La loi de ma bouche

Kout flach sou rejim divyaleris la

Les Duvalier

Advertisements

Joubert Joseph (@joubertjoseph) se jounalis e li ap patisipe nan inisyativ “Haïti sous la dictature” la (#AnbaDiktati). Nan biyè sa, ki te pibliye an franse pou premye fwa, li dekonstwi yon seri lejann ki gaye sou rejim divyalye a, ak tout chif epi referans pou kore sa l di yo. Se @roselandejeanty ki fè tradiksyon kreyòl la.


Depi apre entèvyou Nicolas Duvalier (Nikola Divalye) a, Pitit Pitit Papa Doc e Pitit Baby Doc nan « La voix de l’Amérique », anpil moun kòmanse lwanje li. Se petèt paske yo pa konnen oubyen yo bliye, petèt tou se paske yo pa konprann osnon paske yo gen yon lanmou pou rejim reyaksyonè ki rele Diktati a. Nou menm, n ap tou pwofite sa pou pale de rejim divalyeris la.

21 Jen 2018, Nicolas Duvalier (Nikola Divalye), te bay La Voix de l’Amerique yon entèvyou, ladan li te lèse konprann li ka kandida pou pòs Prezidan nan eleksyon k ap gen pou fèt yo. Anpil deba fèt sou deklarasyon sila a. Aprè dega papa papa li ak papa li kòm dirijan fè nan tèt peyi a, Nicolas Duvalier (Nikola Divalye) gen lentansyon vin goute nan manmèl bèf la tou, dayè, li pa janm rate yon okazyon pou onore papa l. Ala yon Ti Nikola sa papa! Granpè li, Papa Doc, poukont pa li lakoz asasinay prèske 50 000 ayisyen pandan 14 lane li fè sou pouvwa a.

Pawòl la di: Nenpòt pèp ki pa konn istwa li, kondane pou li reviv li. Kidonk, si travay memwa a pa te fèt ase aprè yo fin voye Baby Doc ale 7 fevriye 1986 la, jounen  jodi a, li enpòtan e se yon ijans pou brake pwojektè sou peryòd diktati a, yon mannyè pou pensonn pa di yo pa te konnen. Sepandan, li enpòtan pou nou defini konsèp divalyeris la avan nou pale de rejim lan. Alò, divelyeris la se rejim diktatè François Duvalier (Franswa Divalye), yo te rele « Papa Doc », te mete kanpe aprè li te fin prezidan nan lane 1957, e pitit li, Jean Claude Duvalier (Jan Klod Divalye) te kontinye soti 1971 pou rive 1986. Nannan rejim lan fèt ak yon politik kraze zo, yon pinga kont opozan, yon pouvwa « m fè sa m pito » ak yon otorite san limit ki pran manm sou yon pati nan lame a avèk yon milis ki pote non « Tonton makout »

Sa kòmanse jou Papa Doc te vin 40èm prezidan premye pèp nwa ki te pran endepandans li nan tout istwa mond lan. Nan lide pou kenbe pouvwa a, li pibliye yon dekrè ki kreye « Volontaires de la sécurité nationale » (VSN) ki pote ti non Tonton Makout. Kriminèl sa yo pa te moun ki te oblije konn li ak ekri. Djòb yo se te asasinen tout opozan pouvwa a, kit se te bon opozan oubyen sila yo gen dout sou yo. Milis sa yo te tabli laperèz nan mitan popilasyon pandan tout peryòd diktati a. Yo te mache ak manchèt epi zam. Pa gen moun ki rive konnen konbyen milis ki t ap travay pou rejim sanginè sa a. Selon yon lis ki pa fin konplè, tonton makout yo touye 73 moun nan kapital la sou lòd Jean Claude Duvalier (Jan Klod Divalye) nan dat 26 Avril 1963. Li te vle asasinen plizyè dizèn swadizan opozan rejim lan ak fanmi yo ki pi fò ladan yo te militè. Sou rejim Duvalier (Divalye) a, yon senp kout dwèt san prèv ta ka koute w lavi w depi yon tonton makout te senpman konnen sa.

Nan mwa jiyè 1964, pou satisfè anvi gen plis pouvwa li, Papa Doc amande konstitisyon an epi li deklare li se prezidan avi. Nan mwa dawout nan menm ane a, yon masak fèt nan Jeremi, li pote non « massacre des vêpres jeremiennes ». Zak sila fèt sou lòd ofisye William Regala (Wilyam Regala), Lietnan Abel Jerôme (Abel Jewòm), Sony Borges ( Soni Bòj) epi Tonton Makout sa yo: Sanette Balmir (Sanèt Balmi) ak St Ange Bontemps (Sentanj Bontan). Yo pase sòlda ki nan lame ayisyen yo lòd tiye 27 moun: fanm , gason kou timoun. Pami viktim yo, nou ka site, Stéphane Sansericq (Estefàn Sansrik), yon timoun 4 lane, yo maltrete anvan yo asasinen l devan manman li. Tonton Makout ki rele Sony Borges (Soni Bòj) ak Gerard Brunache (Jera Brinach), te pwofite de sitiyasyon an pou etenn sigarèt nan je lòt timoun ki t ap kriye.

Janvye 1971, yon nouvo konstitisyon bay chèf tou pisan an dwa pou li nonmen moun k ap vin apre li a, ki li menm tou, ap prezidan avi. Nan dat Avril 1969, se adopsyon yon lwa anti kominis ki mete tout aktivite kominis nan kategori enfraksyon lalwa pini. Sa ki te bay milis yo baryè lib pou asasinen tout sitwayen ki ta vle apwoche ideyoloji kominis lan. Sou yon plas tou pre Fò Dimanch, yo fizye yon trantèn jèn prizonye ki te manm pati kominis ayisyen. Se te menm batay la tou sou gouvènman Baby Doc la. Nou ka site Rock Charles Derose (Wòk Chal Dewoz) alias Jérôme Jean (Jewòm Jan), manm « Parti unifié des communistes Haïtiens – PUCH ». 12 novanm 1981, yo te fèmen li nan prizon, malmennen li epi mennen l yon kote pensonn pa konnen, daprè sa kèk temwen rakonte. Jis kounye a, pa gen moun ki konnen kisa mekanisyen 41 lane a devni, byen petèt tonton makout yo tiye li. An Avril 1971, 3 mwa aprè amandman konstitisyon ki te deklare li prezidan avi a, Papa Doc mouri e Pitit li Baby Doc ki te gen sèlman 19 lane te pran pouvwa a.

 Masak peyizan Tyòt, masak Kazal ak lòt masak san non se kèk lòt krim ki te fèt sou Papa Doc aprè masak Jeremi an, san konte prizonye ki disparèt, sa yo tire, sa ki mouri anba dyare ak tibèkiloz anndan Fò dimanch ak nan lòt prizon ki te genyen nan peyi a. Nou p ap bliye tou, Marcel Numa (Masèl Nima) ak Louis Drouin Jr (Lwi Dwen Jinyò), de manm Jeune Haïti, yo fizye devan tout moun nan mwa novanm 1964, devan mi simityè Pòtoprens lan. Yon zak ki t ap pase an dirèk sou radyo Ofisyèl “ voix de la république”, e aprè ki t ap pase san rete sou “Télévision  Nationale D’Haïti”.

 Rejim Baby Doc la pa te menm ak pa papa a  men li te suiv menm chimen laperèz la. Mwa Septanm 1977, yo fè 8 prizonye soti nan kacho yo te ye a nan Fò Dimanch pou ale fizye yo Mòn Christophe (Kristòf), nan Pòtoprens. Nan mwa janvye 1986, sou lòd kolonèl Samuel Jérémie (Samyèl Jeremi), nan yon manifestasyon,  yo asasinen yon santèn moun nan Leyogàn ki t ap fete depa Baby Doc anvan lè.

 Devalize fon piblik pandan pèp la ap dodomeya nan yon lamizèrere, se lòt chay rejim Baby Doc la genyen sou do li. Soti 1983 pou fevriye 1986, transfè plis pase 86 milyon dola ameriken fèt  sou kont nan peyi etranje. Banque de la République D’Haiti  te travay sou dosye sa e montre tras detounman lajan leta ( 15 Janvye 1987). Dayè, menm aprè lanmò li, dènye prezidan avi a te gen 8 milyon dola ameriken sere nan yon bank suis (Suisse). Nou p ap bliye tou, maryaj Michèle Benett (Michèl Benèt), konplis li ki te koute larepiblik 2 a 3 milyon dola ameriken pandan ayisyen t ap touche 80 dola chak ane. Genyen anpil lòt deriv nou p ap gen tan analize.

Ayiti te toujou yon peyi pòv sou rejim Divalye, malgre sa moun ta vle fè kwè. Daprè etid ki te fèt nan epòk la, sou plan ekonomik peyi a te depafini. Nan mwa me 1984, yon leve kanpe britsoukou kont grangou fèt nan vil Okap. Nan mouvman an, abitan yo te eseye kase depo manje yon ONG, lame tire, lakòz 3 moun mouri. Pandan tan sa a, nan epòk la, Baby Doc te pran plezi voye biyè bank atè pandan l nan limouzin blende li…. Sou divalye 2, nivo koripsyon ak enkonpetans te monte men wotè. Te toujou genyen salte, lamizè, fatra nan tout peyi a. Sèl sa ki t ap mache se ensekirite rejim lan te mete kanpe a.

Detounman fon piblik, pase dwa politik ak sivik sitwayen yo anba pye , frennen opozan, krim kont limanite, kadejak, dwèt long se nannan rejim divalyeris la. Jis kounye a, pa genyen yon chif egzak sou kantite viktim rejim sanginè a kite dèyè li.

Kategori

Uncategorized

Skip to toolbar