Advertisements
Skip to content

Bòs Nou Ap Kontakte Bòs Ou (4/6)

17 fevriye 2019, Polis Nasyonal arete 7 mèsenè etranje pa lwen Bank santral. Yo di yo an misyon pou gouvènman an, e yo te gen yon pil zam sou yo. Kat jou apre Etazini « sove » yo. Kisa k te pase menm?


Nòt ekip tradiksyon an: @jakobjohnston ban nou dizon li pou nou tradui repòtaj sa a li te pibliye sou sit Center for Economic and Policy Research (CEPR) la nan tèt kole ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch, jou ki te 12 mas 2019 la. Klike sou lyen sa a pou li vèsyon orijinal la ann angle. Gen yon tradiksyon franse ki nan wout.


N ap pibliye tradiksyon kreyòl tèks la an 6 pati. Sa a se katriyèm pati a.

Tradiksyon: Yves-Marie Exumé (@aymexume); Stevens Azima (@stevensazima)


Se CEPR ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch ki reyalize envestigasyon sa a.

Apre arestasyon mèsenè yo, anpil bri kouri nan peyi Dayiti. Lidè opozisyon yo lage chay la sou do Gouvènman an; dapre yo, se li ki te mennen mèsenè etranje nan peyi a pou al dèyè opozan politik ak manifestan — nan dènyè 6 mwa yo, plizyè douzèn manifestan te pèdi lavi yo. Premye Minis la te sijere ke se li menm yo te dèyè asasinen pandan yo te nan peyi a, sa te vin rann sitiyasyon politik ak diplomatik la pi kritik toujou. Men anpil nan ekplikasyon sa yo te te mete Bank Santral nan wonn sant lan.

Fritz Jean-Louis, ansyen ofisyèl Gouvènman an ki enplike nan dosye a, te sijere lapolis ke konsiltan yo te la pou fè yon evalyasyon sekirite nan kad yon kontra ak Bank Santral. Men, Jean Baden Dubois, Gouvènè bank lan, ak lòt ofisyèl nan Gouvènman an te kouri di se pa vre. Byenke bank lan te abitye anboche ekspè etranje pou evalye sekirite bank lan, plizyè sous ki pwòch bank lan esplike ke yo pa t konn gen zam lou nan men yo, ni yo pa t konn eseye rantre nan bank lan yon yon dimanch aprèmidi.

Jou ki te 19 fevriye a, de jou apre detansyon an, Reynold Georges, avoka Gouvènman an, te pale ak laprès e li te bay yon lòt teyori. Mèt Georges te rele konsiltan yo « vòlè pwofesyonèl » ki t ap eseye vòlè Bank Santral la. Apre sa, li te di ajan sekirite bank lan, ki te rele lapolis epi frennen brakaj yo te planifye a,  mèsi pou  « vijilans » li. 

Moïse Jean Charles, yon lidè opozisyon an ki dirèk anpil lè l ap pale, te di ke konsiltan yo te nan bank lan, non pa pou vòlè sa ki nan kòfrefò li yo, men pito pou detwi dokiman ki te ka demontre koripsyon nan jan Gouvènman an te depanse plizyè milya dola lajan Petrocaribe a. 

Nou toujou poko fin klè sou kisa misyon mèsenè yo te ye. Men, gras a plizyè entèvyou ak dokiman nou jwenn nan kad ankèt sila a ak lòt sous, nou kòmanse wè klè sou evènman ki te dewoule jou ki te dimanch 17 fevriye yo e ki te rive jouk nan arestasyon mèsenè yo kèk kwen ri pi lwen Bank Santral la — e enfòmasyon nou jwenn yo ta montre ke gwo otorite nan Bank Santral la te okouran.

Jou maten sa a, Estera te pase pran omwen youn nan konsiltan yo nan Otèl Montana, dapre sa avoka li di. Nan pita, yo te pran foto 3 machin ki sanble ak deskripsyon machin konsiltan yo te ladan yo k ap antre nan rezidans prive Gesner Champagne, anplwaye Preble-Rish epitou bon zanmi ansyen Prezidan Michel Martelly. 

Bò 2 è nan aprèmidi, omwen kèk nan konsiltan yo rive nan pakin Bank Santral la, anba lavil Pòtoprens. Dapre plizyè sous ki pwòch bank lan, ajan sekirite ki te degad la derefize kite yo antre.  

Ajan sekirite a (HRRW p ap devwale idantite li pou rezon sekirite) kontakte plizyè ofisyèl nan bank lan. Apre sa, ofisyèl sa yo te kontakte Gouvènè Bank Santral la, Jean Baden Dubois, dapre sous ki konnen sitiyasyon an. Menm sous sa yo di ke youn nan moun ki te enplike nan konvèsasyon ofisyèl bank lan pandan jounen an se Rosemond Pierre, chèf depatman teknoloji enfòmasyon bank lan. Gen yon moman kote li te menm rive rele ajan sekirite a dirèkteman. Rosemond Pierre pa t aksepte bay yon kòmantè pou rapò sa a.

Li ta sanble ke ajan an te pèsiste: li derefize kite yo antre. Yo te kòmanse rapòte ke yo te detni konsiltan yo nan yon checkpoint lapolis, men esplikasyon ki pi kredib la se ke yon moun nan bank lan te avèti lapolis.   

Jou swa yo te detni konsiltan yo, Baden te nye ke bank lan te jwe yon wòl nan sa ki pase a. Toutfwa, dapre sous ki pwòch lapolis e ki okouran de ankèt la, lè ofisyèl yo te kontakte Baden jou swa 17 fevriye a, li te rekonèt ke bank lan te jwe yon wòl e li te deklare li te anba presyon. Ki wòl egzakteman? Kiyès ki t ap ba li presyon an? Bagay sa yo pa klè.

Anpil nan moun nou konsilte yo te mansyone ke manda Baden antan ke Gouvènè Bank Santral la ap fini an jiyè. Se Martelly ki te ba li pòs la an 2015, anvan sa li te direktè jeneral; gen moun ki panse li ka ap chèche jwenn yon lòt manda. Toutfwa, Bank Santral la resevwa anpil kritik sou jan l ap jere kriz ekonomik la. Enflasyon an nan de chif kounye a, epi goud la pèdi mwatye valè li parapò a dola ameriken an depi lè manda Baden lan kòmanse. 

Sa ki vin klè dapre sous ki konn sitiyasyon an, sèke, depi debi fevriye, Gouvènè Bank Santral la te an kontak ak Josué Leconte epi Fritz Jean-Louis, de nan endividi ki te nan kè eskandal la. Nou pa konnen si diskisyon yo te gen rapò ak koze mèsenè yo. Baden pa t aksepte fè kòmantè.

Èske Bank Santral la te fè pati operasyon an, oubyen se te senpman kote operasyon an te echwe a? Nan kòmansman mwa mas, Baden te di yon jounalis lokal ke kamera sekirite bank lan konfime ke pa t gen moun ki te rive antre nan bank lan pa enfraksyon. Li pa t bay plis detay. Men enfòmasyon ki disponib yo montre ke Gouvènè Bank Santral la te ka fè nou konprann pi byen sa ki te vreman pase jou ki te dimanch 17 fevriye a.

Met sou li, enplikasyon ofisyèl ki travay nan depatman teknoloji enfòmasyon bank lan mennen gwo kesyon sou veritab objektif vizit nan bank. Epitou, ki relasyon, si genyen, ant operasyon an ak diskisyon ki te genyen Washington yo kèk semèn anvan sa. 

« Sovtay » la ak repèkisyon politik yo

Yon ti tan apre yo detni konsiltan yo jou ki te 17 fevriye a, yon jounalis lokal te kòmanse filme yon « Facebook Live ». Li te pibliye imaj yon gwoup gason andedan Kafeterya (pòs polis la). Jounalis sa a te temwen Minis Kominikasyon an ki te antre nan pòs polis la, Komisè Gouvènman an te rantre apre li. Imaj paspò ak pil ekipman lapolis te jwenn yo te gaye sou rezo sosyal yo. 

Nou ka gade videyo detansyon an la.

Jou swa sa a, ofisyèl Gouvènman Ayisyen an te eseye entèvni epi garanti liberasyon gwoup la. Youn nan konseye Prezidan Moïse yo te fè yon apèl telefòn. Epi jou swa sa a, Minis Jistis la te entèvni pèsonèlman, dapre rapò laprès lokal la, ke nou konfime bò kote pa nou. 

Kèk nan ekipman lapolis te jwenn. 

Otorite lapolis ak lajistis reziste pandan kèk jou; yo te pwomèt bon jan ankèt e pou yo aji antanke pwofesyonèl. Li te klè ke prezans etranje ame, ak posiblite ke yo t ap travay pou Gouvènman an, te bay kèk ofisye polis ak ofisyèl anpil rankin. Jan fòs sekirite peyi Dayiti yo politize a rete yon gwo sous enkyetid, sitou pami patnè entènasyonal yo ki kontribye plizyè santèn milyon dola pou rann yo pi pwofesyonèl. 

Kèk nan ekipman lapolis te jwenn

Depi nan kòmansman, dosye sa te politik. Epi, kèlkeswa sa konsiltan yo t ap fè, oswa kiyès egzakteman ki te anboche yo, detansyon yo an montre nan ki nivo kriz politik aktyèl la rive nan peyi Dayiti —  e jan Etazini te vin « sove » yo a vin rache fèy kouvri sa.

Kèk nan ekipman lapolis te jwenn

Toutfwa, pandan plizyè jou, anyen pa t montre ke Etazini ta pral rante nan koze a. Nan yon ti deklarasyon tou kout anbasad la te pibliye jou ki te 19 fevriye, li te di ke li te bay detni Ameriken yo sèvis konsilè nòmal. Konklizyon deklarasyon an te di: « Pou rezon respè lavi prive, nou pa ka bay plis detay. » 

Aprèmidi sa a, nan kad yon antrevi ki pa t planifye ak CNN, lakay li, Premye Minis Jean-Henry Céant te rele endividi ki te detni yo, ki potko enkilpe, « teworis » ak « mèsenè ». Apre sa, li te sijere ke yo te vle monte sou tèt Bank Santral la pou yo te ka asasinen ofisyèl Gouvènman an, li menm an patikilye.

Si yo t ap eseye pouse do Moïse pou li demisyone, gen anpil chans se Premye Minis Céant, ki te kandida anba banyè yon pati opozisyon nan eleksyon ki te sot pase yo, ki ta pral ranplase li. Goumen ki t ap fèt an kachèt nan kad kriz politik la te soti aklè pou tout moun wè. Ofisyèl Anbasa Etazini te fache, e jou swa sa a ekip Premye Minis la te demele yo kou mèt Jan Jak pou you kontwole sitiyasyon an. 

Jou ki te 20 fevriye a, Minis Jistis la voye yon lèt ki te mande liberasyon, e pou yo remèt yo bay otorite Ameriken, 7 konsiltan Ameriken yo. N ap ajoute yon lèt ki te soti nan men Mario Reta, ofisye sekirite rejyonal anbasad la, yon lèt ki pat pibliye pou moun wè, ki ta sanble mande transfè a. Lè yo arete Ameriken paske yo pa respekte lwa lokal, yo sipoze enkilpe yo lokalman, e Depatman Deta a di aklè ke li pa « ka fè sitwayen Ameriken soti nan prizon ». E, nan ka sa a, se pat yon ekstradisyon ofisyèl.

Lèt ki mande liberasyon 7 rezidan Ameriken yo, epi remèt yo bay otorite Amerike, ki soti nan men Minis Jistis la.

Lèt Minis la deklare ke, lè yo rive Etazini, yo te pral enkilpe gwoup la pou trafik zam. San nou menm ki te sou plas ap suiv dosye a (nou te nan tribinal aprèmidi sa a, ap tann konsiltan ki te detni yo parèt devan yon jij pou premye fwa), Ameriken yo te gentan nan ayewopò a.

Lè yo rive Miami, yo te rapòte ke otorite ki kore lalwa nan peyi Etazini te rankontre yo nan avyon an. Toutfwa, nou toujou poko konnen ki ajans ki responsab. Polis lokal, Depatman Jistis, FBI, TSA ak sèvis US Marshals denye ke yo te enplike, dapre Task & Purpose. De ajans ki poko pale piblikman se Bureau of Alcohol, Tobacco, Firearms, and Explosives (yo voye je sou alkòl, tabak, zam ak materyèl ekplozif); ak Drug Enforcement Administration (yo voye je sou dwòg).

Jou apre a, jounal Miami Herald te site sous federal lè li te rapòte ke « yo pa t ap enkilpe mesye yo, men yo t ap pale avè yo pou konn sa k pase ». Atik jounal Miami Herald la te kontinye pou di ke konsiltan yo « te di otorite Etazini ke yo te sou zile a pou bay yon biznismann ki t ap travay ak Gouvènman Ayisyen an sekirite ». Prezidan Ayisyen an ak tout Premye Minis la di ke yo pa t okouran mesye yo te pati.  

Kwake Etazini te di otirite lajistis peyi Dayiti ke yo te pral enkilpe mesye yo pou koze trafik zam lè yo rive Etazini, anpil sous ki pwòch dosye a, kèk nan yo nan domèn lapolis, di ke yo kwè zam yo te deja Ayiti. You Senatè Ayisyen te deklare ke se Leconte, bisnismann Preble-Rish la, ki te bay zam yo. Kounye a, ekipman yo nan men lapolis Ayisyen. 

Li pa klè si Etazini te janm gen entansyon enkilpe mesye yo, oswa si yo te sèvi ak sa pou jistifye ke yo lage mesye yo nan men yo. Men li rete posib ke konsiltan Ameriken yo, si yo te vyole plizyè lwa ayisyen, pa t fè anyen mal nan je sistèm jistis Ameriken an. Toutfwa, si zam yo te deja nan peyi a, gen anpil chans pou yo te rive la ilegalman, e konsiltan yo ka konnen kijan zam sa yo fè antre nan peyi a e kiyès ki te fè yo vini.

A midi, jou ki te 22 fevriye a, Lance Burton, Prezidan Direktè Jeneral Hawkstorm Global, ki se frè youn nan Ameriken ki te detni yo, di m nan yon imèl: « N ap voye deklarasyon nou an bay moun ki enplike yo pou nou garanti tout moun dakò anvan nou pibliye li. » Anviwon 2 èdtan apre, Christopher Osman poste mesaj li a sou Instagram. Mwen pa tande nouvèl Buron depi lè sa a. Osman te ekri:

Se pa lage yo te lage nou, se sove yo te sove nou. Mesye ki te riske lavi yo pou fè sa a: nou pral resevwa yon bèl koli!!! Nou [konsiltan yo] dwe nou lavi nou. … Sa fè lontan mwen pa wè fòs travay Gouvènman Ameriken an et se yon kokennchenn bagay. 

Osman te kouri mete kont li an sou prive, men medya entènasyonal te gentan met men sou deklarasyon li an. Kont li an tounen piblik ankò, men pòs la ta sanble efase.  

Nan peyi Dayiti, desizyon pou lage konsiltan yo te fè anpil moun fache, gen moun ki te montre kijan Etazini te bay èd finansyè, epi fè lwanj, pou sistèm jistis Ayisyen an pandan anpil lanne. Si yo kwè nan enstitisyon yo, poukisa anbasad la te anpeche konsiltan you al devan yon jij? Desizyon an « lèd, pi mal pase yon kalòt », yon gwo pèsonalite radyo te di, jounal Miami Heral te rapòte.

« Paske Etazini te pran moun sa yo epi li pa t enkilpe yo, sa demontre ke te ke yon konplo », Pierre Esperance, direktè egzekitif National Human Rights Defense Network nan peyi Dayiti, te di jounal Miami Herald. « Yo pa t vle yo ale devan lajistis Ayisyen », li te ajoute. Li ta sanble ke ankèt lokal la kanpe. 

Men, kesyon yo rete san repons. Poukisa Etazini met sou kote pwotokòl diplomatik epi entèvni? Eske Etazini t ap pwoteje sitwayen li kont yon jijman politize? Eske li t ap pwoteje gouvènman Ayisyen an kon opozan lokal li yo? Pou li fèmen yon dosye ki te kòmanse montre feblès nan sistèm lan epi mete manda Prezidan Ayiti an an danje? Oubyen eske gen yon lòt bagay? 

Ankèt sa a pote anpil detay enpòtan sou dosye a, men anpil kesyon rete san repons. Lè mwen te Ayiti semèn apre detansyon an, anpil nan kontak mwen yo te pale de yon santiman lapè ki te parèt akòz dosye sa a epi zam otomatik yo te jwenn nan men konsiltan yo. Nan mwa novanm, gen foto yo te pibliye kote de moun ki te sanble etranje te nan mitan gad palè prezidansyèl la. Lidè politik ak lòt aktè sosyete a te di ke te gen lòt konsiltan nan peyi Dayiti toujou, ki te pran pozisyon nan plizyè vil e menm tou pre kay Prezidan Moïse. San yon ankèt piblik ak eksplikasyon klè, lapè sa a rete, sipozisyon ki vle ke konsiltan yo enplike nan lanmò manifestan yo ap rete tou. 

Yon bagay rete klè: nou poko tande tout istwa a nèt.

Kategori

Uncategorized

Advertisements

Yves-Marie Exumé Afiche tout

« pye poudre » haïtiano-canadienne. Blogue au http://aymexume.wixsite.com/piedspoudres

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar