Kakistokrasi

Jodi a  premye me,  Nèg bannann  nou an -ki egzije pou nou swiv li epi ki voye yon pinga ban nou pou nou pa kanpe sou wout li paske se li menm ki prezidan fè lansman karavàn chanjman an.  Pè pa mouri san batize, kifè se nan Nò li debake pandan Sid la anba dlo epi  Lwès ap patoje, inondasyon rete inondasyon, nan “redidis lendidis’’  moun yo bay pou Habitant an derefize ranmase.

Ta sanble operasyon kom’ san finès yo (foto tou prè yon pakèt gwo aparèy, kask jòn yo byen vise sou tèt yo; entèvyou  nan Nouvelliste ak operasyon bale lari ak sandal fant zòtèy pou valorize bèl pediki moun yo) pa sifi pou rezoud pwoblèm fatra a nan Pòtoprens.  Men, an nou tounen nan dosye karavàn nan .

Nou pa konnen kisa etranj apareyaj sa ap rapòte nou, men nou konnen konbyen li pral koute nou: 297 milyon goud.  Se prèske menm jan an tou nou te aprann yon swadizan kanaval ki  te vize mete zòn Gransid la, ki atè pi rèd, kanpe sou de pye li,  t apral koute 250 milyon goud  kote jouk jodi nou ap tann yo rapòte nou retou sou envestisman ki fèt nan bakanal sa a , nan banbòch sa a kote yon prezidan-chantè te dezabiye l epi kote tou li te  dezabiye Prezidan-dofen li a.

Yon konseye Prezidan an mwen rekonèt, eseye defann li. 197 milyon  goud yo te prevwa  pou karavàn nan, lòt 100 milyon an  konsène sekirite Prezidan Moïse, yo pa soti nan fon piblik. Se bay yo ta bay Prezidan an li. Kiyès?  Li pa di.  Bon, li te mèt. Pou yon Prezidan yo enkilpe pou blanchiman lajan epi ki gen yon frè l nan pati politik ki te konpayon kanpay li tou ki sot plede koupab pou trafik dwòg e blanchiman lajan, sa yon ti jan deplase; nou te ka finalman kwè, li menm tou, li koupab. Sepandan, gen yon lòt bagay ki pi deplase toujou: etònman nou nou devan enstalasyon Kakistokrasi a.

Li sòti nan Grèk, kakistòs, ki vle di  « pi mal » epi kratòs, ki vle di  « pouvwa », kakistokrasi a deziye yon gouvènman kote ki gen pi move manb nan sosyete a. Se otè anglè a Thomas Love Peacock, ki te envante tèm nan nan lanne 1829  men li t apral retounen alamòd akoz eleksyon Donald Jump lan kòm prezidan Etazini. Kòm salte tounen yon mak fabrik anplis pou medyòk lakay nou yo, kakistokrasi a deziye yon gouvènman lèdte ki melanje malpwòp ak medyokrite.

Reyalite a, nou konnen li, depi lontan nou deside fonksyone tankou amatè – soti sou Prezidan, rive sou Premye Minis, pase pran minis yo, sekretè Deta yo ak kèk direktè jeneral enkapab pase sa ou pa konnen – epi fòk nou sispann panse rèy medyokrite a ka fè nou abouti ak lòt bagay ki pa medyokrite .

Nou fè anpil eksperyans, sòti nan medsen kanpay pou n rive nan plantè bannann. Sòti nan prèt ki fin blaze a pou rive nan chantè tou touni an. Chak fwa, nou montre nou pa danse kole ak klas politik la ditou. Nou di konsa, depi tout tan sa yo, kisa yo fè?  An nou eseye ak yon amatè, yon moun ki pa nan politik. Li p ap fè pi mal pase yo.

Chak fwa, poutan, li fè pi mal. Lage nou lage volan  kamyonèt Ayiti a nan men moun  ki pa menm konn kondwi a fin abime po machin nan nèt , sot nan yon mi al nan yon lòt, sot nan yon bim tonbe nan yon lòt bim.  Epoutan, nou pran plezi nou ap ranplase chofè ki kondi kwochi yo ak yon ranplasan yo  pa amatè ki pi kwochi tou… Jiska bim final la?

Sa sanble pa menm pase nan tèt nou pou nou ta ka chèche reprann kontwòl volan an epi ansanm ansanm, pou kondui kamyonèt la sou chimen nou va deside a.

Poutan, fòk sa ta fèt wi.

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :