Konsèy Elektoral Pèmanan Jovenel Moïse la

Lanui pase, Prezidan Jovenel Moïse ofri tèt li yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Etandone moun ki abitye alawonyay yo t ap mache di yo p ap voye pèsonn nan KEP a, Nèg Bannann nou an inove e envante nouvo sektè pou koz la.

Omwen fwa sa se pa Patwona, Sendika oswa Laprès. Sektè Prezidan Moïse yo sui generis menm jan ak Konsèy li a, ki, yon lòt fwa ankò, pa menm fè sanblan li baze sou Konstitisyon an. Nan lis « etandone… » li yo, olye Konstitisyon an, li pito sèvi ak Dekrè elektoral 2015 lan kòmkidire pou l montre se ak menm Konsèy la nou ann afè -pandan manm li yo te demisyone an blòk.

Prezidan Moïse ka pran libète sa. Sa gen de jou, jou ki te 16 septanm 2020 an, Anbasad ameriken te avèti moun ki soti pou bare wout KEP a ke yo mèt pare yo, ap gen konsekans.

Se otorizasyon pike devan sa Prezidan an t ap tann, arete pou chita KEP a e òganize eleksyon li an te sou poz depi 14 septanm 2020.

Arete ki nome Konsèy Elektoral Pwovizwa a e ki fikse manda li a

Konsèy sa a gen 3 misyon:

  • Oganize referandòm pou yon nouvo Konstitisyon
  • Oganize eleksyon lejislatif yo, eleksyon lokal yo, eleksyon prezidansyèl yo ak lòt ankò
  • Rete la jiskaske yon Konsèy Elektoral Pèmanan rive kreye

Dènye pwen sa fè nou panse a yon pwolonjman KEP 2015 lan, sa gen 5 an, yon KEP nou te gentan prezante kòm pwovizwa pèmanan sou blòg sa.

An menm tan, m pa kwè se yon egzajerasyon si nou sipoze ap gen yon Konsèy elektoral definitif anndan Konstitisyon Moïse la. Yon fwa yo « adopte » Konstitisyon sila nan referandòm nan, nouvo Konsèy la ap pran larelèv KEP nou gen la a. Sinon, KEP sa ap kontinye 5 an apre. Nan tou de ka yo, Moïse ansanm ak kolòn li yo ap gen yon KEP ki rele yo chè mèt chè metrès a dispozisyon yo e ki te asiste viktwa « yon sèl kout kle », viktwa radmare yo a nan eleksyon prezidansyèl ak lejislatif 2015 ak 2016 yo, e sa ki pi rèd la, avèk yon seri kat elektoral ke founisè madanm Prezidan an te chwazi sou mezi a te founi. Nan tou de ka yo, se ap menm rezilta a.


Biyè sa se tradiksyon an kreyòl yon tèks @patriciacamilien te ekri sou blòg la nan dat 19 dawou 2020 e ki gen pou tit: Le Conseil Électoral Permanent de Jovenel Moïse.

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :