@sinflorechiron etidye Dwa. Li deside mete men nan tradiksyon biyè La loi de ma bouche yo an kreyòl.
Pandan l ap eseye kalme koutkekout yon tanpèt li menm ankò fin kreye, administrasyon Moyiz la—mete Lafontan t ap vle di pou nou, nye yon reyalite e nou menm nou derefize mache nan lojik sa— fenk soti yon memorandòm pou anplwaye Direksyon Jeneral Enpo yo nan objektif pou envite yo vyole, pratikman, lwa finans 2017-2018 la.
Nan fòm lojik jiridik tou nèf sa a, yon pwojè lwa yo adopte nan Konsèy minis, 27 septanm 2017, sanble sèvi baz pou yon memorandòm, san di petèt, ilegal, ki soti jou ki te 29 septanm 2017 la.
Bagay sa revòlte yon zanmi jiris. Ki sa dispozisyon pwojè lwa sa vle di ? Ki sans ekstrè sa genyen? Kòm tou, se jis yon pwojè lwa. Li poko menm egziste menm.
Zanmi m nan pa t konprann anyen nan anyen. Se yon lojik jiridik wòz. Lwa yo retwoaktif. Yon pwopozisyon yo fè palman an sifi pou modifye yon lwa. Yon memorandòm kapab modifye yon lwa yo vote nan palman an e yo pibliye depi yon semèn nan jounal ofisyèl la.
Bagay sa a se pa premye fwa li ap fèt. Administrasyon prezidan-chantè a, Nèg Bannann nou an se Dofen l, te fè yon kominike sòti ki te envite menm anplwaye sa yo pou yo inyore dispozisyon dekrè finans 2015-2016 la.
Natirèlman, Kelsen, si li te vivan toujou bagay sa yo t ap desevwa li anpil. Podyab Kelsen ak tout piramid nòm li a! Podyab Konstitisyon ayisyen an ki pa sispann reve yon Etadedwa alòske nou sanble fè konplo pou nou vyole li, alakelele.
Pandanstan, administrasyon Moyiz la ap miltipliye pwomès fasil, retrè lajan ki sispèk ak pil kado. Kouran 24/24, 7/7 wè pa wè. Pwojè lwa pou ogmante plafon enpozisyon yo. Franchiz dwanyè pou majistra yo.
Men, grèv transpò, grèv grefye, grèv ladwann ap kontinye…ansanm ak grèv tout yon sosyete ki pa konn kote li gad. Yon sosyete kote moun k ap dirije l yo pa fouti konprann sa yo rele byen komen, yon sosyete ki gen bezwen chanje, vit e prese, tenmpo rapò li ak listwa pou li ka resi rive jwenn transfòmasyon sa li ap reve depi lontan an, yon transfòmasyon ki dwe soti nan limenm ankò.
Version originale : "Une logique juridique toute rose". Publiée le 30 septembre 2017 par @patriciacamilien.
Laisser un commentaire