Mwen wè sa a nan yon gwoup WhatsApp: 16 RAISONS RÉELLES POURQUOI ILS ONT ÉLIMINÉ LE COL KADHAFI [16 vrè rezon ki fè yo elimine kolonèl Kadhafi]. Epi yo lage yon lis swadizan avantaj pèp Libyen an te konn jwenn lè kolonèl la te sou pouvwa. Nan gwoup la, yo te bat bravo, chante lwanj kolonèl la, di moun ki pataje enfòmasyon an mèsi. Yon enfòmasyon ke YO kache nou. An nou kite fot franse — ki fè san m vire — ki nan tit la ak tout manti ki gen ladan l yo sou kote. Bò lakay pa nou, popilis bò dwat la ap reparèt sou moun. E se nan menm stil rezònman san pye ni tèt sa a ke tèks la konkli, byen serye : « si se sa ki diktati a, mwen ta renmen konn ki stil lidè demokrat yo ye!!! »
Poutan, repons lan parèt klè. Demokrat yo gen yon stil lidèchip demokratik; sa vle di yon lidèchip ki respekte libète pèsonèl, ki trete moun an granmoun jan sa dwa, ki pa panse li konn plis pase lòt la sa ki bon pou li. Se Periklès ki, pou li defann demokrasi, te raple demokrasi se plis yon zouti filozofik sosyal pase li ta yon rejim politik. Yon rejim toleran ki chita sou yon fiksyon : egalite ant tout moun. Kidonk, se yon rejim ki pa chich e ki fonde sou lanmoun nou gen pou lòt ak sou respè nou gen pou yo.
Kle tout rejim totalitè yo, e nou wè sa sou Castro (Kastwo), se meprize lòt moun yo. Sa ki pa sou pouvwa yo. Sa ki pa avèk sa ki sou pouvwa yo. Se sa ki pèmèt jistifye yon seri de sistèm ki wete sou libète moun paske yo pèmèt pèp la viv byen. Se sa ki pèmèt tou moun kontinye ap pale de dikati eklere kay moun ki gen pwofil otoritè, swa paske yo pran plezi nan kòmande swa paske yo renmen suiv lòd (se plis sa). Paske yo rive konvenk tèt yo vizyondimonn yo a se li ki bon, yo kenbe fèm, vle pa vle, pou defann diktati. Menm si sa vle di bay manti, defòme laverite oswa…kreye nouvo « reyalite ».
Se nan konsa n ap aprann anba rejim Kadhafi an, kouran te gratis, kredi te gratis, edikasyon, kay, machin, tè kiltivab…tout bagay nèt te gratis ti cheri. Nan yon peyi kote PIB pa tèt la te 11 000 dola, kote 30% popilasyon an te nan chomaj, koripsyon te gaye tout kote e zafè moun pa a te tèlman parèt li te bay kè plen, fò ou ta vreman manke kapasite rezònman pou w ta kwè nan koze kremòl sa yo. Elas! Nou prese wè nan diktatè sila a — ki te rele opozan li yo rat ki te merite lanmò, pandan pitit gason li t ap pwomèt rivyè san bay tout moun ki te pèdi jekwazandye yo epi leve kanpe kont papa li ki te kreye yon paradi sou latè — yon ewo k ap lite kont enperyalism loksidan an epi yon viktim yon bann sanginè asasine.
Se vre nan peyi Libi, tankou nan lòt peyi arab ki chaje ak lajan petwòl, Leta te bay sitwayen yo kèk avantaj materyèl, tankou peye yon pati nan lwaye yo, ba yo èd pou konstwi kay pa yo oswa achte machin (50% kòb la), yon kòb pou sa ki nan chomaj. Men ki sa sitwayen sila yo te bay pou sa?
Milis Kadafi yo — ki te resikle milisyen ak lòt kriminèl ki soti nan peyi Zimbabwe, Tchad, Sèbi, Belarisi, Siri, Irak — se te : fè kadejak plizyè fwa sou moun, tòtire moun jan yo vle, lisans pou demounize tout sa ki swadizan enferyè parapò ak lòt. Yo te fè sa sou tout « rat » ki te derefize aksepte vizyon Kadafi te genyen de Jaden d edenn. Kidonk, se pa paske yon moun kanpe kin kont ejemoni loksidan li se yon ewo pou otan. Souvan (twò souvan) li kont loksidan pou li ka pi byen tabli ejemoni pa li. Nan ka sa yo, nasyonalism, ki se yon veritab maleng pou Leta modèn nan, se pi bon mwayen yon klan ka jwenn pou li fè dappiyanp sou richès peyi a. E se konsa klan Kadafi an te pran kontwòl tout resous petwòl peyi Libi, nan kad National Oil Company (konpayi petwòl nasyonal).
Nou ka konprann kijan moun ki otoritè yo, ki definitivman sado-mazo, jwenn jwisans yo nan sa. Men yo ta dwe sonje si, an bon blòg fuschia, nou chwazi pa jije fantas yo, lè rèv sila yo tounen reyalite, se tou de kan yo ki pou bay dizon yo. Konsa n ap priye yo an gras pou yo pa mete nou nan rèv yo a, ki chaje pèvèsyon.
Version originale : "Ces dictateurs que l'on encense". Publiée le 11 décembre 2016 par @patriciacamilien.
Laisser un commentaire