Epoutan li te fè respè li wi

Premye fwa li te panse kite katye li, li te fèk sot pase 3 jou kay kèk zanmi li ki rete Dèlma. Li te gen yon djins nwa ak yon mayo ble; li pa t ka rantre lakay li. Jou maten sa a, avan li ale, li te panse ale ak kèk lòt rad. Bal te chante pandan tout nuit la e li te konnen bagay yo te pral vin pi myèl. Poutan, yon moun te ka panse se chape li t ap eseye chape. Si yo sispèk li, yo te ka pase li a lenfinitif. Nan katye a, yo konn pale de yon fanmi ki te panse li te ka demenaje. Sa te mal pase pou yo. Kidonk, li te ale ak rad ki sou do li. Li t ap deside apre. E li te byen fè. Twa jou apre, bagay yo vin kalme epi li rantre lakay li.

Dezyèm fwa li di tèt li Matisan pa pou li ankò, se apre baz chèf la te sasinen yon ajan sekirite. Nèg la pa t fè anyen. Li jis te move kote a nan move moman an. Yo te bezwen voye yon mesaj. Yo te vle fè komèsan yo sonje se sèl gran B ki te ka jere sekirite yo, pèsonn lòt ankò. Yo voye ajan sekirite a nan peyi san chapo. Te toujou gen yon antant ak bandi zòn lan. Si w fè respè w — sa vle di pa okipe sa ki pa gade w — w ap viv. Fè respè w vle di peye, tankou tout bon sitwayen nan geto a, yon stil enpo lokatif 5000 goud, pa egzanp, oubyen pou machann yo, yon kontribisyon 500 goud chak semèn pou sekirite kominote a. Fè respè w vle di respekte règ jwèt la, tankou pa janm soti kite zòn la ak lòt bagay ke rad ki sou ou yo ak sa w ap bezwen pou jounen an. Fè respè w vle di konprann se B. ki genyen monopòl vyolans lan epi ranje kò w. Moun ki pa t fè respè yo peye pou frekansite yo. Tout moun te dakò sou sa. Men, malere a, ti ajan sekirite a, pa t fè anyen. Poutan, yo te touye li. E se sa ki fè moun te mal pou aksepte lanmò sila a.

Twazyèm fwa li konprann Gran-Ravin ap fini pa touye li, li te an misyon pou biwo kote li t ap travay la—tou pre Plas Bwaye nan Petyonvil. Sanzatann, yon moun monte dèyè moto li an. Li te panse se jwe youn nan kolèg li yo t ap jwe avèk li, men kou li te santi bout zam lan bò kòt li li te wè se te pou tout bon. « Pa vire. Mwen gen yon bal okanon ke mwen ka pèdi nan ou. » Malman, li vale rèl ki t ap monte nan gòj li a. « Wi kòmandan. Ki kote w vle ale? » Lòt la te manke ri; li di l ki wout pou l pran. Yo pase devan komisarya Petyonvil. Devan youn nan gwo lekòl vil la, te gen polisye ki t ap bay pitit gran zouzoun vil la sekirite. Te gen polisye ki t ap fè sikilasyon… Li pa t jwenn okazyon pou fè yo wè jan li te an detrès. Li kontinye wout la konsa, apre li pase pran 2 lòt « sòlda », jouk li rive Gran Ravin kote yo te fèmen li nan yon ti pyès kay. Li te santi li pase anpil tan anndan an. Men, anreyalite, se 36 èdtan li te pase la. Se gras ak yon sòlda ki te rekonèt li e ki te « siyen » pou li li te gen lavisòv. Yo te moun menm kote, nan menm vil pwovens. Sòlda a te bay chèf la garanti ke P. te toujou fè respè li, se te yon mezantant. Yo te kite l ale. San moto. San telefòn. Pye atè. Li kontinye mache jouk li rive kay zanmi li yo Dèlma. Li pa t janm retounen. Li te fini ak katye a.

Yè, nan radyo, yo t ap pale de bandi Gran Ravin ankò. Se yon sijè k ap pale semèn sa yo. Lè zak bandi mete ansanm ak koripsyon nan politik epi kontrebann, faksyon laprès ki renmen zen yo fè fèt. Jounalis yo yaya kò yo nan koze a. Moun ri fò. Yo tounen sou istwa Senatè sila a ki te genyen yon machin chaje zam yo ta sanble jwenn nan Gran Ravin. Yo tou refè nou sonje se menm Senatè sa a ki te jwe yon wòl nan chwazi direktè jeneral LONA a (ONA), epi wòl biwo leta sa a—jan tout moun konnen—depi lontan se bay gang pouvwa ak lajan. Met sou li, jan yon jounalis ki sanble jwenn yon jwisans nan koze a te di, lajan LONA sèvi tou nan okipe manman Senatè ki malgre yo gen 90 lanne jwenn prè pou 40 an. Nan sal nouvèl la moun di : Ti peyi sa ! Nou mele ! Epi, rapid vit, nou pale de lòt bagay. Yon lòt zen. Yon lòt vòksal. Yon lòt eskandal.

Poutan lavi P. nan Gran Ravin ak lavi pil lòt moun ki, menm jan avèk li, sanse nan prizon B. ap jere a se yon eskandal tou, men pèsonn pa sanble wè eskandal sa a. Poutan, menm jan ak lòt moun yo, yo se sitwayen ayisyen tou. Poukisa vyolans B. ap fè sou moun ki gen malè ap viv sou teritwa li bay tèt li an—e ta sanble yo aksepte otorite li—pa choke pèsonn? Gran Ravin, Matisan Fontamara, Pòtay Leyogàn, Kafoufèy, Premye Avni, Dezyèm Avni, Senkyèm Avni, Dèyè Simityè…Teritwa B. kontinye ap grandi san pèsonn pa bay rezistans, sòf ansyen chèf li retire sou pouvwa yo. Sa fè lontan polisye nan katye sa yo konprann, yo menm tou, fòk yo fè respè yo. Yo konnen yo p ap gen chans genyen konba sila a : lòt yo plis pase yo, lòt yo gen pi bon/gwo zam, yo p ap jwenn ranfò. Se pou sa yo rete nan soukomisarya yo ap tann yo leve pinisyon yo epi pou yo jwenn yon pòs ki gen mwens danje.

Tout moun derefize pran tan pou konprann poukisa nan Gran Ravin yo ap mande pou T., ki nan prizon kounye a, tounen; menm si li se yo gwo bandi. Gran gòj nan radyo yo plede ap di popilasyon an ap pwoteje bandi yo. E si bandi ap fè vyolans sou yo epi ap ransonnen yo, se yo ki chèche sa. Si yo te pran tan mande moun ki konnen—moun k ap viv anwo a—yo t ap konprann ke Gran Ravin ap mande pou T. paske li te pi « bon ». T. te san pitye tou wi, yo te konn kisa li peze. Li te pi stab. Epi, dapre sa « yo » di, li te gen kontak gwo moun yo. Lame li an te jwenn pwomès elektoral ke yo te respekte. B. li menm ap plenyen paske ansyen kandida ki chèf kounye a ba li vag. Dayè, li rele nan radyo tout tan pou li kase met nan men nouvo chèf sa yo. Li lage gwo akizasyon sou do politisyen yo : distribisyon zam nan geto yo; sèvi ak sòlda li yo pou bay sekirite oswa fè dezòd nan biwo elektoral yo. Apre sa, kou yo fin bon, yo lage l. Kòm politisyen yo pa kenbe pwomès yo, se pèp la—ki pi aksesib—k ap peye sa. Se konsa, nan geto a, moun aprann abitye ak lavi sa a.

Tout moun genlè bay bandi sa yo vag, menm lè yo ap bay sèvis piblik, prèske legalman. Nou p ap pale de sekirite sèlman—rakèt sa a senp, menm nan nivo leta—men n ap pale de kouran. Se tèt frèt wi EDH, konpayi leta a wi, kite kèk « lidè kominotè » jere kèk transfòmatè. Se yo ki okipe zafè resevwa lajan pou sèvis sa a chak mwa, epi yo resevwa yon ti benefis. N ap pale de 300 000 dola pa mwa ki la pou yo separe. Sa pa fin twò mal. Men B. vle plis. Plis transfòmatè pou li jere, plis zòn sou kontwòl li. Epi li gen bon jan estrateji, gen zòn li anvi genyen. Li voye mesaj. Li voye di tout moun, nan nou k ap vini yo, l ap atake. Mesaj yo anvayi Whatsapp. Yo rive jwenn jounalis ki chita pale de sa nan gwo emisyon anpil moun koute yo. Men reyaksyon an pa janm chanje : nan sal nouvèl la moun di : Ti peyi sa ! Nou mele ! Epi, rapid vit, nou pale de lòt bagay. Yon lòt zen. Yon lòt vòksal. Yon lòt eskandal.

Li difisil pou P. pale de lòt bagay. Lè l ap koute radyo kay zanmi li yo nan Dèlma, li menm tou li eseye ri. Li pa vle depaman. Li pa vle kraze anbyans lan. Men, lannuit, lè lapli ap tonbe, li reve Ti Lapli. Dapre sa yo di, li dòmi nan twou rego epi li soti le swa, lè lapli ap tonbe, pou li touye moun ki pa fè respè yo. Depi li kite zòn la, P. pa fin twò konnen nan ki kategori li ye. Epi sezon siklòn la rive sou nou.

——————————————————————————————————————————————————————-

PS : Sa se premye tèks mwen ekri depi mwen te fè yon ti kanpe sou koze pale de Ayiti a. Ti brek la te dire kèk mwa; mwen te bezwen li pou mwen ka poze kou ma kafe lè m ap pale de peyi a. Men, nou repati wi la. Ak yon sijè grav, yon sijè ki pa ka tann ankò. Mwen konte sou nou pou nou ka mete sijè sa a nan pwogram laprès, gouvènman an epi tout sosyete a. Kijan? Nan pale de sa ak moun nou konnen. Nou gen yon bouch, sèvi avèk li pou chanje bagay yo.

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :