Yon pwojè lwa ki gen pou l vin yon lwa pa ka vyole lalwa

Pwojè lwa finans lan reyisi – si sa te posib toujou – fè nou wont sou konpetans kèk nan élu nou yo nou te fè ti konfyans toujou. Poutan yo demontre premye karakteristik onorab palmantè nou yo se enkapasite fondamantal yo yap ekspoze ak fyète.

Nan de(2) semèn, de(2) senatè nou toujou salye kouraj entèlektyèl yo nan laprès, te denonse (sa ki gen pou li vin) lwa bidjè 2017-2018  la pou yon rezon ki dwòl anpil: ta sanble li kontrè ak lalwa.

Kòm senatè sa yo te resevwa konpliman jiri a pou pozisyon prensip yo, m ap prese pou m foure bouch mwen pou m fè , menm jan papa m ki notè renmen di, yon « point de droit »  ki se tit biyè sa:

YON PWOJÈ LWA KI GEN POU L VIN LWA PA KA VYOLE LALWA

Se yon fait juridique, ki pou yon fwa gen yon lojik byen senp. Pwojè lwa a (poko) yon lwa. Se yon pwojè. Lè li vini yon lwa,li ranplase lòt lwa ki kontrè li yo. Se senp pa vre?

Men li sanble pa senp pou senatè nou yo ki gen lè pa t li biyè  À quoi sert Gracia  Delva a paske yo pa sanble fin konprann wòl palmantè yo a.

Sa pa anpeche Senatus Scribendi nou yo miltipliye pwopozisyon lwa yo ki, si yo te pase, tap vyole, konstitisyon an, bon sans ak lizaj.

Pou benefis yo ak pa jiri a tou, mwen ta renmen prezante la bèl ti chema  nòm yo dapre Kelsen:

Pati konstitisyon

Pati konvansyon

Pati lwa

Prensip jeneral dwa

Regleman (dekrè,arete)

Aksyon administratif(sikilè ak direktiv)

 

Ak yon ti chans, yon moun pral fè li rive jwenn palmantè yo ki va ajiste aksyon demagojik yo a yo an konsekans.


Version originale : Un projet de loi a vocation à devenir une loi et ne peut donc violer la loi. Publié le 7 septembre 2017.

Laisser un commentaire

Entrez vos coordonnées ci-dessous ou cliquez sur une icône pour vous connecter:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l’aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion /  Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l’aide de votre compte Facebook. Déconnexion /  Changer )

Connexion à %s

Propulsé par WordPress.com.

Retour en haut ↑

%d blogueurs aiment cette page :