Skip to content

Sant malere

« Ou pa konprann, Patricia, konsa kouzin papa m nan te di m. Anba Divalye, ou te pran sant malere a k ap pwoche lontan anvan li rive sou ou. Se de sant li wi m ap pale w. Yon sant ki di men mwen. Yon santò. Yon sant ki bay je fè mal. »

Se te kèk jou anvan kouri ki te gen an jiyè a. Nou t ap pale de peyi a ki pa t ap ale ankenn kote, de nesesite ki genyen pou moun debyen met tèt ansanm pou fè yon bagay anvan peyi a eksploze. « Sa nou bezwen, se yon elit ki mwens malpwòp, yon “establishment” ki mwens kokorat ». Mwen te vle parèt optimis, men li frennen m sèk. Li te vle mwen konprann ke bagay yo p ap fasil, ke elit nou an malpwòp depi kèk tan e ke si gen yon lè kokoratizasyon li an te akselere, se te anba diktati.

Li pran san l pou esplike m jan peyizan pòv la te konn abiye: yon pantalon chire – li mete l jouk vin gen twou bò dèyè l –, lè li pa t pye atè, soulye l pa t gen semèl. Sa te rive jouk nan pwen kote yo te sèvi ak koulè rad yo pou pale de yo, paske rad yo pa t chanje. Tankou nan ti komik yo – li te bay yon ti ri jòn lè l di sa. Nèg mayo wouj la, nèg mayo ble a … Malere gen yon rad pou l mete lasemèn, yon rad pou l mete le dimanch ak pou gran okazyon. Malere pa t gen lajan pou achte savon, pat oswa lòt pwodui lijyèn. Se te apèn si li te ka achte manje.

Nan antouraj yo, sa ki te gen mwayen – paran l te pami sila yo – pa t wè, non, fè kòmsi yo pa t wè pito. Ou pa t ka fè kòmsi ou pa pran sant lan.

Li te pale m de vakans li andeyò, kote sant sa a te suiv li tout kote jouk li rann li tris. Li pa t ka rete. Paran l voye l tounen Petyonvil, kote sant lan te toujou la men li pa t twò fò. Li te rete twomatize pandan tout vi l. E li te rete ak yon kè plen egzistansyèl ke nou ka konpare ak pa Roquentin an.

Epòk sa a, « Ayiti te yon veritab lanfè ». Nan yon atik New Statesman te pibliye 29 avril 1966  – ke Le Monde Diplomatique te site – Richard West te ekri ke gouvènman Doktè Divalye a te « piye, tòtire, sasinen nan yon nivo ki depase tout ka nou te wè nan Amerik Latin lan anvan sa ».

Sou « Papa Dòk », prèske mwatye bidjè anyèl 42 milyon dola a te detounen an favè fanmi Divalye a ak pwòch li yo. An menm tan, peyi a te gen 86% popilasyon li an ki analfabèt ak yon revni anyèl 80 dola epi esperansvi 32 lanne. Elit kokorat la, li menm, te lontan klewonnen « Ayiti, viv ladiferans! » sou do 80 km wout asfalte ak 3000 telefòn. Pandanstan, lamizè nan peyi a t ap fin nòmalize.

Grangou pa yon fenomèn eksepsyonèl nan peyi Dayiti. Li kwonik… Depi lè Divalye monte an 1957, ladizèt frape sid peyi a 6 fwa apre siklòn (1958, 1959, 1963, 1964, 1965, 1966); ladizèt te frape Nò ak Nòdwès 4 fwa apre sechrès (1968, 1970, 1974, 1975). Anpil fwa, zòn limite, ki kapab resevwa mwens ke 100 mm lapli pa mwa, soufri konsekans sechrès ivènal (novanm pou rive mas), zòn « sous le vent » an patikilye.

W. Cadet, « La famine s’étend sous le règne de « Baby Doc » Duvalier » , Le Monde Diplomatique, oktòb 1975, p. 8

Jan sa rive souvan – pou nou pa di toujou – se sou peyizan ayisyen pi gwo konsekans yo tonbe. Repiblik Pòtoprens lan pa t ba yo regle anyen pou li: peyizan viv epi mouri epi moun rete endiferan, sòf, detanzantan, lè rejim la masakre yo nan Akayè, Kazal, Laplèn Kildesak, Latranble, oswa Vèrèt. Gwo spekilatè yo, alye Doktè Divalye depi premye jou yo, te kontinye travay la nan piye epi nan fè masak peyizan nan Forèdèpen, Bèlans, Tyòt, Mapou… sou baz yon lojik rant ki sanble tèt koupe ak sa epòk feyodal la.

Lamizè te kontinye sou rejim pitit la tou. Soudevlòpman kwonik peyi a te vizib tout kote. Chif yo pale pou tèt yo e montre klèman ke peyi a pòv: konsomasyon anyèl enèji a te 0.03 tòn chabon pa moun; konsomasyon siman an te 19 kg pa moun; konsomasyon papye 0,01 kg pa jou. An nou ajoute: to skolarizasyon aktif la te 24% nan nivo primè epi 1.7% nan nivo segondè; yon doktè pou 15 000 moun; esperansvi 32 lanne; 86% analfabèt.

Sitiyasyon sa a te frape popilasyon agrikòl aktif la patikilyèman, li te reprezante 83% popilasyon a nan epòk sila a. E sant li te fè je ti fi fè yo mal.

Kategori

Uncategorized

Yves-Marie Exumé Afiche tout

« pye poudre » haïtiano-canadienne. Blogue au http://aymexume.wixsite.com/piedspoudres

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar