Depi kèk tan, ayisyen toupatou pran lari a ak pankat, enprime pwòp mayo yo pou mande yon sèl bagay: #KOTKÒBPETROCARIBEA. Soti 24 dawou, pase nan 2 septanm, rive nan 17 oktòb, nou make ansanm, listwa peyi Dayiti. Nou soti nan lari pou di NON pasifikman. Nou pran lari pou mande pou sa chanje.
Kit ou te ret lakay, kit ou te sou beton an, nou tout te pataje menm sansasyon, menm santiman, menm swaf chanjman, menm rèv lan… Nan tout rakwen nanm nou, nou t ap poze yon sèl kesyon: Èske n ka kontinye viv konsa?
Nou tout viktim yon sistèm k ap toupizi n, e li gen yon sèl non: KORIPSYON. 18 novanm 1803, zansèt nou yo te detwi yon sistèm ki te derefize pran yo pou moun. 18 novanm 2018, nou pral leve kanpe pou n konstwi yon sistèm kote TOUT MOUN MOUN.
Nou tout gen rèv. Rèv pou tèt nou. Rèv pou fanmi nou. Rèv pou peyi nou. Nou tout gen dwa reve. RÈV AYISYEN an dwe yon reyalite. Men se batay pou n batay pou li. Ak zong nou. Ak fòs nou. Ak tout sa n ye. Konsa nan 30 lane, lè pitit ou mande w kote w te ye 18 novanm 2018, w a va reponn li « Mwen t ap batay pou konstwi #AyitiNouVleA ».
#18Novanm, vin siyen non w nan listwa. Vin mache ak pankat ou. Vin di mouche Leta k ap gagote kòb nou an NON. Vin di sistèm sa ki kenbe pwòp SITWAYEN l an otaj nan peyi l NON. Tè sa zansèt yo kite pou nou an, se pa n li ye, e fòk nou jwenn yon jan pou n viv ladann nan DIYITE.
Ou Pè?
Eben, nou menm tou nou pè. Ou pè pran gaz? Nou menm tou. Men pito n pran yon jou gaz pase nou pase 365 nan laperèz. Pran yon chans. Vini. Mache ak tout sitwon w. Mache ak dlo. Omwen nou va gen bèl istwa pou rakonte timoun yo. Epi, ou p ap pou kò w. N ap ansanm. Sou beton an, kote n ap bay youn lòt plis fòs pou mande #KotKòbPetrocaribeA.
Pwosè Petrocaribe a enpòtan. Fòk li fèt pou TRASE YON EGZANP. Pou koripsyon kaba. Pou enpinite fini. Pou koupab yo jije. Se mobilizasyon nou tout ki pou fè l fèt. Se leve kanpe nou tout ki pou fè n jwenn JISTIS.
#18Novanm, FÒK NOU TOUT LA.
N ap mache kont KORIPSYON
N ap mache kont ENPINITE
N ap mache kont ENJISTIS
N ap mache kont privilèj PALMANTÈ
N ap mache kont privilèj GWO FONKSYONÈ LETA
N ap mache kont LAVICHÈ
N ap mache kont FATRA
N ap mache kont CHOMAJ
N ap mache kont BLAKAWOUT
N ap mache kont INEGALITE SOSYAL
N ap mache kont VYOLANS SOU FANM
N ap mache kont SISTÈM PEZE SOUSE SA
N ap mache pou pi bon SALÈ MINIMÒM
N ap mache pou pi bon LEKÒL
N ap mache pou pi bon LOPITAL
N ap mache pou pi bon WOUT
N ap mache pou DWA FANM
N ap mache pou TIMOUN LARI YO
N ap mache pou TRANSPARANS
N ap mache pou gen ANKÈT
N ap mache pou gen PWOSÈ
N ap mache mande KOT KÒB PETROCARIBE A
Zansèt yo te fè pa yo. Jodi a, se ou, se nou, ki pou konstwi rèv Ayisyen an, #AyitiNouVleA. #18 novanm, n ap tann ou. Si w wè nou sou beton an, pa ezite kore n, bo n, salye n, ba n yon akolad, bay 2 blag avè n… Depi w ap mache kont koripsyon konnen nou se FANMI.
NOU PI PLIS
NOU PI FÒ
NOU P AP PÈDI BATAY!!!
M pap rate okazyon sa a pou anyen! Sof si m mouri avan. Loll
J’aimeJ’aime
Map la! Se yon devwa sitwayen.
J’aimeJ’aime
Nap mache pou Gran mesi nap mache jis pye nou kase depi se pouvwa sa nap tann pou fe prose pou nou
Nap bouke pedi tan
J’aimeJ’aime