Skip to content

Vyolans sou fanm nan peyi Ayiti rive menm nivo ak peyi kote ki gen lagè

Nan lanne 1996, yon etid Centre Haïtien de Recherche et d’Action pour la Promotion Féminine (CHREPROF) te montre ke 80% gason ayisyen kwè ke gen bagay ki ka jistifye vyolans sou fanm, tankou lè yon fanm soti san li pa di mari l oswa lè yon fanm pa obeyi lòd mari l. Etid sila a, ke Terry Ray site nan Junta, Rape, and Religion in Haiti (1999), te vin soutni yon refleksyon sou jan yo wè fanm tankou yon « bagay » nan sosyete an ak nan tradisyon relijyon yo. E, paske yo wè fanm tankou yon « bagay » ou ka sèvi ak li jan w vle, gason fini pa konsidere ke se dwa yo, antanke gason, pou fè vyolans sou yo san reflechi. Menm nan koze relasyon seksyèl se ak mo vyolan nou sèvi : kraze, fann, chire, sakaje, koupe, frape. 

Nan Reproducing Inequities: Poverty and the Politics of Population in Haiti (2006), Mary Catherine Maternowska – ke Ju Yon Kang te site nan The Hidden Epidemic: Violence against Women in Haiti (2011) –, fè lyen ant vyolans mo say o ak ensekirite global ki domine Ayiti. Li dekri yon klima ki alimante lapèrèz pou gason pa rive satisfè egzijans lasosyete fè yo – an jeneral, pou yo pran swen fanmi yo – paske lòt faktè sosyal detwi tout jefò yo fè. Lekti sa a raple nou rezilta yon etid ki te fèt anvan sa (2003) ki te pibliye an 2008 nan International Journal of Gynecology and Obstetric sou vyolans kont fanm ansent. Sou 200 fanm ansent ki t ap resevwa swen anvan yo akouche nan yon dispansè yon zòn riral nan Lavale Latibonit, 44% te viktim vyolans ki baze sou stati yo antanke fanm 6 mwa anvan etid la te fèt, alòske 77,8% te viktim vyolans nan men mari/mennaj/nèg yo pandan yo ansent lan.

Gason an retwouve li nan yon sitiyasyon kote li pa p kapab pran swen timoun ki pral fèt lan e sa fè li kenbe fanm ansent lan sou kè. Se istwa nèg sa a, nan sant sante Fondasyon an, ki te priye doktè a an gras pou li kite youn nan marasa li yo mouri nan moman akouchman an paske li pa t wè kijan li te pral kapab okipe yon timoun, alewè pou de… Ensekirite sosyal, ekonomik ak politik kote gason ayisyen ap viv lan kreye yon kriz idantite lakay li ki, melanje ak vye mantalite matcho ki soti nan system patriyaka a, fasilite vyolans sou fanm jouk li rive jistifye vyolans sa a.

Se pa gason sèlman ki jistifye vyolans sa a, se tout sosyete a. Dapre ankèt EMMUS 2000-2017 (yon ankèt sou mòtalite, mòbidit ak itilizasyon sèvis) Ministè Sante Piblik ak Popilasyon an, jouk rive 48% viktim yo panse vyolans sou fanm jistifye. La a, nou pral rantre nan nannan koze a; sa pral esplike tit biyè sa a epi jistifye poukisa vyolans seksyèl nan peyi Ayiti gen pwòp atik pa li nan Wikipedia.

Nan peyi Ayiti, vyolans sou fanm espesyal. Li defye tout modèl tradisyonèl vyolans ki baze sou sèks moun kote fanm pòv e ki pa gen anpil ledikasyon konstitiye majorite viktim yo; nivo vyolans Ayiti an pi pre sitiyasyon peyi kote ki gen lagè (Kang, 2011). Fanm rich e ki edike vilnerab menm jan ak sè yo ki gen mwens mwayen. Isit la, vyolans seksyèl tout kote; e zak sa yo rive Ayiti de fwa pli souvan ke yo rive an Dominikani. Nan rapò Sexual Violence Research Initiative (SVRI) Bank Mondyal pour Amerik Latin ak Karayib la te soti an 2010, 11% ayisyèn te di yo te viktim vyolans seksyèl pandan ane a, alòske te gen 5% an Dominikani.

Gen lòt etid ki montre ke nivo vyolans sa a pi wo toujou nan kèk kategori moun nan popilasyon an. Demographic and Health Services (DHS) te evalye ke 29% fanm marye viktim vyolans seksyèl Ayiti konpare ak 2% an Dominikani.

Distribisyon ka vyolans yo nan mitan fanm ki marye yo (Kishor & Johnson, 2004)

Nou kapab eksplike nivo vyolans seksyèl nan peyi Ayiti – nan lòt peyi Amerik Latin yo kote to vyolans sou fanm lan rive pre pa Ayiti an ou gen Nikaragwa (2%) oswa Kolonbi (4%) – paske li ta sanble bat madanm ou tounen yon valè familyal.

Gen yon korelasyon positif ant vyolans seksyèl ak akspete ke moun ka bat madanm yo (Hindin, Kishir & Ansara, 2008). Dapre EMMUS 2006, yon fanm sou twa kwè ke gason gen dwa bat madanm li; kidonk, gen mwens chans pou yo pote plent pou sa ki an reyalite se yon krim. Nan peyi Ayiti, vyolans seksyèl tèlman nòmal ke se jouk an 2005 ke lejislatè nou yo mete kadejak nan nivo krim. Anvan sa, se te yon atak sou moralite sosyete an, yo te plis konsidere repitasyon viktim lan pase zak agresyon seksyèl, fizik ak sikolojik ke viktim lan sibi. Nan kòmansman lanne 2000 yo, lè mwen te kòmanse travay nan komin Plezans di Sid, se sèl lè viktim nan te vyèj yo te rekonèt ke sete kadejak; yon fanm ki te deja nan fè bagay, repitasyon li te tache, pat konsidere tankou yon viktim kadejak. Dayè, se menm apwòch sa a jij ayisyen yo te genyen; yo te gen tandans konsidere zak la pat pi grav pase sa si viktim lan pat vyèj (Fuller, 1999).

Sa k rive, se ke relasyon gason ayisyen an ak madanm li se yon relasyon kote li posede fanm lan. Maten an, yon nèg t ap eseye fè m konprann kijan yon gason ki oblije wè madanm li vin madanm yon lòt nèg gen lapenn. Anyen pa jistifye ke yon gason bat madanm li, li te presize. Anyen menm. Men, li di m, Patricia, lè yon nèg kouche ak madanm ou, se pa ak fanm lan li kouche non, se ak Madan Entèl li kouche. Epi li mache di sa. Li fè grajè ak sa. Lè yon fanm kouche ak yon nèg marye, se fanm lan ki wont. Nan lòt ka a, lawont lan chanje kan. Nèg la blese nan zantray li, li reyaji tankou yon bèt jennen.

Nanpwen bagay nève mwen konsa se koze mete gason sou menm nivo ak yon bèt ki pèdi kontwòl. Gason ki nan vi mwen yo pa yon bann zannimo ki pa ka metrize tèt yo, se yon seri de moun ki kapab aji an granmoun. Dayè se granmoun yo ye. Mwen derefize yo trete yo tankou de bèt sovaj ki posesif nan pwen pou yo kriminèl. Mwen panse lè a rive pou yo menm tou yo leve kanpe pou rele chalbari dèyè mak fabrik sa yo yo asosye a gason an.

Yè swa, se pandan mwen t ap rantre lakay mwen apre yon bèl sware mwen pase ap pale de #AyitiNouVleA, zanmitay ak vizyon ak yon zanmi ke mwen resevwa nouvèl agresyon kont merès Taba a. Sou taymlayn Twitter mwen, yon bann enbesil, mal ak femèl, te sanble kase randevou pou yo detwi imaj mwen genyen e ke mwen vle kontinye genyen de gason. Avèk anpil jantiyès, mwen te swete yo bòn sware epi mwen deside dòmi ak bèl souvni yon moun ki te aksepte pataje limyè li, ki chaje dousè ak rekonfò, avèk mwen. Se limyè sa a ki akonpaye mwen toujou maten an ki fè mwen rete kè kal, ki fè ke mwen pa mande anraje, ki fè mwen pa pèdi lespwa. Se limyè sa a ki fè mwen kontinye konte sou gason ki nan vi nouyo, alye nou yo ki konprann ke konba kon vyolans sou fanm se yon problèm gason li ye avantou e ki pran angajman pou #PaFèSilans. Mèsi mesye! Menm si mwen pa di li tout tan, mwen kontan nou egziste.


Version originale : “En Haïti, la violence contre les femmes atteint les taux des pays en guerre“. Publiée le 03 octobre 2018 par @patriciacamilien.

Cet article est également disponible en : French

Yves-Marie Exumé Afiche tout

« pye poudre » haïtiano-canadienne. Blogue au http://aymexume.wixsite.com/piedspoudres

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar