHF kontinye pou li di “pwojè nou se anvan tou yon pwojè Imen ki vle pote chanjman nan lavi jèn moun yo, pou repouse esklizyon gras ak jwèt la menm si nou konnen nan peyi a epi menm nan lòt kote nan monn lan gen fòs ki toujou ap batay kont sa ki bèl ak bon”
An jeneral jwè yo ale nan sant la lè yo nan laj adolesans, souvan yon jan pou retire yo nan move lavi viv nan lari. Sant sa ki jwenn finansman pwogram « Goal (objektif/ Bi) » Fifa ki sipote devlopman foutbòl te prezante pa Jack Warner lè sant la t ap tabli an 2001 kon yon opòtinite pou leve foutbòl la sou sèn entènasyonal la.
Ekip Gason an te depase espwa lè yo te rive nan demifinal chanpyona Concacaf Gold cup la, men anpil temwen te rapòte ba the Guardian nan ki eta depafini sant la ye paske sa fè ane li neglije malgre Fifa te bay 6 milyon dola pou li nan pwogram « Forward (an avan) li a » depi 2016. Yon antrenè ki te konnen travay la regilyèman deklare « Denyè fwa mwen te mete pye m nan sant la, mwen te anvi vomi ». « Sant la nan yo eta ou pa ka imajine. Dis timoun nan chak chanm, pa menm gen dra, twalèt yo pa pwòp, ou pa ka imajine vrèman. Kote lajan an pase ? Federasyon an resevwa milyon epi menm dra yo pa ka achte?”
Antrenè a te kontinye “ sant sa se yon kochma. Enspektè Fifa te vini, nou panse yo ta prale di kichòy men anyen menm. Se pa posib. Kijan yo fè pa pale? Pa gen swivi medical pou timoun yo, yo manje menm bagay chak jou – diri, espageti, bannann, poul – epi bwè dlo ou pa t ap janm panse moun ka bwè epi pandanstan ofisyèl federasyon an gen pwòp doktè pa yo epi y ap òganize gwo fèt. Sa endesan.”
Sou sa ki gen a wè ak neglijan an FHF bay yon lis nouvo batiman ki konstwi nan sant la tankou yon lo apatman ak tout èkondisyone kote jwe ki pi avanse yo abite.
“Se batiman modèn epi desan epi tout vizitè entènasyonal yo pantan pou wè kijan kote a bèl epi tout efò ki fèt pou ni jèn yo ni jeran yo kenbe li an eta” yo di. “ N ap fè anpil jefò pou nou ogmante estim jèn nou yo ak sipèvizè gen nan tèt yo, sinon yo pa t ap janm rive atenn nivo yo rive anfas lòt peyi nan karayib la epi nan Amerik la, abiye yo epi ba yo tout sa yo bezwen pandan ane a”
Yon pòtpawòl Fifa deklare yo te mande FHF bay detay sou koze abi seksyèl nan sant la apre The Guardian te fè envestigasyon. Pòtpawòl Fifa a te deklare se yon manm estaf nan biwo Véron Mosengo-Omba, ofisye ki responsab asosyasyon manm yo.
“Fifa te antre an kontak ak FHF nan chita pale li t ap fè ak tout 211 asosyasyon manm li yo sou koze pandemi Kowonaviris la » pòtpawòl la te deklare. « Bi apèl la se te konprann sitiyasyon foutbòl ayisyen an lakòz pandemi. Pandan konvèsasyon an, reprezantan FIFA te tou pwofite manifeste enkyetid li sou koze abi seksyèl an ayiti epi te raple pwogram ki kouvri sa ak tout lòt zouti disponib pou asosyasyon manm yo « gadyen FIFa » zouti pou ede mete sou plas estanda pou pwoteje timoun nan foutbòl. »
Prezidan Fifa a Gianni Infantino te voye yon mesaj pou felisite Jean-Bart lè pou yon sizyèm fwa yo te vote l pou rete prezidan FHF an fevriye a.
Fifa te di The Guardian FHF pako janm rive respekte règleman li kote li espesifye yon prezidan pa dwe sèvi plis pase 3 manda. « Menm jan sa ye ak lòt asosyasyon nan monn nan, Fifa an kontak ak FHF pou ede li rewè règleman pa li yo epi tabli bon prensip gouvènans, ki gen ladan respè tan manda”.
Kòm repons sou neglijan ak movèz itilizasyon fon sant la, Fifa deklare the Guardian li ap « diskite ak FHF sou amelyorasyon ki ap fèt nan sant la. An patikilye, nou wè gen amelyorasyon ki pote nan kondisyon jeneral epi nan batiman yo gras ak pwogram Fifa forward la epi n ap kontinye travay ak FHF pou asire kondisyon apwopriye epi bon enfrastrikti foutbòl pou jwè nan sant la. « Fifa mete an plas plizyè mezi pou swiv epi voye je sou bon itilizasyon fon ki nan men confederasyon yo epi manm asosyasyon yo »