Se te yon fwa yon pèp ki te gen nan listwa l anpil gwo viktwa ki fini sou gwo desepsyon. Viktwa kont lesklavaj nwa ki fini sou zak lasasinay yon anpèrè ki te vle sila yo papa yo an Afrik jwenn yon bagay tou. Viktwa kont kolonizasyon ki debouche sou pèman yon dèt endepandans lan ki mete ekonomi nou ajenou. Viktwa pou libète ki fini nan monachi ak yon pil prezidan a vi.
Epi vin gen 1986. Yon diktati dechouke. Epi 1988. Premye esperyans demokratik yo tache ak San riyèl Vayan. Epi 1990. Demokrasi triyonfe. Yon pèp annantye te chwazi yon pè ki te pwomèt yo an gran kantite Jistis. Lapè. Pwosperite.
Pandan 8 mwa, pèp la te kwè, anfen, li te pral pran desten l nan men l. Pwomès1986 yo te lwen pou yo akonpli. Kèk moun te awogan nan viktwa yo a. Pè a te poze kèk move aksyon. Men yo te gen bon lespwa.
Epi 1991 rive. Yon 30 septanm. Yon koudeta. Koudeta ki lakòz plis moun mouri nan listwa yon pèp ki poutan pase anba anpil koudeta. Koudeta ki lakòz plis doulè tou. Epi ki pi long.
Pandan twa zan, anba yon anbago sanmanman tonton Amerik enpoze, pèp la kontinye espere. Li te konnen Pè li a t ap retounen. Li te konnen, fwa sa, ze a ta pral retounen nan bouda poul la. Li te konnen jou fèy la tonbe nan dlo a se pa jou a li koule. Li te konnen sèl pitit gason l yo fè kite peyi a ale a te gen pou l tounen nan peyi l.
Jou ki te 15 Oktòb 1994, pitit gason an tounen. Men li pat li menm ankò. Oubyen, pito, li te plis li menm pase anvan. Li te retounen avèk akò Governor’s Island la. Li te retounen avèk chimè yo. Li te retounen sipè prezidan, detèmine pou l pran epi kenbe pouvwa a, dabò ak yon marasa epi gwo vyolans ki pote laperèz.
Pèp la, desi, fèmen sou li menm. Reziyen l. Li deside aksepte sa mou pa ta sipoze aksepte. Y ap selebre rezilyans li. L ap kontanple decheyans li. Men se nan lespwa yon jou, yon jou, l ap gen vre viktwa a, viktwa ki ap bon tout bon an.
Jou sa, sosyete ayisyèn nan pral resi ogmante nivo istorisite l( Alain Touraine). Li pral konstwi kèk pratik « apati de modèl kiltirèl e atravè konfli ak mouvman sosyo ». Li pral konstwi yon reprezantasyon de li menm, yon entèpretasyon de sa li ye, de byen komen.
Jou sa, pèp ayisyen ap tounen yon pèp, anfen.
Version originale: Il y a 26 ans, un beau rêve s'effondrait. Publié le 30 septembre 2017.
Laisser un commentaire