An dirèk sou Twitè, rapò Petwo Karibe a (1/2)
Aswè a, m koumanse li Rapport de la commission sénatoriale spéciale d’enquête sur le fonds Petrocaribe couvrant les périodes allant de septembre 2008 à septembre 2016 la (Rapò komisyon senatè ki t ap ankete sou lajan Petrocaribe a sou peryòd sektanm 2008 pou rive sektanm 2016) epi m vin gen yon sèl anvi pataje sa m panse ak nou pandan m ap li a. Men tout moun pa sou Twitter. Se pou sa m deside kopye yo la tou pou pesonn pa santi yo dòmi deyò.
Pou koumanse, ban m fè nou jwenn rapò wololoy la san wete san mete. M depoze l la pou nou sou Google Drive.
Pour aller vite, le rapport (non encore signé) de Petrocaribe est ici. https://t.co/rBEkrHsXcR
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
M koumanse li epi kè m kontan lè m wè valè non ki site nan kokenn chenn rapò sa. Gen nan non yo m pa sezi pou yo paske non sa yo te site deja nan yon premye rapò. Non moun sa yo te site pou abi otorite, malvèsasyon, dwèt long nan kès Leta. Non moun sa yo se : Jean Gabriel, Michel Lecorps, Eustache St Lot, Jean-Max Bellerive, Hervé Day, Michel Content, Lionel Grand Pierre, Laurent Salvador Lamothe, Josefa Gauthier, Jacques Rousseau, Marie Carmelle Jean-Marie, Wilson Laleau, FLorence Guillaume Duperval. Gen ansyen minis agrikilti a tou, Hebert Docteur, pou tèt li itilize grad li pa genyen. Ta sanble se sèvis wi malere a te vle rann, podyab. N ap tounen sou dosye sa.
C'est un véritable who's who là-dedans. #Corruption #Haiti #PetroCaribe pic.twitter.com/BpCRJumAXp
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Kounye a, an nou pran tan nou pou nou konsidere, ak kè kontan, jan #PoFlèLeta nou yo reponn prezan nan rapò Petrocaribe a.
Des #PoFlèLeta bien en vedette. pic.twitter.com/xLSuz7NhKI
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Pwogram konstriksyon pak espò pitit oswa konseye prezidan an, Olivier Martelly, t ap jere anvan sa a parèt nan rapò a tou.
Et ces fameux parcs sportifs! pic.twitter.com/7VFNFZDCMX
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Men sa pa ko anyen la.
Èske nou sonje lè Anbasadè ameriken an te pèmèt li monte lajan ameriken an a 75 goud la pandan dola a te 69 goud, lè sa jan tout moun te estomake ? Biwo Monetizasyon Pwogram Èd pou Devlòpmam an li menm t ap iltilize to pa l ki te 107.35 goud pandan BRH te bay to pa l ki te 65.5368 goud. Ale non, mache di sa nan tout vil la, simaye nouvèl la. M ap tann nou.
Où l'on apprend que la BMPAD a évalué le dollar américain à 107.35 gourdes! 107.35 gourdes alors que le taux de référence de la BRH était de 65.5368. Dire que nous avons fait un tel tollé du fait que la @USEmbassyHaiti avait fixé le taux de change à 75 gourdes en avril dernier. pic.twitter.com/cSyjImqgaO
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Gen pil dèt konpayi Sogener ak EDH yo tou. Lè ou rete ou ap sonje konpayi SOGENER ak lòt konpayi parèy li yo te prete lajan nan men nou pou achte materyèl pou yo te ka vann nou yon sèvis byen chè pandan yo pa ko menm fin remèt nou lajan yo dwe nou an. N ap tounen sou sa. Se bagay pou nou ta wè, pati kontra ki di koze sa a, swadizandi se moun k ap mache nan menm kouran revolisyon bolivaryen an ki ekri l.
La révolution bolivarienne conduit à des manières bien intéressantes de formuler les clauses d'un accord. @Malainguillaume prends-en de la graine. pic.twitter.com/ytMzvbpO8l
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Men li. Pa menm yon fwa yo pa ekilibre balans kontab la epi se menm kontab an chèf la, Guecheline Fleurantin, ki la depi 8 lane. Make yon pwen pou Ayiti nan zafè pwoteje djòb anplwaye.
Et pendant tout ce temps, on a gardé le même Chef comptable: Guecheline FLEURANTIN. De 2008 à 2016. La sécurité de l'emploi en Haïti, c'est beau. pic.twitter.com/b6rdE8tJQR
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Fè yon kout je nan kont kliyan nou yo. Tout konpayi gaz sa yo ki dwe nou epi k ap vann nou gaz la tèt nèg, kèk fwa gaz la pa menm bon menm. Si nou te gen yon kontab an chèf ki t ap swiv dosye yo depi tann dat sa li te ka…li te ka fè kisa ? Bon, an nou kite koze sa.
Mais nous avons tout de même des sommes intéressantes à aller chercher. C'est bien. On pourrait peut-être grâce à cela rentrer cette drôle de taxe de débarquement pour ceux qui embarquent. Qui sait ? pic.twitter.com/E1eEUtnGbe
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Mete sou li, se pa 2 dèt non nou pa genyen:
Encore que… ces dettes sont bien problématiques. Avec quoi allons-nous les payer ? pic.twitter.com/I7Qx36rnPi
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Men an nou fè yon ti tounen sou depans yo. Èske nou sonje pwogram yo te rele Ban M Limyè Ban m Lavi a ki te fè wout Dèlma a tounen Manatann nan ? Ebyen pwogram sa te koute nou plis pase 600 milyon goud. An nou espere pwogram tou nèf Kay Pa m Klere Prezidan Jovenel Moïse la pran leson l dwe pran sou sa ki te pase deja. Dayè non l site nan paj 71 rapò a kòm reprezantan konpayi ki rele COMPHENER SA a. Annatandan, an nou gade lis konpayi ki te swadizandi pote lavi paske yo te ban nou limyè yo :
Sinon, puis-je suggérer que le programme #KayPaMKlere s'intéresse de près au précédent Ban M Limyè, Ban M Lavi? pic.twitter.com/7mRrP7aB57
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Ta sanble René ak “Michelle” byen soti nan bagay sa. Ban m pran yon ti souf. [M jis ap tann yon lòt rapò ki pou montre m te gen tò.]
Même s'il manque un M à commission, il ne semble rien manquer à l'administration Préval-Pierre-Louis, hormis quelques erreurs de procédure. Avançons donc. pic.twitter.com/PRYzsm25g0
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Men mwen kounye a ki bouch be souf devan jan m wè yon seri moun rive vwayaje atravè tan san pwoblèm. “Pou sa ki gen pou wè ak matrikil fiskal ki nan dosye a, se 13 Janvye 2011 DGI te bay li epi kitis la menm se te 11 Janvye 2013, pandan kontra a li menm te siyen 3 Fevriye 2010” (paj 139). Ala en!
Impressionant, ces voyages dans le temps ! "Quant au matricule fiscal retracé dans le dossier, il a été émis le 13 janvier 2011 et le quitus fiscal le 11 janvier 2013, alors que le contrat fut signé le 3 février 2010". Je suis soufflée ! pic.twitter.com/MCFUKCMkvl
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Men tou, pil ale vini sa yo pa fouti pa bwase bil yo. Se konsa, pou pi senp, finalman yo jis sispann mete dat siyati kontra yo, epi lapè.
Cette fois, pour faire simple, on préféra ne pas mettre de date de signature au contrat. Plus besoin de voyage dans le temps, achronie oblige. pic.twitter.com/pg36KJqBb3
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Toujou nan menm lespri koupe kout met nan makout la, yo kontinye bay zanmi yo kontra gre-a-gre, san mande garanti, san Koudèkont pa otorize yo fè sa, san yo pa chache konnen dizon Komisyon Nasyonal Mache Piblik yo, san patant, elt. Pou bay (fonksyonè) Larepiblik tete se vre, men tou pou fè pèp la bay bèf pou kabrit nan peye chak kilomèt wout pou sa l pa vo.
Fascinante, cette facilité à conclure avec des firmes, de gré à gré, sans caution, sans approbation du CSCA, sans non-objection du CNMP, sans patente… pic.twitter.com/bLty0mJ62y
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Komisyon Sena a ki travay sou dosye sa fini ak yon gwo nouvèl pou di nou : Gouvènman Bellerive la (yo) te pwofite yon katastwòf natirèl ki rive nan peyi a pou simaye kontra gre-a-gre ki pa gen anyen pou wè ak tranblemanntè ki te touye plizyè santèn milye konpatriyòt san konte milyon moun ki te viktim yo yon fason oubyen yon lòt yo. M konnen wi. Adje ! M pa ka jwenn kote m lage linèt mwen mezanmi.
Vous voulez me dire que le gouvernement Bellerive a profité d'une catastrophe ayant tué des centaines de milliers des nôtres pour passer de contrats de gré à gré n'ayant rien à voir avec celle-ci ? Bientôt vous allez me dire que l'eau est humide. N'importe quoi ! pic.twitter.com/aOnTtHb51J
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
M fenk fin jwenn linèt mwen epi men kounye a se manm mwen ki kraze. Yon konpayi ki fèmen, ki pa menm egziste ankò non rive ap siyen kontra. Kote nou pran la menm ! Nou pase nan yon lòt nivo wi la. Do se sa yo rele finans kantik la!
Voici un cas d'école. Une firme dissoute qui signe des contrats. Ce doit être cela, la finance quantique ! pic.twitter.com/s1qOmmaBi3
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Il y aussi, et c’est logique, de la construction quantique. Des projets sont exécutés par la SECOSA mais on ne sait où. On sait toutefois qu’ils n’ont rien à voir avec le séisme.
Men gen yon koze konstriksyon kantik tou, e sa lojik. SECOSA egzekite pwojè men ou pa fouti di kibò. Toutfwa, nou konnen sa pa gen anyen arevwa ak goudougoudou,
Autre cas de construction quantique cette fois, la SECOSA qui exécute des projets l'on ne sait où. Des projets, naturellement, qui n'ont rien à voir avec le séisme. pic.twitter.com/GGThimKOyR
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Les membres de la commission recommandent la mise en accusation de l’ancien PM Jean Max Bellerive pour: 1) Abus de fonction (Article 5.5); 2) Surfacturation (Article 5.8); 3) Trafic d‟influence. (Article 5.9); 4) Népotisme (Article 5.10); 5) Passation illégale des marchés publics, (Article 5.12). Ce mardi, au Sénat, nos Senatus Scribendi vont hurler, tempêter, grandiloquer.
Manm komisyon an mande pou akize ansyen premye minis lan Jean Max Bellerive poutèt : 1) li fè depase sa otorite l te ba li pandan l te sou pouvwa a (atik 5.5); 2) li mete pase genyen nan fakti yo (atik 5.8); li pran lajan nan men moun pou l ka fè yo kèk favè (atik 5.9), li aji an moun pa ak fanmi l (atik 5.10), li vyole prensip pasasyon kontra yo (atik 5.12). Madi sa, anndan chanm Sena a, Senatus Scribendi nou yo pral fè gran gòj, pakèt bri, bat lestomak yo.
Où le rapport recommande la mise en accusation de l'ancien PM Jean Max Bellerive pour:
1) Abus de fonction (Article 5.5)
2) Surfacturation (Article 5.8)
3) Trafic d‟influence. (Article 5.9)
4) Népotisme (Article 5.10)
5) Passation illégale des marchés publics, (Article 5.12) pic.twitter.com/jYNTcuxFsv— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Pandanstan, an nou gade jan tranblemanntè 2010 la gen do laj:
Le séisme avait donc bon dos. Quel gâchis ! pic.twitter.com/X8IU0VssAK
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
[Permettez que je prenne quelques secondes pour regretter que l’épisode Gary Conille ait été bien avant le lancement de ce blogue. Mais bon, le passé est un autre pays.]
Pèmèt mwen pran kèk segonn pou m di jan regrèt feyton Gary Conille la te pase avan blòg sa te lanse. Antouka, sa pase deja.
Ah, l'épisode Gary Conille! Que de souvenirs ! C'est un peu dommage que je ne tenais pas de blogue à l'époque. Que de billets ratés ! pic.twitter.com/dTpMFud4st
— la loi de ma bouche #AyitiNouVleA (@laloidemabouche) November 11, 2017
Biyè sa a se tradiksyon kreyòl yon pati nan biyè "En direct de Twitter, le rapport PetroCaribe". @patriciacamilien ki te lage vèsyon orijinal la an novanm 2017. Rès tradiksyon an pou yon pwochen biyè.
Kategori
Uncategorized
Cet article est également disponible en : French