Skip to content

Mache chèche pa janm dòmi san soupe*

 Zafè lajan Petrocaribe a se petèt pi gwo krim finansye nan istwa nou. Sa ki nève nou plis pase plizyè milya dola ke 6 gouvènman — youn apre lòt — depanse san transparans lan se jan yo vòlè yon opòtinite devlòpman san parèy. Lè Ayiti te antre nan pwogram Petrocaribe a sa gen 12 lanne (14 me 2006), te gen lespwa lajan sila a te pral patisipe nan transfòmasyon sosyete nou an. Te gen lespwa pou li fè sosyete a chita plis sou jistis, ekite, patisipasyon ak solidarite. Lè nou t ap siyen akò sila a, prezidan Chavez, ansyen prezidan Venezyela ki te nan tèt Altènativ Bolivaryen pou Amerik lan (ALBA), te prezante lajan sa a tankou yon okazyon pou peyi li an te « peye yon dèt istorik li dwe Ayiti, yon dèt pou tout tan ki se rasin libète ak tout rasin nanchon Venezyela ».

Douz lanne apre — apre plizyè rapò te ekri epi yon kantite akizasyon te fèt pou di se pèsekisyon politik —, ayisyen ap mache pou egzije : yon odit sou kijan lajan Petrocaribe a te depanse; arè Koudèkont ki di men ki responsab lajan leta ki mal jere lajan sa a epi refi pou bay moun sa yo dechaj ansanm ak yon pwosè kriminèl pou yo k ap debouche sandipetèt sou restitisyon lajan an, pou nou ka jwenn jistis epi tou trase yon leson. Mobilizasyon an gaye nan tout pwovens yo ak nan dyaspora a. Ansyen minis Ekonomi ak Finans gouvènman Martelly-Lamothe lan, ki se direktè kabinè prezidan Moïse, kriye nan televizyon. Prezidan Martelly, ki pran presyon nan men mèt gwo lotèl yo, mande padon pou « blag » li te bay kòmkwa li te envesti nan lajan an nan lotèl entènasyonal yo. Koudèkont te anonse rezilta ankèt la pou mwa janvye. Prezidan an fèk pran angajman pou li bay resous ki nesesè yo. Se pwen santral politik jeneral nouvo premye minis lan… Tout sa rive pandan mwens ke yon mwa depi yo lage #PetroCaribeChallenge. Sa pa pi mal pou yon mouvman ki kòmanse pa yon twit [sou Twitter; ndt].

Se sa ki pi gwo fòs mouvman an. Li pa gen lidè, e se konsa nou vle l. Lide anvan lidè. Anpil moun pa ka konprann sa. Y ap eseye ba li youn, men yo pa reyisi. Y ap chèche tèt pou yo koupe. Men, nou se jenerasyon Entènèt. Nou fonksyone sou baz rezo. Yon rezo ke nou pataje, ki pa gen non, ki desantralize. Yon rezo tankou Freenet; yon rezo ki andedan Entènèt la, ke Ian Clarke te devlope an 1977 pou reziste kont baboukèt, granmesi teknoloji peer-to-peer la. Yon òganizasyon ki fleksib, ki pa gen syèj sosyal ofisyèl, ki pa gen òganigram, kip a gen lis anplwaye oswa manb pèmanan. Petrocaribe tchalenj lan enfòmèl; tout tantativ pou mete baboukèt sou li rann li pi fò. Se sa yo rele fenomèn Streisand — yon fenomèn ki pote non chantèz Barbara Streisand ki, pandan l ap fè efò pou li efase imaj satelit kay li, te atire atansyon plizyè milyon moun ki te al gade yo.

Entansyon moun k ap mete baboukèt yo tounen frètkach nan dèyè yo. Yo rache bandwòl ak pankat, epi moun transfòme tèt yo an pankat. Yo rele chalbari dèyè lajan mayo, epi nou pibliye makèt yo: mayo enprime fè kenken nan mach toupatou nan peyi a. Tankou Hydre nan mitoloji a, chak tantativ pou bloke yon pati nan mouvman kreye yon nouvo vèsyon nan Entènèt ayisyen an. Nou pran flanbo kominikasyon an epi nou fè mesaj yo pase nou menm (auto-communication de masse; Castells, 2007) lè medya tradisyonèl yo, ke Leta ak gwo antrepriz yo kontwole, sispann pale. Kapasite nou pou nou kominike youn ak lòt sou medyasosyo pèmèt sosyete sivil la ak militant li yo yon espas kote tout moun kapab pale epi defann opinion yo, karakteristik esansyèl yon espas demokratik.

Sa se demokrasi nan sans ki pi senp li : yon moun, yon vwa. Se pa demokrasi sou baz chwa majorite. Ak yon ti kras kòb, tout moun ki ka konekte sou Entènèt kapab kominike san kontwòl ki egziste kay medya tradisyonèl yo. Pa gen enterè jeneral ki limite aksyon endividyèl, sèl baboukèt ki genyen se limit teknik chak moun genyen epi baboukèt yon moun mete pou tèt li. Opòtinite san parèy sa a fasilite diskisyon ki ka chavire lòd sosyal lan epi mete aklè vre pwoblèm ki dèyè mobilizasyon nasyonal nan zafè Petrocaribe a.

Nan liv The Dramatization of Evil (1938), Frank Tannenbaum (gran papa teyori labelizasyon an) te raple ke, lè gen yon aksyon ki poze, gen plizyè jan pou w defini sitiyasyon ki se rezilta akyon sila a. Definisyon sa a kontinye konstwi plis tan ap pase epi entèrakasyon ak lòt bagay vin ranfòse li. Rezososyo yo akselere rapò ak tan sila a. Achtag #PetroCaribeChallenge te rive jwenn plizyè milyon moun nan mwens ke yon semèn. Lè Gilbert Mirambeau te poze kesyon li an, li te deklanche yon kokennchenn reyaksyon sou Twitter avan li te anvayi lòt medyasosyo ayisyen yo.

Koze Petrocaribe an pa sèlman yon kesyon koripsyon responsab Leta yo te byen òganize, li vin pi konkrè, pi ijan. Dezòmè, Ayisyen yo vle konnen #KoteKòbPetroCaribeA. E y ap cheche li nan kad yon gwo operasyon odit kolektif. Entènè transfòme aksyon militan an (aksyon sibè militan an), li chanje dinamik ki te egziste nan mitan gwoup moun ki te konn lòt depi lontan pou li kreye relasyon spontane pami moun ki an rezo. Sa vin fè ke, gras a estrikti rezo an, youn oswa kèk moun kapab deklannche yon seri reyaksyon « stigmergiques » (yon mouvman ki konplèks, ki parèt byen estriktire, men ki pa sou kontwòl pèsonn).

Entènèt la se yon seri pwotokòl ki baze sou yon achitekti byen spesifik : eterachi. Etrachi se yon sistèm òganizasyonèl ki chita sou rekoupman, divèsite (moun, opinyon), fanmi/orijin diferan, epi/oswa relasyon ki pa menm men ki ka evolye ansanm. Se newològ epi sibènetisyen Warren McCulloch (1945) ki te sèvi ak tèm sila a nan yon kontèks modèn pou premye fwa pou li te dekri òganizasyon san yerachi men ki byen òdone sèvo moun. Alorijin, tèm lan te fè refans a yon estrikti politik ansestral, tankou pa Nuer yo (Nouers oswa Naath) nan Sid Soudan ki se yon modèl sistèm sila a, ke etnològ Evan Pritchard te prezante bay rès mond lan nan etid li te fè nan lanne 1930 yo. Etni sila a se youn nan ra etni ki te reyisi evite kolonizasyon, e se gras a yon estrikti politik orizontal, san lidè deziye e ki, poutan, byen òganize. Estriki fliyid sila a te pèmèt yo evite yerachi kolonizasyon te enpoze nan rejyon an epi te fasilite aksyon gwoup nan yon kooperasyon lib epi louvri. Se menm prensip sa ke nou remake sou rezo an, li pa « intè- » paske li toujou rete louvri.

Entènèt, se yon pwotokòl; li pa yon machasuiv. Se yon akò de baz sou òganizasyon kooperasyon an, li pa yon modèl tipik kooperasyon. Li pati sou baz chak ne nan rezo an oswa mwayen transmisyon pa fin twò fyab epi li konsidere chak lyen epi chak ne kòmkwa yo disponib. Pa gen yon kontwòl santral, pa gen mwayen pou mezire pèfòmans rezo an. Se yon antite ki aktif, ki gen yon kapasite pou òganize tèt li, kote chak pati rezilyan anpil. Lè youn echwe, lòt yo ranplase li rapid vit, epi yo kontinye garanti ke mesaj la rive kote li prale a. Se pi bon kalite yon sistèm ke yo te konsevwa pou li siviv malgre defo li.

Fòmil lan (lwa Gilmore) popilè anpil : « The Internet interprets censorship as damage and routes around it » (Entènè entèprete baboukèt tankou yon obstak, kidonk li kontoune li.). Lwa a pote non John Gilmore, yon enfòmatisyen milita ki se kofondatè EFF. Plis pas yon bagay yon libètaryen (« libertarian » an anglè) te reve, se yon konklizyon syantifik ki chita sou achitekti rezo an menm. Objektif prensipal Entènèt lan se pèmèt done yo soti nan yon pwen pou yo rive nan yon lòt, kèlkeswa sikonstans yo; nan kad sa a, baboukèt se yon sikonstans. Rezon ki genyen pou mete baboukèt lan oswa moun k ap poze baboukèt lan pa gen enpòtans, tout enfòmasyon ki sou rezo a kapab vin viktim. Enfòmasyon an kode oswa dèyè yon fayèwal (firewall), men moun toujou kapad aksede li si yo jwen kòd la oubyen si yo kontoune obstak lan. Lè w ajoute kapasite plizyè milyon moun ki sou entènèt ki aji tankou yon nich gèp pou yo jwenn repons pou kesyon y ap poze yo, pa gen dout posib.

Se prensip algoritm optimizasyon foumi (ACO). Li sèlman sifi ke yon resous disponib yon kote nan anviwònman an pou ke nich gèp lan rive jwenn li. Dabò, yo deplase pa aza, yo suiv tras (sant oswa bit) ke lòt moun kite. Konsa, nich gèp sa a pi efikas, pi rapide pi pi entelijan ke tout moun k ap eseye anpeche li atenn objektif li. Li alèjik a òganizasyon yerachik, li konte sou relasyon orizontal pou li kontinye egziste. Kidonk sa ba li yon estrikti ki vreman deranje sosyete a ak mòd òganizasyon nou yo.

Bagay sa yo pèmèt nou anvizaje :

  • Plis moun vin enterese nan zafè transparans ak rann kont;
  • Yon pi gwo enpresyon ke moun yo enpasyal, paske se patisipan yo yo menm ki bay lajan epi òganize;
  • Agrandisman rezo a jouk rive sou moun k ap travay nan enstitisyon y ap veye yo. Moun sa yo rete anonim gras a Entènèt, sitou sèvis mesaj kode ProtonMail;
  • Enfòmasyon « lib » (« open source ») ap vin disponib epi nou pral sèvi plis ak entèlijans kolektif;
  • Tout sa, gras a benevòl detèmine epi angaje, ki ap envesti tan, lajan ak konesans (teknik) yo nan yon kòz yo kwè ki jis. Epitou, ap vin gen plis kominote ki atire pa travay sila a.

Se konsa lit la pran lejitimite li. Chak moun nan depatman li, nan komin li, nan katye li, kapab louvri yon groupman ki pou antre nan mouvman nasyonal lan. Peyi a an antye ta kapab retwouve li ap cheche lajan Petrocaribe a. E, nou konnen, mache cheche pa janm dòmi san soupe.

_____________________________

* Enfòmasyon ki nan pòs sa soti, pou pi fò, nan yon travay rechèch ke nou te fè sou wikimilitantism avan sa.

Version originale: "Qui cherche trouve*"
Publiée le 9 septembre 2018 par @patriciacamilien

Kategori

Uncategorized

Cet article est également disponible en : French

Yves-Marie Exumé Afiche tout

« pye poudre » haïtiano-canadienne. Blogue au http://aymexume.wixsite.com/piedspoudres

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar