Kòm kounye a nou sanse fini ak istwa Carifesta a, mwen ap pran yon ti tan pou mwen reponn moun ki te fache pou de atik mwen te ekri yo -sandipetèt, yo pa t menm li yo – sou Site Solèy avèk « Festival des arts de la caraibes » la. Yo te twouve mwen pa ede nan kontre move imaj laprès entènasyonal ap bay sou peyi a, mwen rete la ap prezante vye imaj yo epi mwen derefize suiv mouvman #selapouwla osnon #experienceit la. Gen yon lektè ki fè remak sa: dènye mòd la ta sanble se klewonnen Ayiti pa ou a devan tout move imaj yo bay sou peyi a.
Kounye a, ta sanble chak moun gen pwòp ti Ayiti pa yo men Ayiti ki ap pale sou entènèt la se pa Ayiti ki nan grangou a (56% popilasyon an), Ayiti moun ki pa gen yon bon kay pou yo rete a (72%), Ayiti ki nan salte a… Ayiti sa a ki gen yon mizè tèlman kri li bay degoutans. Ayiti ki toujou sou entènèt la se pa sa 2,500,000 Ayisyen ki ap viv nan povrete dènye degre a, se pa sa 500 000 ayisyen ki ap viv avèk menas malè pandje katastwòf natirèl yo , se pa Ayiti 100 000 timoun sa yo ki poko gen senk an epi ki fin kwatchòkò…
Se paske laprès entènasyonal mechan anpil ki fè se vye Ayiti sa a yo ap plede montre. Eben nou ap menyè montre yo Ayiti moun lavil ki ap byen vire yo, Ayiti ki gen kouran an (28%), sa ki gen aksè ak entènèt la (10%), sa ki ap viv nan kay ki genyen yon bon douch (7,6%) ak yon bon twalèt la (6,7%) epi ki gen tiyo ki pase anndan lakay yo (4,7%). Nou pral montre yo Ayiti kote ou kapab al pase bon moman nan bèl otèl bò plaj (ki koute 120$ vèt pou yon nuit, sa vle di 1/6 PIB pa abitan an), Ayiti touris lokal ki ap vire nan gwo machin yo, Ayiti Carifesta a, Ayiti « Diner en blanc » an…paske Ayiti sa a pi bèl kidonk li pi reyèl pase lòt la.
Antanke sitwayen, devwa nou se pou nou anvayi Instagram, Facebook ak Twitter ak bèl foto Ayiti paske nou pa vle Google montre nou foto Site Solèy ki twòp pou je nou, menm si Site Solèy la. Toujou la. Chak jou ki jou. Ap ekspoze salte l nan boul figi nou.
Nou pa vle wè nonplis foto lari plen fatra yo epi timoun ki anfouraye nan pil fatra sa yo ki ap chèche bagay pou yo manje. Nou pa vle wè vye foto pil Ayisyen dominiken ap depòte an mas yo, yo twò reyèl, yo tache imaj peyi a. Yo bare kamera tout ti jèn ayisyen sa yo ki fin fou tounen fotograf. Jèn sa yo ki ap chèche toupatou, toutlasent jounen, tout lannuit, pou yo fè foto, dèyè grenn foto ki pi bèl la, sa ki pral montre Ayiti tout moun vle wè a.
Se yon bon bagay pou wè peyi a jan ou ta vle li ye a. Men, anpil nan jèn fotograf sa yo sibi enfliyans #experienceit la epi yo santi yo oblije prezante yon Ayiti klindada. Emosyon ak atizay pase anba pye podyab. Bèlte Ayiti a, « Perle des Antilles » yo a, gen yon jan yo prezante li e lèdte reyalite a soti pou gate tout bagay. Kidonk yo pito kache li.
Koze vle prezante Ayiti tankou « Perle des Antilles » sa a deranje m sou 2 pwen. Premye a sèke li gen yon ti sant fasis ladan epitou li raple mwen disktati Duvalier yo, nan epòk komedyen yo, lè nou te konn resevwa anpil touris ki ale « vers le sud« , ou pa ta di moun ki pral vizite zou, pou admire bote peyi a san yo pa retire nan alèz yo, san yo pa bay kondisyon vi moun yo regle anyen pou yo, dayè moun yo se te yon senp detay nan peyizaj la. Dezyèm pwen an se lojik neyokolonyal ki kache dèyè sa a paske tout bèl ou tande a bèl la dwe koresponn ak chema bèlte loksidan trase pou nou an epi kilti nou an pa gen valè si li pa satisfè kritè zòt defini yo.
Sa pa dwe fè nou sezi paske koze « perle des antilles » sa a te toujou egziste pou yon ti gwoup, yon ti minorite zwit ki te gran pwopyetè, chèf lame, kapitèn faktori, gwo komèsan… epi anba yo te gen mas esklav yo, senp sivil, ti ouvriye, salarye… menm ti gwoup jodi a nou pa vle yo #experience la malgre li la anba je nou an.
Gen rezon pou yon moun ta chèche montre bote Ayiti. Peyi nou an chaje istwa epi nou gen yon kilti ki rich. Nou ka bay monn lan plis pase katastwòf natirèl ak katastwòf politik. Men se pa nan bouche je nou sou sa ki lèd yo nou ap rive fè sa. An nou pou egzanp echèk metòd Rudy Giuliani a ki t ap chèche pouse tout sanzabri yo deyò pou li kapab « netwaye » lari Nouyòk, . Nou pa sezi lè nou wè sa pa t bay rezilta yo t ap chèche a. Se menm jan, femen je nou sou sa ki lèd nan peyi a p ap fè li pi bèl pou sa. Fòk nou konprann, jan dokimantè Richard Gere la, Time out of my mind, rezime sa a: lamizè pa yon move bagay paske li fè lari nou yo lèd, men paske li fè lavi nou lèd. Kidonk se pa paske bagay lèd anndan peyi a ap di nou bonjou nou dwe choke, men pito paske gen moun ki oblije viv nan kondisyon sa yo.
Ayiti pa w la diferan? Ok. Kote fyète a ye la a ? Kisa ou ap selebre la a menm ? Dèske ou te gen plis chans pase 80% nan popilasyon an ? paske ou fèt nan yon fanmi ki nan klas mwayèn, kit se mwayèn boujwa, mwayèn mwayèn osinon mwayèn salarye a? Poukisa ou kontan la a ? Paske ou pa gen pou ou ap viv nan lakras maten midi swa senpman alòske se rete ou rete ou wè se pa nan kondisyon sa yo ou fèt ? Nan yon peyi kote moun pa ka rive menm si yo ap fè efò, kote pifò moun lage nan brase lari a, kisa ki moral nan poste sou Instagram foto dènye plat manje ou a nan yon restoran tèt nèg ? Ak ki figi ou ou pèmèt ou di se dwa ou, se opinyon ou, kòmsi sa te senp konsa ? Kòman ou fè ap rale « Perle des antilles » ou a pou toke kòn ak « Misère des antilles » pa yo a ? Ou panse 2 reyalite sa yo, yonn vo lòt? Fòk ou ta san konsyans pou ou ta di moun ki ap montre vrè imaj peyi a yo ap kontribye nan sal imaj li pandan li gentan peyi pi pòv nan Amerik la epi sèl grenn Peyi Mwens Devlope sou kontinan sa a.
Ayiti pa w la diferan ? Enben oke. Fè pwomosyon pou li, sa se biznis pa nou. Men sèlman, pa mete baboukèt nan bouch mwen lè mwen pran rakonte istwa de ti fi sa yo ki te ofri mwen ti kle dore a. Pa pèmèt nou mande mwen pou mwen pa pale de ayisyen parèy mwen ki nan grangou pandan nou menm nou ap fè la Festa. Ayiti pa m nan mwen menm se pa tout Ayisyen yo, pa sila nou vle bliye si yo la a, pa sila nou vle sanble avèk yo a e ki pa ret sou nou yo, sila ki ap travay pou sa chanje yo epi sila ki, menm jan avèk nou, vle li diferan nan foto a. Mwen tou, mwen vle li diferan… men fòk se toutbonvre epi fòk se pou tout moun.
PS : Premye pati tit atik sa a sanble ak yon tèks Baky Popilè, yon jèn rapè, ekri. Kontrèman jan yo sèvi ak slogan sa a sou rezo sosyal yo dènye jou sa yo, chante li a envite nou travay ansanm pou chanje imaj peyi a. Kidonk atik sa a pa sible li ditou pyès.
Laisser un commentaire