Advertisements
Skip to content

Satan Ledyab

Pou W. ki vle konnen poukisa Dyab la egziste

Yavism lan – kòm anvangadis Jidayism lan – se te yon kilt enoteyis kote yo t ap adore Yawe antanke dye Izrayèl la pandan yo te rekonèt lòt dye ki nan panteyon Kanaran an. Pè dye Yawe ak Asherah te fòme a, manman l ak lòt asosye, se te bwa mitan lafwa premye Juif yo. Antanke “Rèn Syèl la”, alabaz deyès Asherah (Achera) se te konpayèl Anu, dye Simeryen an. Kanaran, li te vin asosye yon dye siprèm, El (Èl), epi asosye Yawe ki, kòm mizojini te tounen Bondye, t apral fini pa mande (Detewonòm 12: 3-4) pou yo detwi tout objè ki gen pou wè ak kilt deyès la konsa pou li ka si l ap jwenn yon kilt ki pwòp kote se li sèl yo t ava adore. Sa ki, finalman, pa t anpeche Asherah jwenn adorasyon ansanm ak Yawe -atravè pitit yo a – plizyè milye ane annapre, sou fòm Lavyèj Mari, Rèn Syèl la, yon fòm ki san di petèt te mwens retire nan gason l.

Toutfwa, monolatrism lan (rekonesans ke plizyè dye egziste men yon sèl merite adore), se pa t sèlman Bondye siprèm nan ak Deyès ki konpayèl li a. Se te kwayans nan egzistans lòt dye ki gen yon enpòtans plizoumwen gran e ki t apral tounen anj oswa demon, an fonksyon sa Bib la te bezwen.

Sa ki pi popilè nan yo tout la se Lisifè / Baal / Satan / Dyab la. Alafwa anj epi demon, li se an menm tan yon kreyati ak lènmi jire Yawe. Li se Lemal an pèsòn, pandan Yawe se Lebyen an pèsòn. Yawe ki te fè, kreye epi pèsonifye Mal la (2 Wa 6:33, Izayi 45:7, Amos 3:6) e ki te tiye dirèkteman 2,476,633 moun (san nou pa konte Delij la, Sodòm ak Gomò, kalamite Ejip yo, fanm yo pa t menm pran tan konte yo ak lòt peche orijinèl), pandan Satan li menm gen 10 asasina sèlman nan palmarès li (e menm la, tèks la pale de kòlè Bondye): 7 pitit gason ak 3 pitit fi Jòb yo.

Se Jòb ki fè nou fè konesans Satan an. “An” an, atik defini, paske Satan se yon non komen e li defini yon pwofesyon: pwofesyon akizatè. Bondye sèvi avè l pou teste fidelite Jòb. Lisifè, li menm, alorijin li se Vénus (Venis), etwal dimaten an. Atravè youn nan kout pa konprann tradisyon kretyèn nan fò ladan yo a, yo ta pral fè yon lyen ak wa babilòn ki tonbe yo dekri nan liv Izayi a (14:3-21), ki li menm tou se yon etwal dimaten, avan l fini kòm Satan Ledyab, granmesi Sentogisten, Mwayennaj la ak Dante (ansanm ak lanfè li a).

Dyab la, li menm li soti nan mo laten diabolus, atravè mo grèk διάβολος / diábolos. Se sila k ap simen divizyon an, k ap twonpe moun nan, k ap bay kout lang nan. Li la pou l replike ak Bondye yo di ki inik la. Anvan sa, dye yo te gen de vizaj, youn bon youn mal, selon bon voulwa yo; se pou sa sakifris te konn fèt pou atire benedisyon yo. Pi rèd ankò lè se yon sèl dye ki genyen. Poudayè, “èske malè janm rive nan yon vil san se pa Letenèl ki fè l rive”? (Amos 3:6).

Pwoblèm nan kòmanse lè Bondye fè tèt li tounen lanmou (1 Jan 4:8); yon Bondye ki pa pran plezi nan mal epi ki pa kite mechan an rete bò kote l (Sòm 5:4). Kidonk li te bezwen, neserèske pou relasyon piblik li, yon mechan, byen lwen l, nan fen fon lanfè, ki responsab tout malè ki nan monn lan. Sa w tande a, men Dyab la.


Tèks sa a se tradiksyon kreyòl yon biyè @patriciacamilien ekri ki te pibliye 16 fevriye 2020 e ki titre: Satan.
Advertisements

Cet article est également disponible en : French

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar