Nou te konnen byen pwòp!

Prezidan Repiblik la priye nou an gras, pou nou kwè li. Se nan pyèj yo pran li. Li pa t konnen si li menm ak madanm li te pral retwouve yo ap ri yon Ayisyèn k ap malmennen im nasyonal la ni ap remèt yon machin wouj tou nèf bay yon ti fi ki t ap gouye soti anlè rive atè. Koup prezidansyèl la pran nan yon kou souprann, yo pa t konnen. Menm si nou te wè yo ki t ap byen fè l nan kanaval la kote yo t ap danse mereng tèt chaje nèg ki te ede yo vin dirije lavi nou jodi a : Sweet Micky.

Fanatik bannann yo, sila k ap mache preskri moun te vèvenn yo, pwofèt yon sèl kout kle yo – ki genlè panse yo desounen nou jouk nou rive pèdi memwa nou – pa vle kwè sa yo wè a. Jovenel Moïse se te « chwa ideyal la », « yon nèg ki gen gwo vizyon e ki soutni jèn yo anpil », yon biznismann « ki poze aksyon pou ankouraje jenès la », yon nèg ki t apral « remete politik sou moun ». Kijan li fè fè nou sa? Yo pa konprann. Sa k ta di sa? Men sitou, kiyès ki ta kwè sa?

Petèt se moun ki te chita ap gade zòt k ap leve koup la anlè, k ap jistifye tout sa yo fè, k ap defann ak tout fòs mereng ansyen prezidan wòz la — de mereng kote endesans ak mizojini ap frape tenkantenk. Siman se moun ki chita ap tann rapò sou enpak pozitif kanaval (ak tout karavàn) chanjman an. Men, fanatik bannann yo, yo menm, pa t atann sa ditou. Yo pa t konnen.

Sa ki pwofesyonèl nan zafè veksasyon yo pa t wè sa nonplis. M ap parye avèk nou ke yo pral ekri, deklame, chèche bèl pawòl ki sonnen pou yo pale kont prim sila a ki rekonpanse endesans. Men, yo pral kontinye vann plim yo ak mikwo yo, pou yo suiv ti chape moun fè epi fè  koripsyon gwo nèg nou yo pase pou nòmal.

Yon prezidan ki ofri yon machin kòm rekonpans pou kalite bèl gouyad yon ti fi yo lage bay bann pèvè Repiblik la pa dwe mande nou padon sèlman : li dwe nou esplikasyon!

Atik 282 – Nenpòt ki moun ki dejwe oubyen kowonp lajenès nan mès li, nan eksite epi favorize oswa favorize pèdisyon jenès sila a, ke se yon ti fi oswa yon ti gason anba laj 21 an, ap pran prizon soti 6 mwa rive 2 lanne. Kòd sivil 309; Kòd penal 9-1, 26 elt, 36, 298. [Kòd penal ayisyen – Atik 282, tradiksyon pa nou]

Yon prezidan ki pa pran drapo nou ak im nasyonal nou oserye dwe nou plis pase yon teyori konplo epi rimè ke li te ka pral mande nasyon an padon.

 

« Prezidan Repiblik d Ayiti [a], kidonk Chèf d Eta a, anchaje fè respekte konstitisyon an… kontwole si tout sèvis Leta yo ak administrasyon piblik la mache korèk… » [Konstitisyon 1987, Atik 136]. Li p ap pase enstitisyon nou yo nan rizib, atake lajistis, pèmèt moun li yo vin rich ak taks nou yo oswa nan pran pòz  mande règleman sou lajan Petrocaribe a se yon fo pwoblèm. Chans pou nou, mondyal la okipe medya yo ak lespri nou. Èske nou konnen, apre match maten an, Ronaldo se jwè foutbòl ki soti an Ewòp ki make plis gòl nan konpetisyon an apre li fin make 4 gòl pou Pòtigal?

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :