Depi dimanch 9 dawou (2015) nou konnen an, ni KEP a, ni obsèvatè sa yo ki finalman pa t obsève anyen an, youn pa sanble kapab di nou to patisipasyon nan eleksyon lejislatif yo. Biyè sa a se yon ti kontribisyon tou piti pou ede rezoud gwo pwoblèm sa a atravè yon ti kalkil byen senp.