La loi de ma bouche

Bondye ak Seza

Nou nan lane -399, yon pwosè nan vil Elye (Héliée) etone tout moun. Socrate, gran filozòf vil atèn nan, akize kòm kwa li ta pase nan betiz Dye Site yo. 5 lane avan sa, Atèn, vil wololoy la, sant monn lan ak kote sivilizasyon te pran nesans, te sibi yon gwo defèt pandan lagè Peloponnèz la. 5 lane avan sa, anpi Atèn nan t apral tonbe pou l pa janm leve kanpe ankò.

Te vin gen gwo kriz ekonomik ak tansyon politik apre gè a. Anpil kesyon t ap poze sou mòd vi Atenyen yo, men de jou an jou repons yo te vin pi difisil pou jwenn. Nan ka sa a, fòk yo te jwenn yon moun pou bay pote chay la. Sokrat, ki te bay tèt li non « Mouch chwal» Atèn nan, epi ki te gen disip li yo ki te fin fou ap itilize metòd sokratik la kòm zam pou kritike Atèn-vil-wololoy la, se li ki te pharmakos ideyal la. E yo te akize l kòm kwa:

  • Li pa rekonèt Dye Site a rekonèt yo;
  • Li vini ak nouvo Dye ;
  • L ap kòwonp jèn yo (Xénophon, Mémorables (I, 2, 12-27) ;

Devan jij yo, Socrate, ki te gen 70 lane, rete koyeran, li kesyone tout sa ki t ap di yo, li nève moun yo ak agowans li epi finalman limenm ankò egzekite kondanasyon li a lè li te bwè pwazon ciguë yo te pote pou li a.

Nan lantikite nan peyi Lagrès, premye bagay ki ke karakterize yon sitwayen se te devwa l yo. Devwa pou l peye enpo. Devwa pou l fè lagè (devwa militè). Devwa pou l patisipe nan seremoni relijye yo. Pami 4 devwa sa yo, sèlman dènye a te konsidere kòm yon krim Deta. Se te «Monisme Antique » la, kote respè Dye yo te sèvi kòm garanti pou respè otorite yo.

Grèk yo pa sèl kategori moun ki te konprann zafè pouvwa a konsa. Nan Ansyen Testaman an, kèk Wa tankou Saül, David, Salomon…se moun  Bondye chwazi. Moun Yahvé chwazi pou dirije pèp li e pèp sa dwe yo obeyisans. Farawon Ejipsyen yo se pitit Râ, Dye solèy. Olympias, mamnan Alexandre Le grand, ta sanble  pat fè l ak Philippe de Macédoine jan anpil moun kwè l la, men ak Zeus ke l t Pretrès li. Se menm jan pou Hoelun, manman Genghis Khan ak Marie, manman Jésus. An Mediterane a, pouvwa se nan Dye sa soti, Dye chwazi Seza. Men, nan dènye ka sa, gen yon chanjman ki fèt. Wayòm Kris la pa fè pati monn sa a, e lè, nan 4yèm syèk epòk nou an Krisynanis la te vin tounen relijyon Leta, fason yo te panse avan an te chanje.  

Menmsi li pa gen entansyon mete kanpe yon nouvo doktrin politik, relasyon ki gen ant pouvwa politik ak relijyon enterese Krisyanis lan , e li kreye yon reyalite doukla, kote yon bò, gen yon pouvwa tanporèl, ki pa menm ak pouvwa espirityèl la. Nan Lik 20 :25, Jezi te deklare : « Bay Seza sa ki pou Seza, men bay Bondye sa ki pou Bondye ». Sen Pòl di : «  pa gen otorite san pèmisyon Bondye. Otorite ki egziste yo, se Bondye ki etabli yo. » (Romen 13 :31), se li ki baz tout apwòch politik kretyen yo. 14 lèt Sen Pòl yo defini apwòch politik legliz la. Ansèynman Levanjil yo pèmèt entwodiksyon kèk nouvo konsèp nan deba politik yo tankou : kontra, egalite tout moun, bay moun atansyon oubyen soumisyon moun devan Bondye ak Gouvènman yo.

Apati Kris la,- ki te viv nan menm peryòd ak Stoyik yo  e ki te gen yon bèl bèl fason yo wè egzistans moun kote yo kwè moun se èt ou pa ka ni chanje nati li (inalterab)  ni pran li (inalyenab) – sa montre non sèlman otonomi lavi espirityèl chak moun, men tou karatktè endividyèl lagras. Se egalite nanm yo devan Bondye – Tout nanm egal devan Bondye –  nou vin tounen pitit li lè nou kwè nan li (Jan1 :12) – men se pa moun nan sosyete a – menm si tou 2 se jwif, Jezi pa Marx, emansipasyon esklav yo (yo envite yo aksèpte eta yo epi obeyi mèt yo , 1 korentyen 7 :21, 22) ak fanm yo (yo soupriye yo pou yo raple yo sitiyasyon yo a epi soumèt devan mari yo, Efezyen 5 :22) ka tann toujou .

Se Niccolò Machiavelli, pou premye fwa, ki ta pral vin retire politik anba grif lalwa natirèl (epi/oubyen diven) ki t ap domine lalwa lèzòm. Se premye gran pansè modènite, Li panse estrateji politik yo ak moun k ap fè politik yo tankou yo soti anba ansyen yo, soti nan moralite. Lakay li, pa gen okenn referans yon dwa natirèl osinon yon lwa diven. Machiavel panse sou Leta ak sou politik la anndan Leta. Yon politik ki anplwaye tout mwayen, lwayal ou delwayal pou bonè moun k ap fè politik yo. Yon teyori politik ki defann an piblik posiblite pou bay manti, tiye si sitiyasyon an mande sa pou ka rive pran pouvwa…e, sa te nouvo nèt, li jistifye sa. Bondye pèdi wòl jistifikatè li a. Epòk detewonòm 20 an fini. Dezòmè, nou makònnen nan bay:

  • Yon eplikasyon rasyonèl sou orijin sosyete a ak fòmasyon Leta.
  • Limite pouvwa san limit (absoli) ak
  • Etabli yon baz pou asire libète moun.

Relijyon vin pèdi esansyè l siperyorite (preeminans) li te gen avan an ak kapasite pou òganize fason pou nou wè monn lan (Weber, 1905). Nan yon liv li gen ki rele « Trois vagues de la modernité » (1989), Léo Strauss (antimoderne) wè nan Nicholas Machiavel akThomas Hobbes – yon gwo lènmi pou sanblab parèy yo « homo homini lupus »  (l’homme est un loup pour l’homme) yon gwoup moun ki te pote yon premye vag kouran Filozofik ki rejete lide pou konnen kòman lèzòm dwe viv ?  Avèk modèn yo, kesyon an chanje pou li devni : kòman lèzòm ap viv ? Tankou jan sa ye (Aparamman), nan yon epizòd  « Game of Thrones » ki rele « la peur et la méchanceté » (lapèrèz pou mechanste).

Mefyans jeneralize sa trouve l nan tout zèv Thomas Hobbes ki ekri nan yon peryòd patikilye ki se momnan lagè sivil angle yo (ak la frond franse yo) se te yon seri evènman ki te anonse liberalism (Liberalisme), ki te pote an Ewop pa yon dezi, dezi libète, yon libète, libète relijyon ak konsyans, ak yon dwa : dwa pou milite ak òganize san okenn risk reprezay.

Nan lit sa ki t ap memnen kont despòtism (despotisme) monak yo pou yo te ka mete knape (enstore) yon nouvo rejim nan , « finisman Leta an reyalite se libète » (la fin de l’État est en réalité la liberté) (Spinoza, Traité théologico-politique , Livre XX). Se pa bonè (Atenyen) vil Athènes, soumisyon kretyèn ( a Bondye), enterè (machiavélien), òm  politik oubyen krentif (hobbesienne) Léviathan nan. Leta gen dezòmè yon finalite, libète tout moun. Libète pou moun panse ak bay opinyon yo bon anpil e Leta dwe pwoteje l nan tout entegralite l.

Nan teyori politik li sou libète, Spinoza, tankou Hobbes, avan l, fè  yon demonstrasyon kritik sou mefè itilizasyon relijyon pa pouvwa politik yo. Listwa chaje egzanp sou jan yo te itilize relijyon pou menen popilasyon yo, non sèlman pou yo koube anba desizyon dirijan yo, men pou yo komèt yon dal move zak, soti nan kwazad yo jouk rive nan teworism islamik lan.

An Almay, Hegel poze baz dyalektik la e Feuerbach devlope tèm alyenasyon klas ouvriye a pa la relijyon. Nan sa, yo enspire sou Maksim (Marxisme) byen se vre, men sou Anachism tou (Arnachisme). Dabò apolitik (William Godwin),, anachism lan pral evolye ak Ris (Russe) yo rele  Netchaïev ak Bakounine vè sa yo rele Kolektivism lan (collectivisme). Nan Bondye ak Leta (Dieu et l’État (1871), Bakounine konsidere libète lèzòm ak refi pou yo rèstavèk nesetite edikasyon pou tout moun e li kwè se sèl la syans ki ka ede lèzòm pran konsyans.

Lè, nan lane 1882, Nietzsche ekri selèb liv li a ki rele  Gott is tot (Dieu est mort (Bondye mouri), se yon konsta ke l fè. Li pa tiye Bondye, li jis pran ak ke li mouri nan espas piblik (Ewopeyen). Dayè, se pa te yon konsta ki te bay la jwa, se te yon reyalizasyon ki te ka bay kè sere e ki te kay kè sere vrèman, yon lanmò ki bay enkyetid, angwas.

« Bondye mouri ! Bondye rete tou mouri ! E se nou ki te touye l. Kòman nou ka konsole tèt nou ? kòman li ka konsole nou, nou ki se pi gwo mètriye ki egziste ? Sa monn lan te genyen jiska prezan ki  te pi sakre e pi pwisan te pèdi san li anba kout kouto nou. – Kiyès k ap lave nou anab san sa ? Ki dlo k ap ka pirifye nou ? Ki sakrifis pou padon, ki mòd jwèt sakre pou n ta envante ? Grandè zak sa pa trò gran pou nou ? Nou menm se pa yon bann dye n ap eseye pou nou devni tou senpman ? se pa pou nou wè si nou ta parèt dign de yo ? » » ( Le Gai Savoir, Livre troisième, 125) ».

Lanmò Bondye antrene yon kriz moral. Konnya li pa la ankò, sou kisa valè nou yo fonde?  Nan konklizyon domikan li gen ki rele « fòm elemantè lavi relijyez la » (formes élémentaires de la vie religieuse (1912), sosyològ Émile Durkheim ale nan kè pwoblèm nan :

« Ansyen dye yo vyeyi oubyen mouri e okenn lòt pa fèt » (« Les anciens dieux vieillissent ou meurent, et d’autres ne sont pas nés. »

Fè foli pou egalite te mennen nan « goulags soviétiques » yo. E foli pou lajan an bay yon atelye mizè. Lefèt ke  nouvo kilt yo echwe, ansyen dye yo retante chans yo ankò. Renouvo karismatik, revivalism Relijye, Islamism politik… prèt ansyen dye yo pwopoze kèk repons kote politik amoral ak arelijyez la echwe. Leta, ki vin fèb akoz avata (avatar) nouvo kilt sa yo  ki se mondyalizasyon ak egzijans libète, sezi opòtinite a, li asosye l e apiye sou retou zafè dye yo nan espas piblik la.

Toutfwa, ansyen dye yo egzije kèk sakrifis. Tankou nan dwòl seri sa ki rele American Gods (2017), chaje pasyon. Omoseksyèl yo pou fondamantalis kretyen yo, fanm pou fondamantalismizilman yo, bon sans pou patizan « new age » yo… san pitye, tribinal yo a te kondane Socrate pou bwè pwazon (cigue) la èn ak ignorans.

Nenpòt jan sa ye , sila yo ki  fou pou Dye yo ap fini pa mode dwèt yo. Nan « De l’envie et de la haine », Plutarque rapòte ke sitwayen Atenyen yo –  ki t ap atann ke Socrate kouri e pa te aksèpte sanksyon an, te tèlman leve nan kò group moun ki te akize filozòf la, yo te menm rive touye tèt yo.

 

Version originale : "Dieu et César".
Publiée le 13 août 2017 par @patriciacamilien.

Cet article est également disponible en : French