#OditKolektif #KotKòbPetroCaribeA nan Ilavach

Nan jou ki te premye desanm 2019 la – aprè 3 ranvwa an septanm, oktòb ak novanm lakòz peyi lòk – ekip teren odit kolektif asosyasyon Ayiti Nou Vle A pran direksyon Ilavach.

Li te gen yon misyon 5 jou. Lakòz sitiyasyon peyi a, li te blije rantre avan lè, men travay la te rive fèt kanmèm.

Objektif la se te konprann nivo satisfaksyon popilasyon an ak enplikasyon l nan dewoulman gwo manman pwojè administrasyon Martelly-Lamothe la te batize : Destinasyon Ilavach.

#Oditkolektif se odit sosyal pou mezire nivo satisfaksyon yon pwojè nan yon kominote. Se yon evalyasyon sosyal, li pa materyèl. Koudèkont deja fè pati envantè a. Ayiti Nou Vle A te vle mezire enpak pwojè a sou kominote a, ansanm ak konsekans li genyen sou lavi moun. Plis pase lajan ki gaspiye, se jan lavi moun yo gaspiye, detwi, aneyanti, ki te enterese n. Pa egzanp, nan Ilavach, gen anpil moun ki pèdi tè yo, ak mwayen pou yo viv, nan move kondisyon.

Anvan li te ale sou plas, ekip odit kolektif te li rapò Komisyon espesyal senatoryal ankèt sou petwokaribe pou peryòd septanm 2008 rive septanm 2016 la. Rapò sa – yo rele rapò Beauplan paske se senatè Beauplan ki te prezidan komisyon an – te sòti an oktòb 2017 ; e li te resanse anviwon 25 pwojè sou zile Ilavach, lajan Petwocaribe a ta finanse. Kòm rapò Koudèkont lan poko kouvri Ilavach, nou pa t itilize l nan kad odit sa a.

Anplis rapò sa, asosyasyon an te ekri tout pati ki te enplike nan realizasyon pwojè sa yo : antrepriz ki te jwenn kontra, otorite lokal, elatrye pou l te jwenn plis limyè toujou. Li te antre an kontak tou ak kèk abitan sou zile a patikilyèman manb Konbit Peyizan Ilavach, ki gen non jwèt KOPI.

Pou plis detay sou odit la, nou envite w fè yon kout pye sou ayitinouvlea.org/okilavach.

Jodi a, pati 3è nan apremidi, sou paj Facebook ak YouTube asosyasyon Ayiti Nou Vle A, n ap resevwa ekip ki te ale sou teren an ki ap bay kèk eksplikasyon pou ede n konprann pi byen videyo odit Kolektif la. A byento!

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l’aide de votre compte Twitter. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :