Sou paj Facebook Ticket Magazine, gen yon bann enbesil ki deside montre nan ki pwen mantal yo fèb, anba foto antèman antwopològ Rachel Dominique Beauvoir la. Pandan tan sa a, Loop Haïti anonse nou yon seri kretyen kriminèl mete dife nan yon peristil. Jodi a, jou ki 10 janvye 2018 la. Nan peyi Benen, chak ane, pandan 25 lane ki sot pase yo, moun soti toupatou sou latè pou vin selebre fèt nasyonal vodoun. Nan peyi Dayiti, yon peyi vodou libere, yon ekip sanzave vlope kò yo nan relijyon ansyen kolon yo pou yo atake relijyon zansèt yo a.
Mwen te pare pou mwen ekri yon biyè men longè pou esplike kret(y)en sa yo — sèl mechanste yo ki rive nan nivo ak enbesilite yo — ki kalite tenten yo fè. Mwen te pare pou mwen pale sou alyenasyon, libète konsyans, libète pou moun pratike relijyon yo vle ansanm avèk garanti ki soti nan Manman lwa peyi a. Men kisa sa ap itil ? Yo p ap menm li sa mwen ekri. Epitou lektè mwen yo gentan konn tout bagay sa yo. Kidonk, mwen ap jis lonje dwèt sou enbesilite yo, yon lòt fwa ankò, pou nou kapab chita ansanm pou nou ri — epi priye pou yo arete yo— anvan nou monte kabann nou.
O Seyè, gad kijan yo enbesil! Anfen…
Laisser un commentaire