Kòmanse kanpe nan menm kan ak yo

Granm maten an, yon zanmi fè mwen sonje pou mwen fè atansyon lè mwen pral travay. Yè, kèk zanmi ki lòt bò rele mwen pou verifye si mwen byen epitou si mwen ap pran prekosyon. Manifestasyon kont lwa finans 2017-2018 la ap rapousib jodi a, menm jan ak yè, mwen pran devan ( jan mwen toujou fè li) anpil kòmantè ki ap kondane zak vyolans pèp la, yon pèp ki sitèlman enbesil li pa ka wè sa l ap kraze yo se pou moun ki nan menm kan ak li. Men èske nou nan menm kan vre?

Pèp sa nou ap meprize chak jou Bondje mete a, nou menm byennere, se li ki nan lari a. Pèp sa a nou fè tankou nou pa tande a paske nou fin fou ap chache La Perle des Antilles nou an, se li Ki nan lari a. Pèp sa a nou ap di ki sal la, ki pa eklere, k ap kale ti vòlè san kanpe a, se li ki nan lari a. Alòs, di nou non: se kilè nou te nan menm kan ak li a?

Èske nou te bay kout men pou fè tande vwa li nan koze grabday monnen salè minimòm patwon yo t ap charite li a? Èske nou te kanpe an kwa kont vyolans ajan meri yo ak lapolis lè yo te tchwe machann liv la? Èske nou te pote kole pou pitit li al lekòl, pou li jwenn travay, pou fanmi li jwenn lamanjay, jwenn laswenyay, pou vi li, anfen, pa menm jan an?

Non? Epi ou mande li pou li nan menm kan ak ou? Men, li te nan kan ou deja. Plizyè fwa, li soti nan mòn vini lavil pou ba ou libète. Pou ou di li mèsi ou rele li nèg mòn, gwo zago, gwo soulye. Epi nou vle pou li kontinye ba nou tout li menm. Poukisa? Pou nou ka fè granpanpan, grannèg? Pou nou resi reyalize anbisyon ti boujwa nou yo? Ki dwa nou pou nou ap pase pèp sa a lòd? Ak ki figi?

Jouk kilè nou ap rive konprann se kout pa nou? Yo di nou li, yo redi nou li ankò: se kout pa nou pou nou nan menm kan ak li? Se kout pa nou pou nou gen konsyans vyolans estriktirèl ki ap fèt sou pèp ayisyen an depi 2 syèk la bay plis repiyans pase pil moun sa yo ki an kòlè k ap kraze de grenn vit. Se kout pa nou pou nou sonje vi yo gen valè menm jan ak pa nou. Paske yo se MOUN. Paske yo se AYISYEN. Si nou la, se paske yo la.

2 commentaires sur “Kòmanse kanpe nan menm kan ak yo

Ajouter un commentaire

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :