Skip to content

Diri-jan klowòks

Maten an, bonè bonè, yon zanmi mwen, ki kontribye nan tèm Manje pwogram #AyitiNouVleA, voye mesaj detrès sila a ban mwen.

Diskou Céant an se yon veritab katastwòf. Zafè pa mete taks sou diri a se li ki lage nou nan sa nou ye an. Epi kounye a nou pral sibvansyone li!!!!

[…]

Nou pa dwe kite gouvènman an pran dispozisyon sa a. Se yon pwazon ki pral anpwazonnen nou pandan lontan, menm jan ak dispozisyon nou te pran an 87 ak an 95 yo… Se kòmsi nou
deside di se ra se ta ak koze agrikilti lokal la.

Zanmi m lan konn sa l ap di a. Se yon syantifik militan k ap travay depi plizyè lanne pou li rive kore estrikti lokal yo; yon travay kote li jwenn kèk bon rezilta. Se ak rezon li gen kè sote pou konsekans sa ka genyen — konsekans li panse ki ka grav anpil — sou pitimi, mayi, patat, manyòk oswa sou bannann. Li mande m kijan pwodiksyon sereyal ak viv lokal la pral kenbe konpa a devan yon diri enpòte ki sibvansyone de fwa.

Wi, diri enpòte a jwenn sibvansyon deja . Nan peyi Etazini, se 4 dola ameriken yon kilogram diri koute alòske nan peyi Dayiti, se 50 santim (ameriken) li koute. Depi akò Governor’s Island yo, taks sou pwodui enpòte yo te vin tou zuit; se youn nan bagay ki bay diri enpòte a yon avantaj. Diri Mayami bon mache a deja lakòz nou pèdi 80 000 djòb endirèk nan depatman Latibonit. Epitou, se sa ki lakòz plizyè santèn milye fanmi tonbe nan malsite. San di petèt, yon dezyèm sibvansyon pral gen yon enpak tèt chaje nan nivo makwo-ekonomik.

Pwodui agrikòl lokal yo (tankou mayi, pwa, bannann, patat, manyòk, zaboka, lamveritab, elt) pa tèlman nan lis priyorite dirijan yo. Se toujou diri, ke moun konsome chak jou nan gran vil yo; yon diri nou enpòtae pou yon valè 217 milyon dola ameriken.

Kidonk, zanmi m lan gen rezon gen kè sote a.

Aba sibvansyon diri enpòte!

Sa ki ba li plis kè sote a, se paske li panse (e sa li panse a lojik) yon fwa nou bay sibvansyon sila a, nou p ap ka fè bak. Diri ap tounen yon pwodui enpòte menm jan ak gaz, yon pwodui enpòte nou vin oblije sibvansyone pou pa gen kraze brize nan gran vil yo. Kidonk, paske gouvènman nou yo pè katye popilè yo plis pase yo pè moun andeyò yo, yo ap chwazi sibvansyon an san pèdi tan.

Pèsonn pa pè peyizan. Tan Kako ki te konn debake nan vil yo pase. Peyizan yo aprann aksepte lamizè, diktati a te goumen pou sa. Yo rete kache sou tè yo epi yo bay vag, pandan pitit yo vin gonfle kò yo lavil. Men, konbyen tan sa va dire?

Pwogram #AyitiNouVleA ap milite pou yon sistèm agrikòl ki ekolojik, ki baze sou lafanmi, ki pral favorize aksyon tèt ansanm lakay peyizan, nan yon mache lokal ki jwenn pwoteksyon.

San di petèt, sa ap pi itil lontan pase sibvansyone diri enpòte.

Biyè sa a se vèsyon kreyòl biyè “Le rizdicule tue” a @patriciacamilien te pibliye 17 fevriye 2017.

Kategori

Uncategorized

Cet article est également disponible en : French

Yves-Marie Exumé Afiche tout

« pye poudre » haïtiano-canadienne. Blogue au http://aymexume.wixsite.com/piedspoudres

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar