Se yon biznismann, se pa yon politisyen

Jou ki te 12 janvye 2015, Bruce Vincent Rauner te vin 42zyèm gouvènè Eta Ilinwa. Li te pwomèt pou li retire Eta sila a nan men politisyen tradisyonèl yo ak tout moun ki gen ti enterè pa yo pou li mete enterè pèp la devan. Sit Entènèt kanpay li a pale de li tankou yon moun ki travay poukont li pou li rive kote li ye a. Sit la di tou misye pran angajman pou li amelyore sitiyasyon Ilinwa epitou kreye yon Eta kote tout bagay ap byen mache; yon Eta kote, menm jan avèk li, tout moun ap ka reyisi lavi yo. Nan Eta ameriken sila a (ki an 5yèm pozisyon nan zafè kantite moun ki ladan), kote yo konsidere gen yon bon reprezantasyon popilasyon peyi a, slogan kanpay li a ki te « Bring Illinois Back » te manyen kòd sansib anpil nan moun ki te santi yo pa t ka rekonèt peyi yo ankò. Se menm moun sa yo toupatou nan peyi Etazini ki, yon lane apre, te pral pase Donald Trump (yon biznismann) mayèt la pou li ka « Make America Great Again ».

Rauner se yon biznismann, se pa yon politisyen. Se pi bon zèl kat li te gen nan men li. Yon zèl kat yo montre nou bò isit la tou; yon kat yo di ki pral sove nou. Pandan kanpay prezidansyèl 2015-2016 la, yon bann egare te kouri pran devan vin defann biznismann-kandida a, paske jan mwen te di sa lè sa:

Pandan lontan, istwa lide politik yo, jan tout moun konnen, baze sou pi bon mwayen pou pèmèt mèt biznis yo rasanble plis richès epi jwen plis benefis.

Kou li fin monte sou pouvwa li, premye dekrè (executive order) Gouvènè Rauner an pibliye fè Eta a pa ka pran nouvo anplwayemenm jan Donald Trump te pral fè li de lane apre — epi elimine depans ki pa gen plas yo. Epitou, li mande ajans Leta yo pou yo vann tout byen yo p ap sèvi avèk yo. Nouvo PDG Eta a, kòmanse, natirèlman, pa retire plan sosyal epi koupe nan bidjè. Se yon bagay ki lojik! Nan mwa fevriye, se ak yon sendika anplwaye Leta li twoke kòn li. Li te pwopoze tou pou yo koupe nan bidjè edikasyon siperyè, asirans sante (Medicaid), pansyon anplwaye, transpò piblik ak soutyen pou gouvènman lokal yo. Nan mwa avril, se finansman pwogram sou pwoblèm vyolans anndan maryaj yo, jèn ki pa gen kay, moun ki soufri otis, ak entegrasyon imigran ki pase anba woulo restriktirasyon gouvènè an.

 

Apre 100 premye jou li sou pouvwa a, gouvènè repibliken sa a kontinye eseye koupe nan bidjè a, men li pa t rive fè sa. Depi de lane, li rantre nan yon enpas ak sena demokrat Eta li an. Se yon biznismann, se pa yon politisyen. Li konn bay lòd, men li pa konprann kijan moun fè pa kouri obeyi yo. Li derefize negosye. Li pa konn pèdi batay. Li pa gen pou li koubi do li devan politisyen. Rezilta a: depi de lane, Eta Ilinwa pa gen bidjè, li nan yon sitiyasyon ki bay tèt fè mal. Konpayi sèvis piblik yo sètoblije redui nan sèvis yo konn bay yo, inivèsite Leta yo voye anplwaye ale, sèvis transpò piblik la kanpe nan kèk zòn, 90% sèvis pou veye timoun pa egziste ankò.

Jou ki te 30 jen 2016, pa t gen wout pa bwa, Gouvènè Rauner te sètoblije siyen yon bidjè ann atandan ki pou pèmèt lekòl piblik yo kontinye fonksyone pandan yon lane epi pou sèvis esansyèl Leta yo kontinye pandan 6 mwa. Jodiya, 6 jou apre diskou li sou kijan Eta a ye, kote li te mande moun yo pou yo pa lage epi kontinye fè li konfyans, pi gwo sendika anplwaye Leta nan Ilinwa ap vote, pou premye fwa depi li egziste, pou yo ka fè yon grèv.

Men, pa enkyete nou, tout bagay anfòm. Paske jounen jodi a Ilinwa, ak biznismann k ap mennen li a, ap viv eksperyans Leta-biznis ki frajil kote revokasyon ak grèv fè kenken. Menm jan Bush (pitit la) nan peyi Etazini ak Berlusconi nan peyi Itali te rive pote pwosperite nan peyi yo, se menm jan an Eta Ilinwa, yon Eta Senatè Obama te reprezante, pral montre kijan lè moun gen lajan tout sa yo fè bon. Nou menm tou, petèt, nou ka gen chans pwofite tou. Sa k konnen?

 

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :