Anba dechoukay sa a, ou kwè Prezidan Moïse ap ka kenbe pwomès li yo? 

Se  avèk otorizasyon @jakobjohnston nou ap pibliye atik li a ki te parèt jou ki te 27 jiyè 2018 nan The Nation.

 

@patricia.camilien tradui li an franse. @aymexume tradui li an kreyòl.

 

********

 

Nèg Bannann nan te konpare tèt li ak Donald Trump…e li gen rezon…plis pase jan nou kwè li a.

 

Nouvèl la tonbe yon vandredi apremidi, nan fen dezyèm mitan match Bèljik kont Brezil la — yon ekip pifò fanatik boul Ayiti adopte. Kèk minit apre, Brezil pèdi match la. An de tan twa mouvman, plizyè milye ayisyen pran lari. Men se pa t paske rezilta match la pa t fè yo plezi.

 

Gouvènman an te anonse li te pral wete sibvansyon gaz la. Konsa, soti jodi rive demen, pri gazolin te pral monte pou rive 4,50 dola ameriken pa galon (38% ogmantasyon). Kanta kewozèn — sitwayen ki pi pòv yo sèvi ak pwodui sa a anpil — li te pral monte pou rive prèske 4,00 dola ameriken pa galon (51% ogmantasyon). Si yo te prevwa mondyal la te pral distrè popilasyon an, yo te mal kalkile.

 

Kèk mwa anvan, nan kad yon akò ak Fonds Monétaire International (FMI), gouvènman an te aksepte wete sibvansyon yo. « Pèp la t ap tann desizyon sila a », yon sous nan lapolis te esplike, « epi tout moun, nan chak zòn, te pare pou reyaji. »

 

Menm si se plis moun ki gen lajan ki benefisye sibvansyon gaz la, nenpòt ti ogmante lavi chè a ogmante, se yon veritab katastwòf nan yon peyi kote 60% popilasyon an ap viv avèk mwens pase 2,40 dola ameriken pa jou. Manifestan yo te konstwi barikad, boule kawotchou tout kote nan kapital la, Pòtoprens. Epi nan yon bat je te gentan manifestasyon toupatou nan peyi an. Nan samdi maten, bagay yo te vin pi myèl. Deblozay te pete : yon veritab dechoukay.

 

Manifestan yo ta sanble chwazi gwo lotèl ki resevwa etranje yo ak makèt youn nan fanmi ki pi rich an Ayiti yo posede. Men, menm jan lavi chè a frape klas mwayèn lan, se menm jan an manifestasyon yo frape l. Gen anviwon 80 biznis tout gwosè ki sibi. Konpayi ayeryèn yo anile vòl an direksyon Ayiti yo. Pandanstan, kèk moun ki gen nan men yo monte nan elikoptè ak djèt prive pou kite peyi a. Yon ventèn moun mouri, yo arete plis pase 50 moun.

 

Mwens pase 24 èdtan apre gouvènman an te anonse pri gaz la te pral monte, li te fè bak sou desizyon an. Epi, yon semèn apre, jou ki te 14 jiyè a, Premye Minis Jack Guy Lafontant te blije bay demisyon li olye li te al pran kanè nan Palman an. Men, rezilta premye desizyon sila a kontinye ap fè peyi a tranble. Epitou, li vin montre kijan demokrasi Ayiti a frajil.

 

Kounye a, Prezidan Moïse, ki monte sou pouvwa a an fevriye 2017, kanpe poukont li nan tèt gouvènman an. Men li kanpe bab pou bab ak pi gwo defi prezidans li an.

 

Antan ke biznismann agrikòl ki soti andeyò, yo te prezante nou Moïse tankou kandida ki te kapab bay yon pèp ki grangou manje. Epi li monte sou pouvwa a ak yon dividal pwomès : wete grangou, wout asfalte, kouran toupatou nan peyi a, epi rele chalbari dèyè koripsyon. Apre elkesyon an, Moïse te konpare viktwa li an ak pa yon lòt biznismann ki, li menm tou, te vin prezidan : Donal Trump. Nan epòk sa a li te di : « Prezidan Trump avèk mwen se biznismann, e tout biznismann vle rezilta. »

 

Men rezilta yo mal pou vini. Manje rete yon danre ra. Sa fè plizyè lanne enflasyon an make ak 2 chif. Epitou, goud la pèdi mwatye valè li; sa ki lakòz pouvwa achtay moun desann, nan yon peyi ki depann de enpòtasyon. Ayiti se youn nan sosyete nan mond lan kote gen gwo diferans nan reyalite sa ki rich ak sa ki pòv; pandanstan, gaspiyaj nan gouvènman an kontinye fè moun kwè ke politisyen yo bay enterè yo plis enpòtans ke enterè moun ki vote yo.

 

Se kòmsi repons pèp la bay nan koze retire sibvansyon sa a fè Moïse ak administrasyon li an sezi. Kòmsi y opa t ka wè reyalite kote yo ye an. Poutan, lè yo anonse pri gaz la, se te kòmsi yo te limen yon alimèt epi lage li sou bwa pen ki t ap benyen nan gaz : dife ki te pran an pa ta dwe fè yo sezi.

 

Moïse se moun Twoudinò, nan Nòdès Ayiti. Se nan zòn sa a plantasyon bannann ki ba li ti non jwèt « Nèg Bannann Lan » lan ye.

 

Nan yon ansyen koloni ki sibi enfliyans ak eksplwatasyon peyi etranje pandan plizyè syèk, ti non jwèt sila a t ap twò raz pou yon liv Graham Greene. Men li te byen sonnen nan peyi a, e se sa ki te bay nouvo politisyen an kredi.

 

An septanm 2015, yon jou anvan li kòmanse kanpay elektoral li, Moïse te kanpe nan mitan jaden bannann li pou li di ak fyète : « Bannann nou yo sou wout pou yo ale an Ewòp. » Se te premye kagezon konpayi li an t ap voye, epitou, konpayi an te di, se te premye kagezon bannann Ayiti t ap voye depi plis pase 50 lanne.

 

Se Moïse pati ki te gen pouvwa a te chwazi pou pran lamayèt la. Li te resevwa ofisyèlman pi fò vòt nan eleksyon 2015 yo, men yo te anile rezilta sa yo akòz de kantite fwod ki te genyen. Prezidan ki te la anvan li an, Michel Martelly, kite pouvwa a lè manda li te bout. Yon gouvènman pwovizwa, ki te gen ladan l anpil manb lopozisyon, te ranplase li. An oktòb 2016, siklòn Matye te devaste pati sid peyi a; sa ki te lakòz yo repouse eleksyon yo.

 

Moïse te kandida, pami 54 kandida ki te pral dèyè chèz boure a, ki te resevwa plis finansman; epitou, li te gen yon gwo konpayi kominikasyon entènasyonal dèyè li. Se sa ki te pèmèt li kontinye kanpay li, pandan ke pa lòt yo t ap fennen, malgre tout reta sa yo. Dayè, Moïse te parèt tankou pi bon solisyon an akòz jaden manje siklòn la te ratibwaze, pami jaden sa yo te gen jaden bannann.

 

Jean-Max Bellerive, yon ansyen premye minis ki te nan gouvènman pwovizwa a tou te esplike mwen ke : « San [plantasyon sila a] li pa t ap janm prezidan. »

 

Antouka, mwens pase 20% moun ki te enskri pou vote te patisipe nan eleksyon an. Alòske Moïse monte sou pouvwa a kòm prezidan ak yon majorite nan Palman an, manda popiliè li di li genyen an pa reyèl – dayè, dènye deblozay ki pete a demontre sa.

 

Sa pran 9 mwa pou w rekòlte bannann apre ou fin plante li. An novanm 2017, yon lanne apre Moïse te genyen eleksyon an epi 9 mwa apre li te pran pouvwa a, mwen monte sou plantasyon ki te ede l pran pouvwa a pou mwen ka wè ak 2 je mwen si Nèg Bannann Lan te fè bon rekòt.

 

Yon kloti ki te fèt ak branch banbou vèt mawonnen ak babele—babele yo te apèn parèt—te sèvi lantouray pou wout ki mennen sou plantasyon bannann Moïse la, ki sou plis pase 780 kawo tè. Plantasyon an fè twa fwa Central Park nan Nouyòk. An 2013, gouvènman ayisyen an te deklare ke tè sa a fè pati premye zòn franch agrikòl li. Gouvènman an te wete taks pou tè sila a epi li te bay nouvo konpayi an, Agritrans, ke Moïse (ki te prezidan chanm komès lokal la) te posede, yon prè 6 milyon dola ameriken. Envestisè ki te ki pa t bay non yo te mete omwen 10 milyon ameriken nan konpayi an.

 

An nou tounen sou wout la. Kloti an banbou an mennen nan antre Agritrans. Pa vreman gen yon biwo la. Jis gen yon gwo baryè fè fòje, kèk konntenè, yon pankat blaze, epi tè—anpil tè.

 

De twa travayè te kanpe ap gade yon traktè Hyundai ki t ap stat epi ki te kòmanse fouye tè a. Yon tè ke zèb te anvayi. Yon ti kras pi lwen, anviwon yon douzèn travayè te sanble ap plante sou yon ti pòsyon tè ki te fèk fin sakle. Se la mwen te pral vin aprann ke, depi lè Nèg Bannann Lan te genyen eleksyon yo, yo pa t voye yon grenn bannann aletranje.

 

« Apre eleksyon yo, yo te pran lajan yo », yon teknisyen dlo ki te soup las di nou pandan li monte zepòl li. Mwen te kapab wè yon sistèm irigasyon ki t ap fofile sou plantasyon an, nan limit mwen te ka wè. Li montre mwen yon ti kay ki pa t twò lwen (kèk santèn mèt konsa). Se la mwen t ap ka rankontre responsab la.

 

Erlin Tijerino, yon agwonòm kostariken ki espesyalis nan koze bannann, te chita sou yon tab pwodiksyon ki te kanpe fiks nan zòn tretman bannan yo. Tijerino pa t gen biwo, men sa pa t ba li pwoblèm. Tab la pa t fonksyone depi plis pase yon lanne, depi lè yo te anboche li.

 

Lè Tijerino te prezante pou premye jou travay li, kèk tan apre Moïse te genyen eleksyon an, tout pye bannann yo te deja mouri. « Tè a pa t bon », li esplike, « li te difisil pou pwodui bannann. »

 

Sa te pran yon ti tan pou mwen te pran sans kalite pawòl li te so t di mwen.

 

Lè mwen rankontre li, Tijerinon t ap sipèvize yon pwosesis pou amelyore tè a, epi li te fèk kòmanse ap plante yon nouvo kalite bannann li te espere ki t ap pi bon pou tè sila a. Premye ti rekòt la t ap pare pou kòmansman 2018, se sa li te espere. Yo te replante sou mwens pase 31 kawo tè—prèske 5% teren ki te andedan kloti banbou an. Tè sila a, li te esplike, te ka pi bon pou yon ti plantasyon pistach, mayi oswa pwa.

 

« Nou te konn vann viv nou yo nan mache pou nou achte pwodui lokal », Nadia te di m. Men kounye a, li di pandan figi li te vin yon jan pi di, « Se plis diri enpòte nou manje. »

 

Nou te kanpe bò kote yon chapant an blòk a kote kay manman Nadia ak wout ki te pase kote li an. Anfas la, kloti Agritrans la te kanpe; pa dèyè kloti an : yon teren vid. Men teren sa a, Nadia pa t ka al sou li ankò. Ni li menm, ni moun ki te rasanble bò ti kay li an.

 

Nadia pa janm bliye jou sa a, sa gen plis ke 4 lanne, kote Moïse te parèt ak traktè. Fanmi li te viv sou tè sa a epi te travay tè sa a pandan plis pase 30 lanne, dapre sa li di m. Epi, yon jou konsa, yo bati yon lantouray—yon lantouray ki bare kay li andedan. Kèk jou apre, traktè yo tounen vin kraze kay li an, ak tout sa ki te fè pati de lavi li.

 

Nadia ak mari li te bwote al rete anfas la, kay manman li. Piti piti, Nadia ak mari li te rive mete yon ti kòb sou kote pou kòmanse konstwi kay pa yo sou menm teren an. Men mari li vin mouti yon ti tan apre sa. Depi lè sa a, li pa gen mwayen pou li kontinye konstwi. Ti kay la rete vid, la nan figi li pou raple li tout sa li pèdi.

 

Agritrans te pwomèt anviwon 3000 peyizan nan zòn lan travay sou plantasyon an. Men, peyizan ki te rasanble kay Nadia yo di yo pa janm travay yon jou sou teren Agritrans lan. Sou plantasyon an, anplwaye yo di ke gen sèlman kèk douzèn moun k ap travay atanplen. Epitou, ti kal peyizan ki gen chans travay detanzantan sou plantasyon an (pou sakle tè a) touche 3,50 dola ameriken pa jou.

 

Jennifer Vansteenkiste se yon antwopològ kanadyen ki t ap travay nan zòn Twoudinò lè Agritrans te pran tè a. Rechèch li fè a bay yon apèsi sou enpak gwo pwojè tankou Agritrans genyen sou kominote yo deplase yo. Etid li te fè sou sitiyasyon anvan epi apre, ke li pibliye an me 2017, montre yon gwo chanjman nan jan moun manje epi yon gwo pèt nan koze lajan ki rantre. Li te wè ke, an mwayèn, chan moun pèdi prèske 1400 dola amerika pa ane. Kèk fanmi te resevwa yon ti kòb (yon sèl fwa) pou tè ak travay yo te pèdi. Men pèson, nan moun mwen pale avèk yo an, pa t di yo te resevwa plis ke 700 dola ameriken.

 

Men lè mwen mande moun bò kay Nadia yo pou kiyès yo te vote, prèske tout reponn rapid vit : Nèg Bannann Lan! Moïse te resevwa plis pase 85% vòt nan Twoudinò. Li se moun isit la, yo di. Li te fè pwomès, yo di.

 

Menm lè li fin monte sou pouvwa a, kanpay Nèg Bannann Lan pa t vreman fini. Sou wout pou mwen te ale nan nòdès la, mwen te kanpe nan yon plantasyon diri nan vale Latibonit la. Se te la, lè li te fin monte sou pouvwa a, Moïse te kòmanse Karavàn Chanjman an, yon pwogram devlòpman ki anglobe tout bagay e ki te gen objektif fè pwodiksyon agrikòl la retounen sou pik li.

 

Mwen rankontre Mesadieux Alexis, lidè yon kowoperativ agrikòl yo te kreye nan kad Karavàn lan, nan yon moulen diri ke l ap dirije nan Ponsonde. Nan ka pwogram sila a, gouvènman an te bay kowoperativ sila yo nouvo traktè ak moulen sou kredi. Sant dyezèl yo sèvi pou motè moulen an te anvayi andedan an; pil sak diri k ap tann pou yo moulen yo te monte jouk rive nan fetay kay la.

 

Alexis esplike ke pwoblèm lan se pa kapasite yo pou yo pwodui, men se pito kote yo pa genyen pou vann sa yo pwodui yo. Alexis kontan jwenn sipò Karavàn la, men « nou dwe pare pou nou kanpe anfas gouvènman an », li te di mwen. « Nou pa ka ap pwodui diri si yo kontinye ap enpòte li. »

 

Nan lanne 90 yo, anba presyon Washington ak moun ki ap prete nou lajan tankou FMI, Ayiti te desann taks sou diri enpòte « diri Mayami », soti 50% pou rive 3%. Se konsa « diri Mayami » vin anvayi nou. Jan ayisyen manje vin chanje ak nouvo politik sa yo. Jodi a, ayisyen mwayen an jwenn yon ka nan kantite kalori li konsome nan diri, e nou enpòte 80% diri nou manje.

 

Travay agrikòl peyizan yo vin dekrepi, sa ki fè ayisyen ap kite peyi a pa pakèt (plizyè santèn milye moun). Plizyè milyon moun vin ateri nan bidonvil kapital la, kote yo depann pi plis chak jou so pwodui enpòte. Men, yon fwa yo rive la lavi chè vin pete fyèl yo. Nou pa ka wete enpak abitid FMI pran pou li foure bouch nan zafè nou nan kalite repons zafè monte pri gaz la jwenn.

 

Men, malgre administrasyon an ta sanble ap konsantre li sou defèt mal k ap trennen depi kèk tan an pandan l ap travay sou pwodiksyon nasyonal ak travay nan zòn riral yo, anpil òganizasyon peyizan nan peyi a kòmanse ap vin pi fristre. Gen 20 òganizasyon ki siyen yon deklarasyon an oktòb kote yo deklare ke « pandan prezidan an ap pale de agrikilti », li pa pale ak peyizan yo. « Pi gwo atak kont peyizan ayisyen se Leta ayisyen an menm ki fè yo », se sa deklarasyon an te konkli.

 

Menm si yon jou plantasyon li an bay bon rekòt, sa ki jwe kont li se ke rekòt Nèg Bannann Lan se pou peyi etranje li ye. Dayè, menm plan bannann yo se enpòte yo enpòte yo.

 

Men, Karavàn la resevwa anpil kritik paske moun pa konn kijan yo finanse li. Karavàn la pa nan bidjè ofisyèl la. Epitou, gouvènman an sèvi ak lanjan ki soti nan plizyè ministè; se sa ki fè li pi difisil pou rann kont sou lajan sila a.

 

Malgre mwen mande gouvènman an detay sou lajan sa a plizyè fwa, mwen pa resevwa anyen. « Pa gen papye, pagen anyen », Tonny Joseph, yon konsiltan entènasyonal epi yon moun k ap fè pwomosyon bon gouvènans, te di m.

 

An fevriye 2018, mwen kontakte ekip prezidan an pou yon entèvyou. Mwen te vle aprann plis sou Karavàn la ak sou envestisè anonim Agritrans yo epi sou kijan plantasyon sila a, ki prèske pa expòte anyen, fè louvri toujou. Odepa, yo te di y ap banm repons rapid men, bridsoukou, ekip la te sispann kominike avè m.

 

Men, 2 semèn apre, akòk chèf nasyon Karayib yo ki te an Ayiti pou yon rankont enpòtan, Moïse ak yon kòtèj machin ofisyèl te rive Twoudinò, nan Agritrans. Nan yon videyo ki byen prepare, moun te ka wè tab pwodiksyon ki te sèvi Tijerino, agwonòm la, de biwo plen ak bannann vèt.

 

Sepandan, fè yo pa chanje: Agritrans pa janm fè benefis. Depi lè Moïse demare kanpay elektoral li a ak yon premye kagezon, yon sèl konntenè te kite pò a, e sa gen plis pase 2 lanne, an avril 2016.

 

Antan ke zòn franch, Agritrans ge obligasyon devan lalwa pou li ekspòte 70% pwodiksyon li. An 2014, konpayi a te siyen yon antant manch long ak yon konpayi Alman, Port International, ki te mande pou yo voye 60 konntenè pa semèn. Agritrans te di ke jefò nan zafè replante yo t ap fè an se gras ak sipò patnè etranje sila a, men konpayi sila a te bay yon vèsyon diferan.

 

Mike Port, yon responsab konpayi sila a, te konfime ban mwen ke yo pa t kominike ak Agritrans resaman. « Nou te resevwa 2 kagezon, epi li ta sanble ke, akòz de rezon nou pa konnen, Agritrans pa t rive kenbe relasyon nou te vle an », Port ekri nan yon imel li te voye ban mwen an fevriye. « Nou pèdi kontak pandan epi apre eleksyon yo. »

 

Li pa klè si Agritrans gen lajan ki rete nan envestisman anonim li te resevwa ni si li peye sou dèt 6 milyon dola ameriken li te jwenn nan men gouvènman an pou kòmanse biznis la. Wilson Laleau, minist komès epòk sa a epi ki se kouzen madanm Moïse, te siyen kontra ki te bay Agritrans tè Leta sa a ak tout gwo egzanpsyon pou taks la. Kounye a, Laleau se chèf kabinè Moïse.

 

Pandan ke gouvènman an anba gwo presyon pou retire sibvansyon gaz, Agritrans li menm benefisye de prèske 600000 dola ameriken nan egzanpsyon taks sèlman. Ameriken yo tou ap aprann rapidman ke li yon ti jan delika lè ou gen yon biznismann kòm prezidan. Sitou youn ki gen yon pase chaje ak pawòl move jesyon lajan.

 

Nan mwa daout 2016, biwo anti blanchiman lajan gouvènman an te louvre yon ankèt sou Moïse pandan li te candida. Biwo a te idantifye yon kont labank ki te parèt sispèk (kèk te sou non Agritrans) avèk yon seri transaksyon ki te montre patisipasyon nan blanchiman lajan.

 

Yon lòt ankèt, sa a te soti nan inite anti koripsyon gouvènman an, te montre ke Moïse te resevwa de prè pèsonal ki te pou yon total plizyè milye dola ameriken, an 2011 epi 2013, nan men yon bank Leta jere—yon bank ki prèske fè fayit. Ankèt la di ke bank la pa t vreman verifye anvan li prete Moïse lajan an. Aprè « reta ak iregilarite » nan peye dèt sila a, ankèt la wè ke yo te mete yon dezyèm prè anplas. Mwa pase, te rete prèske 160000 dola ameriken ki potko peye.

 

Tou de dosye sa yo te ale nan men jij enstriksyon anvan inogirasyon Moïse la, men òganizasyon dwa moun lokal yo di anyen poko regle depi lè sa a. Moïse rejete sa ankèt yo montre a an blòk, li di se politik k ap fèt. Kou li rive sou pouvwa a, li revoke direktè inite anti blanchiman lajan an.

 

Se antanke kandida moun pwovens ke Moïse te fè kanpay li, antanke nèg ki te ka remete pwodiksyon nasyonal la kanpe epi bay pèp la manje. Moïse vin prezidan, men peyizan yo te deplase nan vil kote li soti an kanpe ap gade tè ki te konn ba yo manje an, atravè kloti Agritrans lan sou lòt bò lari a, ki neglije. Jodi a, Moïse prezidan san gouvènman.

 

Move jesyon zafè pri gaz la fè alye li yo kanpe lwen, rann ènmi li yo pi brav, epi fòse prezidan an chita sou tab negosyasyon. Se pa repons ki te bay nan zafè wete sibvansyon an ki te fè moun sezi, men se sitou frajilite politik prezidan an.

 

Premye premye minis li, Lafontant, li menm tou, potko janm gen yon pòs politik. Epitou, chwa sa te garanti ke Moïse pa t ap pataje podyòm la ak pèsonn. Li gen repitasyon yon moun ki izole, ki pa renmen kritik epitou ki depann de yon ti gwoup konseye pwòch. Men, li vin klè ke, Moïse ap oblije adapte pou li ka fè Ayiti soti nan kriz li ye kounye a. « Kilè espektak yon sèl aktè sa a ap fini? » jounal ki pi gwo e ki pi ansyen peyi a, Le Nouvelliste, te mande apre manifestasyon yo.

 

Ansyen premye minis Bellerive te enplike nan negosiyasyon avèk gouvènman an pou soti nan kriz la. Pou li, se karyè Moïse antan ke biznismann, plis pase tout bagay, ki montre defo li. « Yo prezante nou li antanke biznismann », li di mwen nan kòmansman ane a, « men manipilasyon an depase Agritrans… li pa janm reyisi yon biznis vre. »

 

Na koze biznis, CV li montre li te dirije yon magazin pyès machin nan yon zòn riral epi yon antrepriz distribisyon dlo. Sou Martelly, prezidan ki te la anvan li an, yon lòt antrepriz Moïse te genyen te resevwa yon kontra gouvènman an pou enstale limyè ki fonksyone ak enèji solè. Youn nan ankèt sou koripsyon Sena a (Rapò komisyon senatè pou ankèt espesyal sou lajan Petrocaribe pou peryòd septanm 2008 rive septanm 2016 – yon nòt tradikè tèks franse a) te akize li paske li pa t janm reyalize pwojè a—yon akizasyon li rejete.

 

Poutan, Bellerive kontinye pou l di : « Chak fwa li echwe, li fè yon pa devan. Kidonk, li ka pa ka wè reyalite a. Li konvenk tèt li ke l ap reyisi, kèlkeswa sa yo panse. » Mwen te ajoute : Li raple mwen Trump.

 

Jodi a, li vin pi difisil pou w inyore reyalite sila a.

Une réflexion sur “Anba dechoukay sa a, ou kwè Prezidan Moïse ap ka kenbe pwomès li yo? 

Laisser un commentaire