Skip to content

Bòs Nou Ap Kontakte Bòs Ou (1/6)

17 fevriye 2019, Polis Nasyonal arete 7 mèsenè etranje pa lwen Bank santral. Yo di yo an misyon pou gouvènman an, e yo te gen yon pil zam sou yo. Kat jou apre Etazini « sove » yo. Kisa k te pase menm?


Nòt ekip tradiksyon an: @jakobjohnston ban nou dizon li pou nou tradui repòtaj sa a li te pibliye sou sit Center for Economic and Policy Research (CEPR) la nan tèt kole ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch, jou ki 12 mas 2019 la. Klike sou lyen sa a pou li vèsyon orijinal la ann angle. Gen yon tradiksyon franse ki nan wout.


N ap pibliye tradiksyon kreyòl tèks la an 6 pati. Sa a se premye pati a.

Tradiksyon: Yves-Marie Exumé (@aymexume); Patricia Camilien (@patriciacamilien); Stevens Azima (@stevensazima)


Se CEPR ak Haiti: Relief and Reconstruction Watch ki reyalize envestigasyon sa a.

A 4:59, yon samdi maten, jou ki te 16 fevriye 2019 la, yon avyon prive, ki anrejistre sou non yon konpayi ki lwe avyon nan Sid Florid, ateri nan Ayopò Entènasyonal Tousen Louvèti, nan Pòtoprens, Ayiti.

Avyon an ateri pandan peyi a ap viv yon kriz ekonomik agravan, yon eskandal koripsyon ki fin metastaze, yon kriz politik k ap fini avè l. Nèf jou anvan sa, yon bon pati peyi a te lòk akòz manifestasyon ak barikad nan lari pou mande Prezidan an bay demisyon l.

Avyon an te soti dirèkteman nan Ayopò Entènasyonal Baltimore/ Washington (BWI), li te kite l a dezè di maten. Nan avyon an te genyen yon ti gwoup mèsenè ameriken epi pami yo, aparaman, te genyen ansyen ofisye militè byen antrene ki fè eksperyans Irak ak Afganistan. Lè yo rive ann Ayiti, kèk nan mèsenè yo ta antre san pase imigrasyon. Dapre Lapolis, 2 biznisman pwòch pati ki sou pouvwa a, Josué Leconte ak Gesner Champagne, t al rankontre yo. Yon lòt moun ki ta prezan, dapre menm sous sa yo, se yon ansyen tèt nan gouvènman an, Fritz Jean-Louis.


Yon Hawker 800, yon avyon pou biznis ki sanble ak sa ki te itilize a.

Nan demen, yon gwoup nan mèsenè yo eseye antre nan Bank Santral, Banque Republique d’Haïti a. Yon sekirite ki te la pa kite yo antre epi alète gwo responsab bank lan yo. Moun ki konnen sitiyasyon an byen konfime Leconte ak Jean-Louis, 2 nan moun ki te rankontre mèsene yo nan ayopò a, te an kontak ak Gouvènè Bank Santral la nan de semèn anvan yo. Men, aparamman, mèsenè yo pa t janm antre nan bank lan epi yon moun soufle lapolis koze a.

Aprèmidi sa a, lapolis arete 7 mèsenè yo ak tout chofè yo a – 5 Ameriken, 2 Sèb ak yon Ayisyen –  tou pre bank lan. Mèsenè yo, pami yo kèk grenn te rive 36 èdtan anvan sa nan vòl ki te soti Baltimore la, t ap sikile nan machin san plak. Anndan yo, lapolis jwenn 6 zam otomatik, 6 revòlvè, 2 dwòn, telefòn satelit ak lòt ekipman taktik.

Gwoup la di lapolis li te nan yon misyon pou gouvènman an. « Bòs nou ap kontakte bòs ou », youn nan polisye yo sonje yo te di l.

Menm aprèmidi sa a, dapre sa jounalis lokal te rapòte e ki te konfime endepandaman, Minis jistis Ayisyen an te entèvni pèsonèlman pou yo ka lage mèsenè yo. Youn nan konseye prezidan an te pase yon apèl tou. Fritz Jean-Louis, ki ta deja kite peyi a dapre sa yo rapòte, te di lapolis manèv sila a te antre nan kad yon tès yo t ap pase sekirite Bank Santral la. Bank lan di li pa t enplike. Yo pa t lage mèsenè yo finalman.  

Pèsonn pa t konfime yo te responsab mennen mèsenè sila yo nan peyi Dayiti. Anbasad Ameriken te bay sèvis konsilè, men li te di li pa konnen pou ki rezon gwoup la te nan peyi a.

Nan aprèmidi jou ki te 20 fevriye a, apre prèske 3 jou laprès nasyonal ak entènasyonal pase ap fè devinèt san rete sou sitiyasyon an san yo pa vrèman jwenn repons, yo remèt gwoup la bay otorite Ameriken yo, san fè bri. Jou swa sa a, yon videyo te kòmanse sikile; videyo sa a te montre anplwaye Anbasad Ameriken ki t ap akonpaye gwoup la nan gichè American Airlines la. Youn pa t parèt menote.

Anplwaye Anbasad Ameriken k ap eskòte mèsenè yo nan gichè American Airlines.

Yo te pati nan yon avyon komèsyal ki te prèske vid. Lè yo te rive Miami, yon ajans polis Ameriken te vin rankontre yo; jiskounye a, nou pa rive konfime ki ajans federal li te ye. Jou apre a, jounal Miami Herald, ki te site yon sous federal, te rapòte yo pa t arete mèsenè yo. Prezidan Ayisyen an ak tout Premye Minis la te di yo pa okouran sitiyasyon an. Gouvènman Ameriken an pa fè okenn deklarasyon piblik sou dosye a.  

Sèl esplikasyon piblik nou te jwenn nan men youn nan moun ki enplike yo, se te yon pòs sou Instagram (ki efase depi lò) youn nan Ameriken yo te pibliye. Li te deklare se « moun ki pwòch Prezidan [Ayisyen] an » ki te angaje yo pou « bay sekirite ». Men menm apre kèk semèn, pi fò nan sa ki pase pandan anviwon 36 èdtan anvan yo te mete gwoup la an detansyon an rete yon sekrè.

Menm si genyen detay enpòtan nou pa ko konnen, koze nou pral rapòte la yo — ki baze sou rapò nou jwenn, entèvyou ak sous ki konnen sitiyasyon an byen, dokiman gouvènman an, enfòmasyon sou vòl avyon ak lòt dokiman ki lye ak ka sila a — soulve gwo kesyon pou otorite ki nan Gouvènman Ayisyen an ak nan Gouvènman Ameriken an.

Poukisa gwoup la te nan machin san plak ak zam ki pa t anrejistre epi san so imigrasyon sou paspò yo? Pou ki travay yo te pran yo? E pou kiyès yo t ap fè travay sila a?  Eske gen lòt mèsenè Ayiti toujou? Kisa otorite nan Bank Santral la te konnen, kilè yo te jwenn enfòmasyon an? Eske bank lan se te sib misyon an oubyen se te jis kote yo te bare nèg yo? Kiyès k ap rache fèy kouvri sa nan koze sa a? Poukisa Gouvènman Ameriken an pa t respekte pwosedi diplomatik ak lwa entènsyonal majorite peyi respekte? Poukisa yo pa t enkilpe mèsenè yo ni Ayiti ni Etazini?  Epi tou, ki sa ka sa a gen arevwa ak kriz politik Ayiti ap viv kounye a ansanm ak wòl Etazini ap jwe Ayiti sèjousi?

Nan rapò sa a, Haiti: Relief and Reconstruction Watch (HRRW) pral pwofonde plis toujou dosye detansyon mèsenè yo, sa yo te fè Ayiti anvan detansyon yo a ansanm ak diskisyon politik ak diplomatik evènman sila a te pwodui. Pandan kèk jou ki te vini apre evènman an, ka te vin genyen yon gwo siyifikasyon politik ki te depase detansyon ak liberasyon mèsenè yo. Evènman detansyon an t apral deklannche ann apre yo revele feblès sistèm jistis nasyon an epi sitiyasyon frajil administrasyon Ayisyen an sèjousi; yo te montre aklè lyen sere sere ki genyen ant rezo kriminèl yo ak pati ki nan tèt peyi a, epi yo te fè tout moun doute se te yon senp operasyon sekirite ki te mal pase.

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar