Lè Mizojini tounen Bondye

Nan kòmansman, te gen lavi. Lavi, se andedan fanm li te ye. Lavi, se fanm ki te bay li. Lavi, se te fanm. Se te Vénus de Berekat Rham homo erectus (yonn nan premye moun sou latè) te taye nan wòch sa gen plis pase 800 000 lanne. Lavi, se te tout medam tan lontan sa yo, yonn apre lòt, ki te sèvi ak bèl fòm kò yo pou selebre pi gwo pouvwa fanm ka genyen : kapasite fè pitit. Nan kòmansman, fanm te nannan lavi. Tout bagay se te pou li. Li te fè maji, li te yon deyès, li te bay lavi. E anyen pa t anyen san li menm ki te bay lavi. Nan li, te gen lajwa, abondans ak lanmou. Li te sèvi refij kont lakrent ak laperèz. Li te deside pataje konesans li, fè lòt la vin egal li. Lè li te ofri l pòm lan, li te vann tèt li san l pa konnen paske li te fè l konfyans twòp.

An 2013, Adeline Gargan ak Bernard Lançon te pibliye yon liv enteresan (Histoire de la misogynie de l’Antiquité à nos jours), yon istwa mizojini soti depi nan antikite rive jouk jounen jodi a ki retrase konsekans chwa fanm te fè an. Otè yo antreprann yon etid akeyolojik sou defyans, mepri, menm sou rayisans fanm sibi pandan tout listwa, soti nan Lagrès antik rive sou jounen jodi a. Menm si li pa gen menm ti lè enpètinan ki te chame nou nan liv Diane Ducret an (La Chair interdite), yon bèl liv ki bay gou pou li l, liv sou istwa mizojini an mete bon jan limyè sou jan panse mizojin lan pa janm chanje, soti nan yon mit rive sou yon lòt.

Kit yo soti nan antikite, nan Lagrès ak Wòm oubyen nan Bib la, mit sa yo dakò sou yon bagay : fanm se yon kreyati malefik. Sonje ti san tripòt Pandò a, Amazòn yo ki te sovaj, Pwopetid yo ki te endepandan ak Èv ki pa t respekte règ yo, tout responsab malè lèzòm. Yo kase fe gason, poutèt sa yo merite pi gwo pinisyon ki genyen. Ak Èv, ansent pa yon pouvwa ankò, li tounen yon malediksyon.

Lasyans vin pran lamayèt la pou òganize yon diskou mizojin efikas. Iprokrat, Aristòt, Galyen pran san yo pou yo dekri fanm tankou yon « debil » (frajil) ki gen matris li k ap flannen, sa ki fè li tounen yon kreyati ki renmen plezi anba ti vant epi ki danjere : yon isterik. Doktè, filozòf, moun ki etidye teyoloji ak lasyans met ansanm pou yo jere maladi ki pa gen gerizon sa a. Yo defini fanm an fonksyon gason epi yo prezante li plis tankou yon moun ki manke yon bagay; menmsi yo de dekouvri, depi 17èm ak 18èm syèk, fanm pa gen ankenn pwoblèm sou plan anatomi. Fib nè frajil (17èm), frenoloji — etid gwosè tèt moun — (19èm), jenetik, andorinoloji ak syans newolojik (20èm)… diskou syantifik lan kontinye ap montre kijan sèks feminen an chaje ak defo : li pi fèb, pi sansib — tout sa pou di li pa gen fòs, li pa rezistan.

Politik — epi dwa apre sa — te pran responsablite enstitisyonalize dominasyon ak kontwòl moun gen sou fanm epitou rann yo nòmal. Se konsa nou vin jwenn yo klase fanm kote pou moun pa wè yo nan ekonomi domestik epi lwen domèn piblik pouvwa politik lan. Pou enstitisyon yo — moral, sosyal, kiltirèl … — dominasyon gason an byen etabli, se yon garanti. Lè w kesyone enstitisyon sa yo, ou rantre nan devyans, nan imoralite epi tou — ka ki pi grav lan — nan blasfèm ak erezi. Lè konsa, yo ba w non: nan lantikite, Pwopetid (bouzen oswa malfektèz); nan mwayennaj,  se maji yo t ap fè (chòche) ; nan 19èm syèk, yo rele yo isterik. Sa tout medam sa yo gen an komen se lefèt yo te derefize respekte prensip mizojini ki pran nivo Bondye. Pinisyon yo te ba yo fè listwa.

Bondye, pi gwo referans yon moun ka bay — n ap pran Bondye nan Bib la kòm egzanp, men menm lè yo ba li lòt non souvan li gen menm panse mizojin lan. Kidonk, Bondye te etabli plas fanm san ankenn dout. Eklezyastik (42, 12-14) raple nou san mank kijan fanm se danje :

 […] pa chita nan mitan fanm, paske nan rad ou jwenn pyas et nan fanm ou jwenn mechanste fanm. Mechanste yon gason pi bon pase bonte yon fanm; yon fanm pote lawont epi ka fè w pran nan jouman.

Poutèt sa, li enpòtan pou fanm rete nan plas yo. Liv Bib la, soti nan yon testaman al nan yon lòt, regle koze sa a byen. Paske fanm egal pwoblèm.

Depi lè li fèt. Li pran manman li de fwa plis tan pou li kapab tounen fè sèvis Bondye:

Lè yon fanm vin ansent, epi li fè yon pitit gason, li p ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou mwen pandan sèt jou apre jou akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. […] Men, madanm lan va rete ankò tranntwa jou. Se apre sa l’a fè sèvis pou san li pèdi a. Li p ap gen dwa manyen ankenn bagay yo mete apa pou Bondye, ni li p ap gen dwa antre nan tant ki apa pou Bondye a, toutotan li poko fè sèvis pou mete l’ ankò nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Si se yon tifi li fè, li p ap nan kondisyon pou l fè sèvis pou mwen pandan de senmenn apre akouchman an, menm jan li pa ka fè sèvis pou mwen lè li gen règ li. Apre sa se pou l’ pase swasannsis jou anvan li fè sèvis pou san li pèdi a. [Levitik 12:2-5]

Lè li vin jèn fi. Yon gason ki rankontre li epi fè kadejak sou li dwe marye avèk li (podyab malere a!) si yo ka pwouve li te tifi anvan nèg la met men sou li :

Si yon nonm kontre ak yon jenn fi ki tifi lakay papa l’, ki poko fiyanse, epi li kenbe l, li fòse l kouche avè l, si yo bare yo, nèg ki te kouche avèk fi a va gen pou l bay papa fi a senkant pyès ajan. Li va pran fi a pou madanm li, paske li te fòse l kouche avè l. Li p ap janm ka divòse avè l jouk li mouri. [Detewonòm 22:28-29]

 

Lè li vin granmou epi l marye. Nan ka sa a li riske manyen pijon yon lòt nèg si l ap eseye defann mari li :

 Si pandan de gason nan moun Izrayèl yo ap goumen, madanm yonn nan yo pwoche pou l’ sove mari l’ anba men lòt k’ap bat li a, epi li lonje men l’, li kenbe lòt lan nan pati li, se pou nou san pitye pou li: koupe men l’ la pou la. [Detewonòm 25:11-12]

 

Apre lanmò mari li. (Li pa t rive sove paske li dwe pijon lòt nèg la respè.) Se bòfrè li ki dwe marye avè l.

Lè de frè rete ansanm nan menm kay, si yonn ladan yo rive mouri san li pa kite pitit, madan defen an pa ka al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Se va devwa bòfrè a pou l al jwenn vèv la pou l marye ak li. [Deteronòm 25:5]

 

Mari sa a, li dwe li bon jan obeyisans :

Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n’ pa janm bezwen louvri bouch nou. [1 Pyè 3:1]

Epi, sa enpòtan anpil, li dwe pe bouch li lè li pami moun :

Fanm pa fèt pou pale nan asanble yo. Yo pa ba yo dwa sa a. Jan nou jwenn sa ekri nan lalwa Bondye a: se pou yo soumèt yo. Si yo bezwen mande kichòy, y’a mande mari yo lè yo lakay yo. Non. Sa pa fèt pou fanm yo pale nan asanble a. [1 Korint 14:34-35]

Fò l pa janm bliye pawòl ki te soti nan bouch li deja responsab anpil malè :

Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y’ap resevwa enstriksyon. Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil. Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. Se pa t’ Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye. [1 Timote 2:11-14]

Jan nou te konn di lekòl : CQFD, sa nou te dwe demontre an.


Version originale: Et la misogynie se fit Dieu. Publié le 25 janvier 2016.

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :