Masisi ak madivin se peche? Epi!

Depi kèk jou, kesyon sa a pa ka pa la nan intèvyou dives kandida nou yo, kit se pou prezidan, depite oubyen senatè: èske w dakò ou pa ak maryaj omoseksyèl la? Nenpòt jan y ap vire kesyon an pou yo reponn li –e repons lan toujou negatif-, kòmansman sa a pa ka pa la non plis: mwen se kretyen…San nou pa pale de kesyon sa a ki pa gen plas li paske pa gen ankenn pwojè lwa oubyen pwopozisyon lwa sou koze maryaj pou tout moun nan, se kretyènte ki pote figi l la mwen pa konprann. Ou se kretyen? Oke. Sa sa vin chèche nan fè peyi a mache? Poukisa sa w kwè dwe deside sou lavi tout yon pèp ? Ou kwè nan bondye e labib chaje ak pwòp lwa li, mwen dakò. Alòs kite yo kote yo dwe ye a : anndan legliz. Pa vin enpoze yo nan yon monn ou ladan san ou pa ladan vre (Jean 17, 14-18). Viv lafwa w poukont ou, lòt yo va fè menm jan an.

Nan koze maryaj pou tout moun sa, pifò ap chache montre ak tout fòs yo nan ki pwen sa pa natirèl e bondye pa dakò li. Yo met tout entelijans yo deyò pou di yon mal dwe ak yon femèl, nenk gade bèt yo : yon mal, yon femèl, sa senp.  Se manti paske lasyans konte 1500 espès bèt ki gen konpòtman omoseksyèl. Lanati yo brandi kòm rezon an montre yo li pi kreyatif e koze sèks ak jan yo ap pale a pa gade li :

Men se pa sa ki plis enterese nou, nou menm, k ap viv sou tè a, pale de natirèl prèske rizib. Pou m ekri la a, mwen ap sèvi ak yon zouti moun kreye, mwen kouche sou yon kabann ki nan yon chanm nan yon kay moun konstwi, mwen mete rad ak soulye, mwen sèvi ak machin pou mwen deplase, mwen al nan mache oubyen makèt pou mwen manje, se pa keyi oubyen chase… Mwen ka kontinye men nou konprann sa mwen vle di a : Mwen pa « natirèl ». Nou menm nonplis. Nou te ka di, si nou ap suiv zòt ke nou nan lanati men nou pa moun lanati. Kidonk menm si ankenn bèt pa t gen konpòtman omoseksyèl, agiman sa pa natirèl la pa t ap kenbe. Lalwa kò nou (habeas corpus la) se premye libète nou kidonk si nou deside sèvi ak libète sa a ak yon moun ki menm sèks ak nou, se dwa nou.

Lòt agiman ki se koze tradisyon an pi pa kenbe toujou. Tradisyon yo pa fije, yo pa ret la, yo chanje ak tan an. Nan bib la ankò, maryaj se inyon yon gason (Abraham) ak pwòp sè li epi bòn ki ap travay lakay li ; yon gason (Israel) ak de sè epi bòn yo, genyen tou yon gason (Salomon) ak pitit fi Farawon an epi sètsan madanm ak twasan fanm deyò. Nan peyi Benen, jouk 2004, ane li te vin tounen yon esepsyon sou plan jiridik, poligami se te larèg e te konsène jouk 2011 35% fanm yo. Mòmon fondamantalis nan « L’Utah », yon peyi Ozetazini, kontinye ap marye ak plizyè medam nan menm fanmi an an menm tan alòske nan anpil peyi mizilman, se sourat 4 vèsè 3 a ki se agiman an. Nan listwa, 85% sosyete te pèmèt maryaj poligam yon moman oswa yon lòt. Koze maryaj ak yon sèl moun nan pa la depi twò lontan. Kidonk deside yon tradisyon pa ka chanje se swa inyorans, swa movèz fwa oubyen tou lè de.

Rete agiman Bondye pa dakò a e donk se peche. Referans lan se levitik 18 vèsè 22 :

Ou p ap kouche ak yon gason jan ou kouche ak yon fanm, sa se abominasyon.

Sof si nou ta vle jwe jwèt mètdam epi di se de fason pou kouche a vèsè a ap pale akoz diferans nou konnen yo, tèks la klè. Menm jan li klè lè w kontinye li (Levitik 19,29) jan bondye pa dakò pou de bèt ki pa menm espès kouche ansanm, ni pou ou simen de semans diferan sou yon tè, oubyen pote yon rad ki fèt ak de twal diferan. Vèsè sa a te konn sèvi agiman tou pou entèdi yon lòt tip maryaj : maryaj moun ki pa soti nan menm « ras ». Levitik –labib menm- plen lòt bagay Bondye pa vle e pèsonn pa okipe yo… donk poukisa fiksasyon sa a sou sa ki ap pase ant de moun, de gason sitou ?

Anpil gason masisi, nan chèche dakò ak labib, ap pale de kontèks istorik règ sa yo ki te pou bèje nomad mwayenoryan sa gen 6000 lane. Yo eseye pale de zanmitay Jonathan ak David la pou jwenn yon ti kras validasyon chwa yo nan bib la. Se dwa yo men mwen ret kwè yo fè menm erè ak anpil vodouyizan ayisyen ki, nan chèche bay relijyon yo a yon prestij, ap chèche tout pwen ki menm ant granmèt Vodou a ak Bondye ki nan bib la. Yo bliye pawòl Boukmann yo nan Bwa Kayiman e nan chèche mele de relijyon yo petèt paske yo te pè « blanchiman an », vodouyizan sa yo ap eseye pwouve yo sivilize tou, yo sivilize menm jan ak moun ki te enpoze lòt relijyon an bay zansèt yo ak mwayen ki pi demounizan ki te ka egziste. Epi tou petèt paske blanchiman an pa t dous. Moun ki pa t tande yo e ki te kenbe ti stati ak tout lòt bagay ki sanble ak yon fidelite nan bondye zansèt yo a, yo te kòche yo (pandan moun nan vivan yo retire po l, dimwens premye pati a :epidèm nan. Yo kite dèm nan tou blanch, se sa ki bay non an : blanchiman). E yo fè sa devan yon piblik pou sa ka sèvi kòm leson a lòt sa ki ta vle suiv egzanp lan. E menm si Pè Labat, nan tout lanmou li te gen pou nou te fè yon pomad ak sitwon ak piman pou evite kò a gangrennen –paske fòk yo te pwoteje bwa debèn nan ki te koute chè- efè a pa t janm dous e anpil te konn endispoze tèlman yo paka sipòte.

Jounen jodi a, se gras ak menm krisyanis entoleran sa a nan peyi Jamayik, Ouganda oubyen Nijerya yo mete sou kote anpil masisi ak madivin oubyen yo maltrete yo, mete yo nan prizon, touye yo e se pwòp frè yo ki fè sa. Se menm krisyanis entoleran sa a, nan bouche je nou, ki ka fè nou ap bat pwòp frè ak sè nou. Se menm krisyanis entoleran sa a ki vle fè nou kwè tout bagay dwe sa ou sa, paka egziste anyen, ankenn lyen nan mitan nwa ak blan ; Bondye ak Satan ; viv sen ak peche.

Nan monn sila a, menm gri se dyab alòske vrè monn lan tèlman gen lòt koulè. Li gen wouj tankou san zansèt nou yo ki te goumen pou libète nou, li gen vèt tankou zèb sou yon teren foutbòl, ble tankou bèl Lanmè Karayib la, li gen jòn tankou tankou yon mango byen dous… li gen fuschia tou paske fuschia bèl, l ap viv e li pa regrèt anyen.

Si ou prefere viv an nwa e blan, se chwa ou e nou dwe respekte sa. Men si lòt deside viv an lakansyèl, ou dwe respekte sa tou. Nou konprann ou pa anvi peche kont Bondye w la. Men si nou menm nou pa kwè, kòman nou ka peche ? Ou peche nan sa ou kwè. Atik 30 nan konstitisyon an bay libète pou moun kwè nan sa yo vle, si li aplikab pou ou, pouki li pa ka aplikab pou nou tou ?

Sa fè kèk tan mwen aprann de kesyon moun plis poze sou Google sou Bondye se : »Poukisa Bondye fè mwen nwa ? » ak « Poukisa Bondye fè mwen masisi/madivin » ? Apre sa, se « Poukisa Bondye fè mwen lèd ? ». Kesyon sa yo ki bay dlo nan je se rezilta entolerans anpil kretyen. Yo ap goumen pou yon Bondye ki lanmou, yon Bondye ki te voye pitit li vin anonse yon bon nouvèl. Se pa sa ?

Version originale : "L’homosexualité est un péché ? Et alors !". 
Publiée le 21 septembre 2015 par @patriciacamilien.

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :