Skip to content

Bòs Nou Ap Kontakte Bòs Ou (2/6)

17 fevriye 2019, Polis Nasyonal arete 7 mèsenè etranje pa lwen Bank santral. Yo di yo an misyon pou gouvènman an, e yo te gen yon pil zam sou yo. Kat jou apre Etazini « sove » yo. Kisa k te pase menm?


Nòt ekip tradiksyon an: @jakobjohnston ban nou dizon li pou nou tradui repòtaj sa a li te pibliye sou sit Center for Economic and Policy Research (CEPR) la nan tèt kole ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch, jou ki 12 mas 2019 la. Klike sou lyen sa a pou li vèsyon orijinal la ann angle. Gen yon tradiksyon franse ki nan wout.


N ap pibliye tradiksyon kreyòl tèks la an 6 pati. Sa a se dezyèm pati a.

Tradiksyon: Yves-Marie Exumé (@aymexume); Stevens Azima (@stevensazima)


Se CEPR ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch ki reyalize envestigasyon sa a.

Malgre jan dosye a te sansib, idantite detni yo te gentan gaye nan espas kèk èdtan: Dustin Porte, Talon Burton, Christopher Osman, Kent Kroeker, Chris Mark McKinley, Danilo Bajagic, Vlade Jankovic ak Michael Estera.

De nan yo se ansyen Navy SEALs [lamarin Etazini], youn se yon ansyen Marine. Yon lòt te travay nan sekirite diplomatik nan peyi Afganistan. Sis pami 7 detni yo, eksepte Estera ki se yon sitwayen Ayisyen, gen lyen ak konpayi sekirite prive nan peyi Etazini, soti nan Eta Maryland rive nan sid Eta Kalifòni. Nan peyi d Ayiti, yo konnen yo kòm « Mèsenè yo ».


Pòs Christopher Osman sou Instagram.

Jou ki te 22 fevriye, Christopher Osman poste yon foto li menm ak madanm li sou Instagram. Mesaj ki te akonpaye foto a se sèl kòmantè piblik mèsenè ki te enplike yo te fè. Depi lò, pòs la efase. Omwen 2 konpayi te nye an piblik ke yo te jwe yon wòl nan operasyon sila a.

Osman te ekri: « Pafwa, lavi pi etranj pase fiksyon e li chaje avanti ou pa ta imajine. Kounye a, tout moun konnen mwen travay nan sekirite e ke m ap fè sa depi kèk lanne. » Li deklare se sa ekip la t ap fè Ayiti — e ke se « moun ki konekte dirèkteman ak Prezidan an » ki te anboche yo. Kanta sitiyasyon tèt chaje li te tonbe ladan l lan, Osman lage chay la sou do yon batay politik ant Prezidan an ak Premye Minis la, epi li remèsye gouvènman Ameriken an, anbasadè a patikilyèman, dèske yo te « sove » yo.  

Pa gen anpil enfòmasyon sou detni yo ni sou rezon ki fè yo te fòme yon gwoup divèsifye konsa. Men, nou aprann ke se pa t premye fwa kèk nan detni yo te vin Ayiti. Yon gran biznismann te deja fè youn nan yo, pou pi piti, antre Ayiti 7 mwa anvan sa, nan kòmansman kriz politik Ayiti ap viv la a.

Nan kòmansman mwa jiyè, Gouvènman an te anonse ke pri gaz la ta pral gen yon ogmantasyon 50% sou li. Gouvènman an pa t gen lajan nan kès li ankò, e mezi sa a te fè pati yon lis refòm ki te nesesè pou li te ka jwenn yon fon depanaj nan men Fon Monetè Entènasyonal [FMI].

Manifestasyon, pami yo te genyen ki te sible biznis prive, te gaye nan Pòtoprens; yo te kontinye menm apre Gouvènman an rantre dekrè a. Ayopò a te fèmen. Pami biznis ki te pran frap pandan manifestasyon yo te genyen otèl Best Western ak MSC Trading. Tou de biznis sa yo se youn nan fanmi ki pi koni nan elit peyi a ki posede yo: fanmi Handal.  

Apre latwoublay la, Chris Handal, kopropriyetè ni otèl la ni MSC te fè konsiltan etranje nan domèn sekirite antre pou vin evalye sitiyasyon an. Dapre sous nou nan sektè prive a, Kent Kroeker te nan gwoup sa a. Handal refize bay kòmantè li pou rapò sa a. 

Se pa premye fwa gen konsiltan etranje nan domèn sekirite nan peyi d Ayiti. Souvan, depi lari a cho, biznismann fè ekip sekirite sa yo antre nan peyi a. Pandan anpil tan, Steele Foundation te gen yon kontra ak Gouvènman Ayisyen an, e Depatman d Eta te apwouve li. Nan lanne 2004, ajan Steele yo te la lè ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide [Jan-Bètran Aristid] te pran nan yon soulèvman entèn – menm pami pwòp sekirite li – e te pran avyon pou l kite peyi a — apre sa, li te vin deklare ke se te a kontrekè. Avyon ki te frete a, Etazini abitye sèvi ak li pou ekstradisyon espesyal.

Men, si konsiltan yo te Ayiti senpman pou yo fè yon evalyasyon sekirite òdinè oswa pou bay pwoteksyon, se relasyon yo ak aksyon yo nan peyi d Ayiti ki soulve gwo kesyon sou kisa misyon yo a te ye toutbon.

Apre 7 nan detni yo te tounen Etazini, sèl Michael Estera, sitwayen Ayisyen an, ki te rete nan prizon. Lè yo te rapòte Ameriken yo pa t ap enkilpe, Hans Joseph, yon avoka k ap reprezante Estera te fè yon deklarasyon kote li te di Estera t ap travay pou yon konpayi enjenyè lokal, Preble-Rish Haiti, e li te mande pou yo lage li. 


Deklarasyon Hans Joseph sou kliyan li Michael Estera.

Yon ti tan apre, Preble-Rish Haiti efase paj “About Us” [“kilès nou ye”] sou sit entènèt li a. Toutfwa, yon vèsyon achive sit sa a devwale 2 non enpòtan: Josué Leconte ak Gesner Champagne. An 1996, yo te arete Gesner Champagne nan peyi Etazini pou yon zafè trafik zam. Ta sanble se yo ki te 2 biznismann lokal ki t al rankontre avyon ki te soti Baltimore la nan ayopò a, nan maten anvan arestasyon an.


Preble Rish efase paj “About Us” [“kilès nou ye”] li a.

Mwen rankontre Hans Joseph, avoka  Estera a, nan yon biwo ki apèn dekore nan Dèlma 41, yon katye ki pa lwen Pòtoprens. Joseph nye ke Preble-Rish te patisipe nan anboche li, e li deklare Estera pa t menm te revele avoka li yo kiyès ki patwon li.« Lavi li an danje », Joseph di mwen sou yon ton ki presan. Estera se te yon senp chofè entèprèt ki t ap travay pou yon biznismann lokal, avoka a te di mwen. « Youn nan pi bon ki genyen », li te ajoute.

Pandan grenn nuit yo te pase lib ann Ayiti a, Estera te depoze omwen youn nan konsiltan yo nan Otèl Montana, dapre avoka a. Apre sa, Estera te vin lage soti nan prizon. Li rete bouch be depi lè a. Ki biznismann sa a Estera t ap travay pou li a?

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar