Si nou mal se fòt malere yo

Maten an, yo fè m wè yon tweet byen dwòl yon atis ayisyen, ki poutan toujou ap di li se yon malere menm jan ak sila li sot di ki aji san reflechi yo, sila ki sèl sa yo regle se pwodui ti vòlè  epi kritike peyi a.

Ak ti « blag » sa a, Mesye Zenny patisipe, alèz alèz, nan yon tradisyon ki la depi digdantan, yon tradisyon nou derefize lage: fè pòv yo pase pou responsab malè nou.

Jonathan Swift te pwopoze moun manje moun pou rezoud pwoblèm lan. Gen lòt moun ki suiv lojik Ti Djo an pou rive nan solisyon sila a : retire aryennafè sa yo nan mitan nou paske yo ap « fè yo pale nou mal ».

Jan Nèg Bannann lan te pran tan li pou esplike nou : larichès se yon kalite. Yon kalite nou dwe ankouraje epi bay glwa. Kidonk, lamizè se yon vye mès. Yon vye mès nou dwe rache epi elimine.

Lojik la solid wi. Li solid pou sila ki ap di Ayiti pa yo a diferan an, sila ki pè sa Blan an pral panse lè nou sispann kase fèy kouvri sa, sila ki chita ap tann pou egri yo megri… lamizè ki ap gache lavi moun yo pa deranje. Sa ki nève yo se jan malere yo ap fè Ayiti parèt lèd la. Yon Ayiti nou pran tan nou makiye. Men ak tout sa, makiyaj la sanble pa vle rete.

Jiskaske yon jou bagay la pete nan figi yo—e li gen pou l pete. Jiskaske—la a n ap repete pawòl Senatè Antonio Cheramy yo nan jan pa nou—moun ki fèt tou sanksyone yo finalman sispann pè sanksyon nou yo. Epi, jou sa, nou va mande tèt nou kijan sa fè rive la. Men twò ta ap gentan bare nou.

Laisser un commentaire