Se ofisyèl! M sot HT la loi de ma bouche

Trè chè lektè, trè chè lektris

Jedi dènye, mwen te ekri yon ti imel konsa konsa epi m te deside, sou yon kout tèt, lage li an liy. M te jwenn yon non ki adapte, prepare yon logo nan espas 5 minit, kreye yon nouvo blòg apati kont WordPress mwen an epi se konsa La loi de ma bouche te kreye. Nou te kòmanse pataje l sou rezo sosyal yo e se la m te konprann petèt m met men sou yon bagay. Twa jou apre, nan dat ki te 16 dawou 2015 lan, m t apral lanse yon paj Facebook ak yon kont Twitter pou ede fè pwomosyon blòg la. Rezilta yo te depase atant mwen. Jodi a nou plis pase 1 500 ki renmen paj la epi plis pase 30 000 moun k ap entèraji ak paj la; nou plis pase 1 200 abone sou blòg la e anviwon 4 000 ki vizite l chak jou. M ap ekri sa la jis kounye a m pa ko ka kwè. M pa fin kwè se vre.

Depi lè a, nou te diskite sou teyat elektoral la, Bwa Kayiman, sitwayènte ak…zam distraksyon masif. Nou te rive jwenn kont Facebook pèsonèl mwen an -ke m prèske pa itilize malerezman- epi kite mesaj pou di m jis nan ki pwen biyè mwen yo rive sou nou, pou remèsye m paske m ap di byen fò sa tout moun ap panse ap tou ba, pou felisite m paske m rive byen fòmile e demontre sa ki friste nou nan « demokrasi » Ayiti a. Se te tou pa m pou m di nou mèsi paske nou fè m konprann gen yon piblik pou li kout toya m yo e m pa bezwen jennen egzèse lalwa bouch mwen. Waw, epi se pa nenpòt ki piblik non!

Mèsi tout moun!

Patricia Camilien

Yon Ayisyèn di peyi


Tèks sa a se tradiksyon kreyòl yon biyè @patriciacamilien te pibliye nan dat 20 dawou 2015: C’est officiel ! Je viens d’HT la loi de ma bouche .

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :