Yo ap montre nou kiyès yo ye

Donald Trump se nouvo prezidan eli Etazini Damerik. Lemonnantye sou chòk. Nou pa fin konprann. Nou bezwen pou sa genyen yon sans. Nou ap chèche repons. Nou ap mande tèt nou kijan sa fè rive. Paske nou toujou anba sezisman Brexit la. Kijan moun fè rayisab konsa? Kijan lespri yo fè fèmen konsa? Kijan yo fè ti sistèm konsa?

Nou se moun 21èm syèk, nou pa ka konprann sa ki pase a. Nou derefize konprann. Bagay sa a se yon foli, pa vre? Se kalkile nou mal kalkile, pa vre? Fòk te gen yon bagay nou te ka fè. Fòk gen yon moun oswa yon bagay nou ka bay responsab dezas sila a.

Bon nouvèl la se: gen yon responsab. Move nouvèl la se: pa t genyen anyen  ki t ap ka anpeche sa. Pa fwa sa a. Nou wè lennmi an, non li se kwayans nan dwadsite blan an. Kwayans sa a p ap mouri kò l konsa, san fè bwi. Anvan kwayans sa a disparèt, e li gen pou li disparèt, li gen pou li goumen ak tout fòs li.

Pandan plizyè syèk, ti nèg blan an te pwen santral monn lan. Li te domine tout kote. Kapasite lame li te genyen se bagay lejand nèt. Li te ale tout kote. Li te pran esklav, tè ak resous. Se te yon veritab wa.

Depi lè sa a, li oblije bay anpil nan privilèj li yo vag. Grenn pa grenn. Esklav yo. Tè yo. Resous yo. Epi kounye a yo ap mande li bay vag sou sa li te kanpe depi tout tan sa a. Sou sèl sa ki te ede li sipòte monn sa a ki ap plede chanje san rete a. Yo ap mande ti nèg blan an pou li bay idantite li kòm Blan vag. Yo ap mande li pou li vin yon moun. Menm jan ak nou tout. Men, li pa twò fin renmen sa. Sa vreman fè li fache. Sa fè li anvi kraze brize.

Se konsa Nigel Farage oswa Donald Trump tounen yon zouti. Yon veritab kout lanbi pou moun rasanble vin defann sa ki pou li an. Sou tout fòm li parèt. Gason kou fanm. Dènye grenn efò a pou sove dwadsite Bondye ba yo a.

Lè Donald Trump desann eskalye byen klere Trump Tower an pou anonse kandidati li, depi lè a, li vlope kò li san li pa jennen nan yon diskou ki mete blan kòm chèf siprèm. Apre sa, li te vini pa lage kanpay li an nan men mouvman “alt-right” la pandan li t ap layite kò li anban benediksyon Ku Klux Klan ak lòt vye gwoup menm plim menm plimay.

Pandan tan sa a, nou ap eseye konprann sa yo jwenn nan Trump. Epi se lè sa a nou tande lejann elektè blan ki ap fè travay mànyèl la. Podyab li! Globalizasyon ak liberalis kite li dèyè, epi kounye a li pa vle wè tou de. Depi lè sa a, nou eseye lonje men ba li, di li pawòl Donald Trump yo san sans. Nou eseye fè li konprann misye pa gen pwogram vre, e misye ap fè yo pran zannana pou pengwen.

Nad marinad. Sa pa di li anyen. Anyen menm. Menm lè biznis Trump te fè fayit. Menm lè li pa peye taks depi digdantan. Akizasyon abi seksyèl. Derefize li derefize bay moun wè papye taks li. Kantite fwa yo rele li lajistis. Peye li pa peye moun ki travay pou li. Dat tribinal ki rive sou li nan koze kadejak yo akize li fè sou yon timoun…

Bagay sa yo pa enterese ti nèg blan an. Se pa paske li pa konnen. Sa jis pa enpòtan. Li vle Donald Trump paske nan Trump li wè yon bagay nou pa kapab konprann, yon moun li te oblije kache pandan twò lontan. Nan Donald Trump, li wè moun ki desann vin mande gason (ak fanm) blan vote pou li yo: yon rasis, yon mizojin, yon entoleran ki ap mache entimide moun. Li ap louvri zèl li pou montre nou ki moun li ye.

Jan Maya Angelou te di sa: “lè yon moun montre ou kiyès li ye, kwè li, touswit”. Gason blan ki vote pa pakèt pou Donald Trump yo pa fache kont yon sistèm mete li deyò wonn nan. Li fache kont yon sistèm ki kite nou antre an.

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :