Premye ak dènyè fwa nou te pale de lekòl dwa nan Gonayiv la, nou te fèk rejwenn tras yon ansyen matadò sipèb ki te reyalize yon eksplwa. Moun ki te di byen wo li te chanje rezilta eleksyon 2011 yo, te la kòm parenn gradysayon yon pwomosyon ki sòti nan youn pil sikisal kansè nan dènye faz ke lekòl dwa ak syans ekonomik nan Gonayiv la tounen depi kèk tan.
Yè sou Facebook, li raple nou egzistans li, pa mwayen yon kokenn selebrasyon lakontantman yon nouvo lisansye nan dwa, Honick Beauplan, teknisyen nan ministè afè sosyal e “kavalye pòlka” senatè Evalière Beauplan ki li menm, fòk nou rekonèt sa, jiskaprezan te abitye fè ti jèfò.
Yon tikras pita, entèrese a te tante jwe koken komkidirè yo te pirate kont li. Men kòm paj la te netwaye konmkidirè li pase nan yon lavaj ak presyon pou tout ane 2017 lan, rektifikasyon an pa t rive konvenk pèsonn.
Rektifikasyon an nan li menm gen fot franse ke nou pap relve, akoz ti pwoblèm nou konnen an, men li t ap difisil pou l esplike ke sèl estati ekri nou jwenn sou kont lan aprè yon lis byen long estati lòt moun ki pataje san okenn komantè.
Nou konprann pi byen kounya, moun ki nan mwa Me 2015 lan te gentan bay tèt li tit mèt la, pa sèlman gen yon pwoblèm franse. Bagay la pi grav. Pwoblèm li genyen nan ekri a, li trennen l ak li soti nan yon lang al nan yon lòt.
Fiti depite sa – yon estati konsa dwe kache kèk anbisyon politik- ka vin rejwenn ran palmantè nou yo. Palmantè nou yo ki deja pi fasil rete bouch fèmen nan yon lang ke yo pa metrize. Palmantè nou yo ki ap seye montre nou kijan pa gen entèlijan pase yo pandan y ap redi anba pwonosyasyon epi ponn pwopozisyon lwa ki pa kanpe sou anyen.
Se pou rezon sa nou dwe pale de nouvo mèt Beauplan ak Lekòl dwa ak syans ekonomik nan Gonayiv. Nou dwe pale de bwat sa, ki gen pou objekti prensipal fè lajan nan non Inivèsite leta dayiti epi pwodwi yon pakèt moun ki pa ka ni li, ni ekri epi ki panse yo save. Nou dwe pale de bagay sa kap ofri kou pa korespondans, akeyi plis pase 10.000 etidyan ayisyen – 7.000 nan dwa – nan yon pil ak yon pakèt anèks ki epapiye nan kat kwen Repiblik la. Nan Pòtoprens sèlman gen kat ( 4 ) sikisal, an konkirans dirèk avèk pi ansyen enstitisyon ansèyman inivèsitè peyi a, Fakilte dwa ak syans ekonomik (FDSE). Fòk nou pale de brikabrak sa ki resevwa pou pi piti 17.000 enskripsyon chak ane pou ofri yon fòmasyon nan move kondisyon, kote kou ap bay pa mwayen de yon seri dispozitif enfòmèl fòmasyon a distans : djonp(kle USB), kat memwa, fotokopi kaye nòt kou yo pou yo voye bay sa ki andeyò, nan provens lwen yo. Nan inivèsite brikabrak sa, ekzamen anyèl yo fèt nan tout kondisyon sòf sekiritè e mwens ankò yo pa vrèman kapab asire nan tout entegrite evalyasyon an vre. Sèn komedi sa fini sou yon memwa ou peye yon direktè 30 ( pou li dirije ) 70 (pou li ekri ) alevwa 150+ mil goud (pou garanti yon jiri favorab lè soutenans lan ).
Nan galimatya sa, ou jwenn tou vrè etidyan ki enterèse ak fleksibilite lekòl santenè sa ( li te kreye 7 Novanm1912 ) pèmèt yo pou yo suiv kou e ki pral soufri de move repitasyon ke lekòl la pa sispann konfime. Ata Inivèsite leta a sanble pa vle wè anyen ak Lekòl la; se yon paj vid ki reprezante l sou sit inivèsite a. Nan Ma’arat Ha’EImim gonayivyen sa, yo asasinen avèk ray rèv yon milye jèn malere ayisyen ki panse yo jwenn yon mwayen pou yo asksede anfen a yon monn inivèsitè kote jèn yo mwens ke 1%. Kòmsi sa pa t ase, yo blije ap gade kriminèl – sila yo ki te kontribiye pou mete yo menm, ak fanmi yo, zanmi yo, nan sitisyasyon san espwa yo ladann lan – k ap vini prezante tèt yo kòm modèl.
Se konsa nan dat 16 desanm 2011, ansyen e kounya defen diktatè Jean Claude Duvalier te envite donè yon lòt pwomoyon. Se prèske kòm si yon moun ta ka di pi gwo pinisyon ke w ka bay yon ayisyen nan peyi a se pwopoze l pou li vin parenn yon pwomosyon lekòl dwa ak syans ekonomik nan Gonayiv. Se mòd ofans sa yo ki ekzije reparasyon granm ti maten, an prezans temwen. Pa sèlman pou lave lonè w, men lonè tout fanmi w ,zanmi w aktout moun ou te kwaze nan vi w ki ta riske trennen nan labou a koze de endiyite sa; se mòd imilyasyon, denigreman, degradasyon, wonte ou ka akespte sèlman apre ou fin fè moun ki mete w nan sitiyasyon difisil sa peye.
Epi ou raple w se yon lekòl dwa kap fòme fiti avoka, jij ak majistra nan peyi. Tout sa ki rete w, se yon gwo tristès.
Version originale: Nous devons parler de l’école de droit des Gonaïves. Publié le 24 septembre 2017.
Laisser un commentaire