La loi de ma bouche

Bòs Nou Ap Kontakte Bòs Ou (3/6)

17 fevriye 2019, Polis Nasyonal arete 7 mèsenè etranje pa lwen Bank santral. Yo di yo an misyon pou gouvènman an, e yo te gen yon pil zam sou yo. Kat jou apre Etazini « sove » yo. Kisa k te pase menm?


Nòt ekip tradiksyon an: @jakobjohnston ban nou dizon li pou nou tradui repòtaj sa a li te pibliye sou sit Center for Economic and Policy Research (CEPR) la nan tèt kole ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch, jou ki 12 mas 2019 la. Klike sou lyen sa a pou li vèsyon orijinal la ann angle. Gen yon tradiksyon franse ki nan wout.


N ap pibliye tradiksyon kreyòl tèks la an 6 pati. Sa a se twazyèm pati a.

Tradiksyon: Yves-Marie Exumé (@aymexume); Stevens Azima (@stevensazima)


Se CEPR ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch ki reyalize envestigasyon sa a.

Nou poko klè sou ki moun ki te siyen kontra pou mennen gwoup sila a nan peyi a, si gen yon moun vre. Men kounye a li evidan Preble-Rish Haiti, ak moun ki dèyè l yo, te bonjan enplike nan istwa a.

Paj « About Us » [« Kilès nou ye »] yo a, ki efase kounye a, montre ke Leconte, yon sitwayen Ameriken ki prèske pa gen okenn dokiman piblik ki pale de li, te prezidan konpayi a. Champagne te sou lis la kòm direktè relasyon piblik, e « li te gen responsablite pou li kreye relasyon e jwenn sipò nan men enstitisyon piblik ak prive. »

Se yon wòl ki te byen taye pou li paske li te gen lyen ak ansyen Prezidan Michel Martelly — e sa te sanble jwe an favè konpayi a.

Champagne marye ak Claudia Saint-Remy, ki se sè Madan Martelly, Sophia Saint-Remy. Monnonk Champage te yon gwo tèt nan rejim Duvalier a. Champagne ak Martelly pwòch depi kèk dizèn lanne.

Nan mwa mas 1996, yo te arete Gesner Champagne nan peyi Etazini pou yon zafè trafik zam. Dapre sa yo rapòte, Martelly te peye kosyon $150 000 Ameriken an. Epi tou, adrès Champagne te mete sou dokiman tribinal yo se adrès yon kay Martelly posede nan Miami. Li te fini pa jwenn yon antant aprè ke li te kopere nan yon lòt ankèt. Antant sa a sou sele toujou.

Champagne te youn pami plizyè zanmi ak fanmi ki te fè pati gwoup moun ki te gen enfliyans lè Martelly te pran pouvwa a an 2011. Charles « Kiko » Saint-Remy se yon lòt; li se bòfrè Champagne ak ansyen Prezidan an. Depi lè Martelly te fin Prezidan an, misye ta sanble enplike nan yon seri zak kriminèl tankou asasina, kidnapin ak trafik dwòg.

Si kontra a ta gen ofisyèl ki apwouve li, enplikasyon Preble-Rish ak Champagne, ak jan yo pwòch Kiko Saint-Remy ak ansyen Prezidan an, leve gwo kesyon politik ak legal.

Ki enplikasyon sa genyen lè yon sitwayen ameriken ak yon konpayi ki gen pwopriyetè ameriken, Preble-Rish, kanpe nan mitan eskandal sila a? Poukisa yon moun yo te kondane pou trafik zam enplike nan yon operasyon sekirite ofisyèl? Epitou, jouk nan ki nivo administrasyon Ayisyen an, oswa lòt otorite nan Gouvènman an, te okouran operasyon an?

Yon bagay ki klè: se pa de biznismann Preble-Rish yo sèlman ki te ann afè ak konsiltan yo.

Nan moman arestasyon an, lapolis dekouvri 3 je plak andedan machin yo. Dapre dokiman imatrikilasyon yo, ak yon lèt konsesyonè machin lokal la te ekri Premye Minis lan, youn nan plak yo te anrejistre sou non Fritz Pierre-Louis ki se, dapre sa yo rapòte, youn nan konseye Prezidan aktyèl la epi tou yon ansyen Sekretè d Eta pou Ministè Enteryè. Jean-Louis se yon minis ki te enplike nan zafè eleksyon nan lanne 2015, pandan kanpay Prezidan Moïse la.


Plak yo te dekouvri nan machin yo nan moman arestasyon an.

Lèt la esplike ke Magalie Habitant, ki te direktè jeneral CNE nan moman sa a, te achte yon Ford Ranger koulè ajan ak 2 lòt pikòp nan non Jean-Louis nan fen mwa Dawout 2018.


Dokiman anrejistreman pou machin yo.

Lèt konsesyonè machin lokal la te voye bay Premye Minis la.

Yon lòt je plak, ak yon Toyota Hilux vè fonse, te anrejistre nan non Preble-Rish Haiti. Ofisyèlman, konpayi a te posede machin sa a pandan mwens pase 4 semèn. Jou ki te 22 janvye 2019 la, Estera, chofè Preble-Rish la, te siyen papye ki te retire machin lan sou non Steeve Khawly, yon enpòtatè rich ki te kandida pou prezidan nan dènye eleksyon yo anba bànyè yon pati ki te pou Gouvènman anplas la.


Papye ki te siyen pou transfere youn nan machin yo..

Ayibopost te kontakte Khawly, li te di li te achte machin nan an 2013 « paske yon zanmi l nan konpayi Preble-Rish te mande l sa ». Khawly ak Champagne se de manb fondatè Seguin Foundation ann Ayiti. Champagne pa t bay ankenn esplikasyon sou enplikasyon li lè Ayibopost te kontakte li. « Mande otorite Leta yo ki lage sòlda yo sa ki rive », li te di jounal la.  « Mande ofisyèl Ameriken yo poukisa yo lage mesye sa yo. »

Jis kounye a, nou pa konnen kiyès ki mèt twazyèm je plak yo.

Si administrasyon ki an plas la te okouran mèsenè yo te nan peyi a, yo ranje kò yo pou yo rete lwen lè bagay la gaye a. « Prezidan an pa enplike nan koze sa a », yon avoka Prezidan Moïse te di, epi tou li nye ta gen yon relasyon ofisyèl ak Fritz Jean-Louis. « Pouvwa egzekitif la pa ka anboche mèsenè pou teworize popilasyon an », yon pòtpawòl te deklare. Dapre lapolis, nan moman sa a, Jean-Louis te gentan kite peyi a.  

Toutfwa, jan evènman yo pase anvan arestasyon an, epi nouvo enfòmasyon nou resevwa sou moun ki te enplike nan koze a, montre ke rezo ki planifye epi kowòdone pou konsiltan nan zafè sekirite yo vin nan peyi a ta gen lòt moun anplis de Leconte, Champagne ak Jean-Louis.


WASHINGTON DC

Depi lè konsiltan yo te detni yo tounen Etazini an, Gouvènman Ameriken an pa fè ankenn deklarasyon piblik sou dosye a. Jou ki te vandredi 22 fevriye a, Depatman d Eta te fè yon rale mennen vini enfòmèl sou dosye a nan telefòn pou manb Kongrè a ak anplwaye ki te enterese yo. Lè yo te mande ofisyèl ki te nan telefòn lan plis detay sou Ameriken yo oswa sou sa gwoup la te vin fè Ayiti, li pa t di anyen aklè. Men chans pou yo sispann poze kesyon sa yo piti anpil.

Jou ki te 6 fevriye a, Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Bocchit Edmond, te poste yon foto li te pran ak Senatè Ameriken Marco Rubio (R-FL) apre yon rankont sou Twitter — Marco Rubio tounen yon Sekretè d Eta defakto pou zòn emisfè lwès la anba administrasyon Trump lan. Jou apre a, Jovenel Moïse te pral selebre 2 lanne depi li te inogire kòm Prezidan, e se te pral kòmansman aktivite lari cho ki te pral lòk peyi a pandan 10 jou ki te vin apre yo.


Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Bocchit Edmond, ak Senatè Ameriken Marco Rubio (R-FL) .

Jou ki te 9 fevriye a, yon delegasyon Bank Santral Ayiti ak Ministè Finans te rive Washington, DC. Minis Afè Etranjè Ayisyen an, Bocchit Edmond te Washington DC tou, e te gen de moun ki te akonpaye li: Charles Jean-Jacques, yon ofisyèl nan Gouvènman an ki responsab lajan devlòpman entènasyonal ak Andy Apaid, yon biznismann ki rich e ki se senpatizan Gouvènman an.

Jounal Miami Herald te rapòte ke Bocchit Edmond patisipe nan diskisyon sou yon antant pou finanse dèt, kote peyi Kata t ap achte dèt Petrocaribe Ayiti dwe peyi Venezyela a. Dapre sous ki konnen sitiyasyon an, Apaid, Gouvènè Bank Santral la, ak Minis Finans lan te pwofite pale de antant sila a pandan yo te Washington lan. Dèt sila a nan nannan manifestasyon kont koripsyon ki ap boulvèse peyi a depi 5 dènye mwa yo.

Relasyon ant Gouvènman Ayisyen an ak Gouvènman Ameriken te chanje nan mwa janvye. Sa ki te lakòz chanjman sa a, se paske Ayiti te fè bak sou politik li t ap aplike depi kèk lanne pou li vote pou rezolisyon OEA a ki te deklare Gouvènman Venezyelyen Nicolás Maduro a ilejitim. Voye Gouvènman Maduro a ale tounen premye priyorite Washington ak Senatè Rubio.

Paske manda Prezidan Moïse la te an danje, li te chanje pozisyon pou li vote menm jan ak Etazini. Desizyon sila a te fè anpil moun estomake, nan peyi d Ayiti ak pami lòt lidè nan Karayib la.

« Podyab Ayiti. Yo pa ka kenbe anba presyon », Ralph Gonsalves, Premye Minis [peyi] Sen-Vensan-ak-Grenadin lan te di jounal Miami Herald lè Ayiti te bay majorite alye li yo nan Karayib la do lè li te rekonèt Juan Guaidó kòm Prezidan enterimè peyi Venezyela. « Prezidan Ayiti a swaf pwoteksyon Etazini tankou tè sèk k ap tann lapli. Anyen ankò. Nèg sa a rive Prezidan san li pa t pare pou sa », Gonsalves te ajoute.

Men li klè kou dlo kòk Gouvènman Ayisyen an ap chèche transfòme bònfwa li te demontre nan vòt li nan OEA a an soutyen nan men Etazini nan mitan pwòp kriz politik pa li a. Delegasyon ki t al Washington yo te diskite ak FMI sou yon èd (yo te anonse ofisyèlman jou ki te 7 mas), epitou yo te rankontre ak pwodiktè diri Ameriken nan kad jefò madichonnen pou yo desann pri diri a Ayiti.

Antant finansye sa ak peyi Kata a ki kòmanse ap pran fil kounye a ta sanble gen lyen sere sere ak jan Ayiti te vote nan OEA a. Nan peyi d Ayiti, moun te pè, apre yo te chanje vòt la, pou Gouvènman Venezyelyen an pa t vin mande yo remèt li lajan an. Ayiti pa t ap kapab — e sa t ap lakòz plis pwoblèm sou plan finans pou Gouvènman an. Jou ki te 12 fevriye a, Prezidan Bank Santral la ak Minis Finans lan te tounen Ayiti, kote kriz la pa t montre ankenn siy li t ap febli.

Jou ki te 14 fevriye a, Prezidan Moïse resi pale apre yon semèn li pase bèbè. Li pale ak nasyon an sou koze mande yo mande l demisyone a epi tou sou aktivite lari cho ki tabli nan tout peyi a ki te lakòz anpil moun mouri epi ki te bloke ekonomi peyi a. Li te kategorik: li derefize demisyone. « Mwen p ap kite peyi a nan men gang ame ak dilè dwòg », li te deklare nan yon mesaj li te anrejistre davans.  

Nan kòmantè li te fè, kòmantè anpil moun kòmanse ap analize pi byen, Moïse te di kominote entènasyonal la mèsi pou « gwo soutyen yo ba nou, sitou nan domèn sekirite, e ke yo kontinye ba nou. »


Bocchit Edmond te rankontre John Bolton tou, ki se konseye Trump nan domèn sekirite nasyonal.  

Jou apre a, nan Mezonblanch, Ministè Afè Etranjè Bocchit Edmond rankontre ak John Bolton, ki konseye Trump nan domèn sekirite nasyonal. Menm jou sa a, yo enprime yon paspò pou Christopher Osman, youn nan mèsene ki te detni yo, dapre yon dokiman ki soti nan Ministè Jistis peyi d Ayiti, epi yon djèt kite Bahamas pou ale Baltimò.


Dokiman ki soti nan Ministè Jistis peyi Dayiti kosènan yon paspò yo enprime pou Christopher Osman, youn nan mèsenè yo te detni yo.

Yon djèt prive k ap kite Baamas pou ale Baltimò.

Jounal Miami Herald te rapòte ke Gouvènman Ayisyen an te deja mande Nasyonzini ranfò men yo te di Gouvènman an non — sa fè 15 lanne depi Nasyonzini gen lapolis ak lame sou plas. Eske Gouvènman Ayisyen an te mande Washington koutmen tou?

Mwen kontakte Apaid, biznismann ki te ale Washington lan, pou mwen mande li si li te vle pale de koze konsiltan sekirite a. Li refize.  

Nan dat jodi a, li pa fin klè si prezans konsiltan sekirite sa yo nan peyi d Ayiti gen yon lyen ak vwayaj Gouvènman an te fè Washington la, oswa si ofisyèl nan Gouvènman Ameriken te konnen davans ke, oubyen te bay sipò pou, konsiltan sa yo travay Ayiti. Men Etazini, paske yo te kowòdone liberasyon konsiltan yo, te evite Gouvènman Ayisyen an soti pi lèd nan koze a. Dapre entèvyou ak dokiman nou resevwa nan ka ankèt sa a, koneksyon ka sa a genyen ak yon lòt manb delegasyon Ayisyen an se li ki pral soulve plis kesyon sou kisa operasyon an te ye epi tou sou enpliksasyon otorite yo ladan.