Voilà ! C’est dit. Aujourd’hui, j’avais prévu de parler de Museveni et de son chapeau. Devinez quoi ? Eh bien, je ne parlerai pas de Museveni et de son chapeau. Parce que vous voulez absolument me rendre chèvre avec cette histoire de 7 février. Alors, soit. Du reste, vous me faites remarquer que c’est le carnaval et donc par conséquent… Et donc, soit, de nouveau. Est-ce que mercredi des cendres vous ira ? Est-ce qu’après le mardi-gras, je peux être relevée de cette fonction de devoir pointer chaque jour l’évidence ? – Merci.
Je vous déteste pareil mais OK puisque vous le demandez, je copie-colle mon fil Twitter de ce matin ici pour que « plus de gens le voient » parce qu’il est en créole et plus aisément accessible. Pour la troisième fois donc, soit. Toutefois si, après le mardi-gras, vous continuez à me demander de continuer à parler de cette histoire, je vais transformer le blogue en blogue de recettes de cuisine – je n’aime pas faire à manger mais je me débrouille – ou, pis encore, sur les tâches ménagères – j’y suis complètement nulle. Ce sera horrible pour vous mais moins horrible pour moi que de continuer à écrire sur ce sujet.
Ce caveat posé, voilà pour le fil Twitter.
Pandan n ap fè fo kontwovès sou manda Prezidan an, Ayiti m te dekri la a, #AyitiNouYeA ap vin pi mal. M konnen anpil nan nou k ap ankouraje konfizyon sa, te nan itilize achtag pou vann Ayiti diferan an, kidonk nou ka pa pran aspè sa an konsiderasyon. Men bagay sa yo pa ede pèsonn, sof petèt ego detwa grenn ak kèk layk ak retweet. Pandanstansa, 56% Ayisyen pa konn sa y ap manje nan jou k ap vini yo, ni kilè. Yon Ayisyen sou 3 nan sitiyasyon ijans grangou ekstrèm. Se sa k pou ta fè deba, pou ta fè kontwovès. Epidemi sa.
Eleksyon la prezidans lan se 4 lane l genyen, nou pa ka bliye tout bliye sa. Sa pa fè lontan. M te reprann kwonoloji a la men yon moun di m li an franse sa ka petèt fè moun pa konprann kidonk m ap repran l la. M pa sèten sa ka ede men… malè pa mal.
Anvan nou kòmanse, m raple m pa annafè ak Konstitisyon Chanpwèl 2011 lan; se Konstitisyon 1987 la m konnen, sa k an kreyòl la ki jiskounye pa chanje. M toujou presize sa paske pou mwen li enpòtan. Ann kontinye.
Atik 134 Konstitisyon Chanpwèl la di kilè pou eleksyon Prezidan fèt. 134-1 eksplike li dwe fèt 5èm ane manda prezidansyèl la.
Sou manda Prezidan Martelly a, 5èm ane sa se te 2015. Eleksyon fèt an Oktòb 2015. Lejislativ valide men Prezidansyèl yo konteste jiskaske lè 7 fevriye rive pou Martelly ale pa t gen nouvo Prezidan kidonk 6 fevriye yon akò politik siyen. Akò sa se te pou Asanble nasyonal la chwazi yon Prezidan Pwovizwa pou konplete eleksyon 2015 yo yon fason pou yon nouvo Prezidan ka monte sou pouvwa 14 me 2016. Dezyèm tou eleksyon an prevwa fen avril 2016 dapre kalandriye sa. Eleksyon yo pa fèt. Manda 4 mwa Prezidan Privert pwolonje.
An jen 2016, apre rapò Komisyon verifikasyon eleksyon yo (CIEVE) Prezidan KEP a – ki presize s on desizyon enstitisyon an pran an granmoun – anonse Prezidansyèl yo anile epi pibliye yon kalandriye pou nouvo vòt la. Eleksyon yo ap fèt an Oktòb pou prezidan monte 7 fevriye (foto kalandriye a pi ba a). Siklòn Matthew vin lakòz eleksyon Prezidansyèl la repouse pou novanm. Yo fèt. Jovenel Moïse pwoklame li bon, yon sèl kout kle. Opozisyon konteste. 3 janvye 2017, viktwa Jovenel Moïse sètifye. 7 fevriye 2017 li monte prezidan pou yon manda 5 lane.
Sa se dewoule evennman yo.
Si Jovenel Moïse te monte sou pouvwa 14 me 2016, manda l t a fini 7 fevriye 2021… paske se eleksyon 2015 lan ki t ap kontinye – li t ap pèdi kèk mwa nan senkan an men bon… Dekrè elektoral la (atik 239) te raple nan senkyèm ane w ou ka pèdi kèk mwa. Men, eleksyon 2015 yo anile. CEP a òganize nouvo eleksyon prezidansyèl ak yon nouvo kalandriye elektoral 2016-2017 kote l mande kandida vin konfime si yo toujou sou sa. Mwatye kandida yo pa tounen. Kèk tankou Sauveur Pierre Étienne sipòte lòt kandida. Lòt tankou André Michel ale pou Sena.
Nan kalandriye 2016-2017 la, nou ka remake jefò ki fèt pou tout bagay fini anvan fevriye 2017. Se pou yo ka rete nan lide (ankò yon fwa tout koze sa pa gen anyen pou wè ak ankenn konstitisyon, nou pa nan 5èm ane manda prezidansyèl) atik 134.2 ki pale de eleksyon anvan fevriye.
Eleksyon fèt. Pi fò moun rete lakay yo. 500 mil elektè – sou 6 milyon – mete Jovenel Moïse Prezidan. Martelly anvan l te jwenn 700 000… Si n kontinye demobilize elektora a, pwochen Prezidan an ap eli ak 100 000 vwa.
Enkyetid mwen se la li ye. An konparezon Prezidan Manigat te eli ak 1.3 milyon vwa nan eleksyon anpil moun te kondane kòm pa ase demokratik. E lè sa te gen mwens moun. Kounyeya nou nan yon sitiyasyon kote 1 elektè sou 12 sifi pou ba n yon Prezidan. Byento l ap 1 sou 20.
Yon bagay konsa pa nan avantaj demokrasi. Li nan avantaj tranzisyon iliberal k ap prepare a. Eleksyon ap òganize, pifò moun p ap vote ; detwa grenn fanatik rejim nan ap kenbe l opouvwa san yo pa menm bezwen fè magouy paske elektora a demobilize.
Se pou sa solisyon an pa ka nan detwi konfyans popilasyon an plis toujou.
Antanke sitwayen devwa nou se travay pou ranfòse demokrasi, pa pou ede sanzave tout plim tout plimay fini ak li.
Li lè pou n #Mobilize pou #AyitiNouVleA paske se sèl fason pou n sòti nan #AyitiNouYeA.
Aprann plis nan http://www.mobilize.ht/finans-rezo
Le fil Twitter : https://twitter.com/laloidemabouche/status/1361294081989738499?s=19
J’espère que vous vous rendez compte de tout le mal que je me donne pour vous et que vous comprendrez enfin que je suis fatiguée de cette histoire.
Laisser un commentaire