An dirèk sou Twitè, rapò Petwo Karibe a (1/2)

Aswè a, m koumanse li Rapport de la commission sénatoriale spéciale d’enquête sur le fonds Petrocaribe couvrant les périodes allant de septembre 2008 à septembre 2016 la (Rapò komisyon senatè ki t ap ankete sou lajan Petrocaribe a sou peryòd sektanm 2008 pou rive sektanm 2016) epi m vin gen yon sèl anvi pataje sa m panse ak nou pandan m ap li a. Men tout moun pa sou Twitter. Se pou sa m deside kopye yo la tou pou pesonn pa santi yo dòmi deyò.

Pou koumanse, ban m fè nou jwenn rapò wololoy la san wete san mete. M depoze l la pou nou sou Google Drive.

M koumanse li epi kè m kontan lè m wè valè non ki site nan kokenn chenn rapò sa. Gen nan non yo m pa sezi pou yo paske non sa yo te site deja nan yon premye rapò. Non moun sa yo te site pou abi otorite, malvèsasyon, dwèt long nan kès Leta. Non moun sa yo se : Jean Gabriel, Michel Lecorps, Eustache St Lot, Jean-Max Bellerive, Hervé Day, Michel Content, Lionel Grand Pierre, Laurent Salvador Lamothe, Josefa Gauthier, Jacques Rousseau, Marie Carmelle Jean-Marie, Wilson Laleau, FLorence Guillaume Duperval. Gen ansyen minis agrikilti a tou, Hebert Docteur, pou tèt li itilize grad li pa genyen. Ta sanble se sèvis wi malere a te vle rann, podyab. N ap tounen sou dosye sa.

Kounye a, an nou pran tan nou pou nou konsidere, ak kè kontan, jan #PoFlèLeta nou yo reponn prezan nan rapò Petrocaribe a.

Pwogram konstriksyon pak espò pitit oswa konseye prezidan an, Olivier Martelly, t ap jere anvan sa a parèt nan rapò a tou.

Men sa pa ko anyen la.

Èske nou sonje lè Anbasadè ameriken an te pèmèt li monte lajan ameriken an a 75 goud la pandan dola a te 69 goud, lè sa jan tout moun te estomake ? Biwo Monetizasyon Pwogram Èd pou Devlòpmam an li menm t ap iltilize to pa l ki te 107.35 goud pandan BRH te bay to pa l ki te 65.5368 goud. Ale non, mache di sa nan tout vil la, simaye nouvèl la. M ap tann nou.

 

Gen pil dèt konpayi Sogener ak EDH yo tou. Lè ou rete ou ap sonje konpayi SOGENER ak lòt konpayi parèy li yo te prete lajan nan men nou pou achte materyèl pou yo te ka vann nou yon sèvis byen chè pandan yo pa ko menm fin remèt nou lajan yo dwe nou an. N ap tounen sou sa. Se bagay pou nou ta wè, pati kontra ki di koze sa a, swadizandi se moun k ap mache nan menm kouran revolisyon bolivaryen an ki ekri l.

 

Men li. Pa menm yon fwa yo pa ekilibre balans kontab la epi se menm kontab an chèf la, Guecheline Fleurantin, ki la depi 8 lane. Make yon pwen pou Ayiti nan zafè pwoteje djòb anplwaye.

Fè yon kout je nan kont kliyan nou yo. Tout konpayi gaz sa yo ki dwe nou epi k ap vann nou  gaz la tèt nèg, kèk fwa gaz la pa menm bon menm. Si nou te gen yon kontab an chèf ki t ap swiv dosye yo depi tann dat sa li te ka…li te ka fè kisa ? Bon, an nou kite koze sa.

Mete sou li, se pa 2 dèt non nou pa genyen:

Men an nou fè yon ti tounen sou depans yo. Èske nou sonje pwogram yo te rele Ban M Limyè Ban m Lavi a ki te fè wout Dèlma a tounen Manatann nan ? Ebyen pwogram sa te koute nou plis pase 600 milyon goud. An nou espere pwogram tou nèf Kay Pa m Klere Prezidan Jovenel Moïse la pran leson l dwe pran sou sa ki te pase deja. Dayè non l site nan paj 71 rapò a kòm reprezantan konpayi ki rele COMPHENER SA a. Annatandan, an nou gade lis konpayi ki te swadizandi pote lavi paske yo te ban nou limyè yo :

Ta sanble  René ak « Michelle » byen soti nan bagay sa. Ban m pran yon ti souf. [M jis ap tann yon lòt rapò ki pou montre m te gen tò.]

 

Men mwen kounye a ki bouch be souf devan jan m wè yon seri moun rive vwayaje atravè tan san pwoblèm. « Pou sa ki gen pou wè ak matrikil fiskal ki nan dosye a, se 13 Janvye 2011 DGI te bay li epi kitis la menm se te 11 Janvye 2013, pandan kontra a li menm te siyen 3 Fevriye 2010 » (paj 139). Ala en!

Men tou, pil ale vini sa yo pa fouti pa bwase bil yo. Se konsa, pou pi senp, finalman yo jis sispann mete dat siyati kontra yo, epi lapè.

Toujou nan menm lespri koupe kout met nan makout la, yo kontinye bay zanmi yo kontra gre-a-gre, san mande garanti, san Koudèkont pa otorize yo fè sa, san yo pa chache konnen dizon Komisyon Nasyonal Mache Piblik yo, san patant, elt. Pou bay (fonksyonè) Larepiblik tete se vre, men tou pou fè pèp la bay bèf pou kabrit nan peye chak kilomèt wout pou sa l pa vo.

Komisyon Sena a ki travay sou dosye sa fini ak yon gwo nouvèl pou di nou : Gouvènman Bellerive la (yo) te pwofite yon katastwòf natirèl ki rive nan peyi a pou simaye kontra gre-a-gre ki pa gen anyen pou wè ak tranblemanntè ki te touye plizyè santèn milye konpatriyòt san konte milyon moun ki te viktim yo yon fason oubyen yon lòt yo. M konnen wi. Adje ! M pa ka jwenn kote m lage linèt mwen mezanmi.

 

M fenk fin jwenn linèt mwen epi men kounye a se manm mwen ki kraze. Yon konpayi ki fèmen, ki pa menm egziste ankò non rive ap siyen kontra. Kote nou pran la menm ! Nou pase nan yon lòt nivo wi la. Do se sa yo rele finans kantik la!

Il y aussi, et c’est logique, de la construction quantique. Des projets sont exécutés par la SECOSA mais on ne sait où. On sait toutefois qu’ils n’ont rien à voir avec le séisme.

Men gen yon koze konstriksyon kantik tou, e sa lojik. SECOSA egzekite pwojè men ou pa fouti di kibò. Toutfwa, nou konnen sa pa gen anyen arevwa ak goudougoudou,

Les membres de la commission recommandent la mise en accusation de l’ancien PM Jean Max Bellerive pour: 1) Abus de fonction (Article 5.5); 2) Surfacturation (Article 5.8); 3) Trafic d‟influence. (Article 5.9); 4) Népotisme (Article 5.10); 5) Passation illégale des marchés publics, (Article 5.12). Ce mardi, au Sénat, nos Senatus Scribendi vont hurler, tempêter, grandiloquer.

Manm komisyon an mande pou akize ansyen premye minis lan Jean Max Bellerive poutèt : 1) li fè depase sa otorite l te ba li pandan l te sou pouvwa a (atik 5.5); 2) li mete pase genyen nan fakti yo (atik 5.8); li pran lajan nan men moun pou l ka fè yo kèk favè (atik 5.9), li aji an moun pa ak fanmi l (atik 5.10), li vyole prensip pasasyon kontra yo (atik 5.12). Madi sa, anndan chanm Sena a, Senatus Scribendi nou yo pral fè gran gòj, pakèt bri, bat lestomak yo.

 

Pandanstan, an nou gade jan tranblemanntè 2010 la gen do laj:

[Permettez que je prenne quelques secondes pour regretter que l’épisode Gary Conille ait été bien avant le lancement de ce blogue. Mais bon, le passé est un autre pays.]

Pèmèt mwen pran kèk segonn pou m di jan regrèt feyton Gary Conille la te pase avan blòg sa te lanse. Antouka, sa pase deja.

Biyè sa a se tradiksyon kreyòl yon pati nan biyè 
"En direct de Twitter, le rapport PetroCaribe". 
@patriciacamilien ki te lage vèsyon orijinal la an novanm 2017. 
Rès tradiksyon an pou yon pwochen biyè.