Nan yon mwa, jou pou jou, sa ap fè de lane depi kriminèl rape Saahmie nan men nou. Yo nan prizon men mwen kòmanse pèdi espwa yon jou y ap jije pou jistis reprann dwa li anfen. Pakè a ap konsantre sou lòt koze, pou jan pye l mare ak yon minis jisitis yo akize pou detounman lajan k ap fè fòs ak yon komisè gouvènman yo akize ki eskamote prèv zak la.
Men sa pa ko anyen devan yon teyat melimelo yon madanm, ansyen mennaj sou kote ak manman pitit fi yon ansyen kandida ki pa t asiste tiraj, retwouve l ladan kote yo akize l pou fwod ak menas lanmò.
Premye pati pyès teyat la te kòmanse, nan dat 18 oktòb 2017, ak yon misiv ofisyèl kòmsadwa :
Demann lan pa t pase pami lafoul. Genyen yon moun ki anchaje tèt li pibliye yon nòt piman bouk sou dam nan ak swadizan mannigans nan lavi tèt chaje yon moun ki gen yon pye l nan leta lòt la nan prive, ak siyati « Lalwa dyòl mwen » pa anba nòt la. Yon lektè ki sansib pou imaj mwen epi ki te rete kwè mòd enfòmasyon ak ti sans anba anba sa yo pa te ka pawòl pa m, te pwopoze m demake tèt mwen piblikman parapòta pawòl sila, pou sizanka. M te fè sa san pèdi tan, 31 oktòb 2017, sou Twitter :
Nan lavèy, jou 30 oktòb 2017 la, Pakè t ap anile demann li te fè le 18 la epi li t ap envite, jantiman, dam nan pou li te pase kote li nan demen, pou « fwod ak menas lanmò sou Emile Hibbert Eric Jean Jacques » :
Men vwaladkese jodi a, jou 8 novanm 2017 la, dam nan reparèt sou Whatsapp mwen, ak yon lòt demann ki sitèlman fè panse ak sa 18 oktòb la li yon ti jan anniye m :
Mwen, demann mwen an senp : arete dam nan oswa pa arete l, men pran desizyon n ap pran an. Genyen Saahmie, genyen Douglas Voice, genyen plizyè milye viktim sosyete a ap mande jistis pou yo, nou bouke ak chow telereyalite sa yo.
Alèkile, jistis Ayiti a sou lobedyans yon MINIJUSTH ki se rezilta enkapasite Nasyonzini, pou l asepte gwo echèk Minustah a, epi se rezilta derefize li derefize tire leson an. Se krèvkè pou ou wè jan yo ap sèvi ak gaf sou gaf pouvwa jidisyè nou an pou yo jistifye prezans yo epi jere fyète yo. Kidonk, mesyedam ki Pakè Pòtoprens yo, sispann teyat la, epi fè travay nou. Li te mèt se ta pou zòt menyè fèmen bèk li.
Version originale: QUI EST TANIA CHIHIMIE ET QUE FAIT-ELLE DANS MON WHATSAPP? Publiée le: 8.11.2017
Laisser un commentaire