La loi de ma bouche

Yon achtag ki di tout bagay

Se gras ak yon moun ki ap defann Ti Djo — nou ap salye moun lan sou trak sa a- nou rive ekri twazyèm biyè nan seri biyè blòg sou tweet Ti Djo a. Moun sa a, nan espas kèk minit, gentan lage yon demi douzèn kòmantè sou paj Facebook blòg la. Objektif li se defann idòl li a. Genyen youn nan kòmantè sa yo ki pèmèt mwen fin konprann achtag byen dwòl ki te nan tweet Mesye Zenny an.

Anvan sa, mwen te panse se te yon ti fot; se dwe paske mwen se yon ansyen elèv kay mè. Mwen pa t konprann achtag ki te mache ak « blag » la avan moun sa a te vin esplike mwen li san li pa t rann li kont. Men, mwen te dwe wè sa. Paske, depi yo leve nan kò moun pòv, yo p ap pran tan pou yo leve nan kò fanm tou.

Ban mwen poste kalite bèl kòmantè sila a pou nou :

Grenn pwoblem m gen ak tweet la se hashtag la. Atis la pa balanse bagay yo. Se pa selman fi yo ki dwe tepe pa yo, gason yo dwe fe « vasectomie. » Nan fen tweet la li vin sanble yon atak kont fanm,pandan ke m pa kwe se sa k entasyon orijinel la. Men apresa atis la BYEN PASE. [tèks orijinal]

Kidonk, pou Ti Djo, se fanm ki pa t panse pou yo tepe bouboun yo ki responsab bann ak pakèt ti vòlè malere ap plede kale yo? Men, anfen, ki pwoblèm menm chantè konpa sa yo genyen avèk fanm ? Lè se pa ansyen prezidan wòz la ki lage nan degonn nou, se yon fanmi yon ansyen Senatè wòz (yon gwo fanatik pati politik la) ki fè sa.

Si yo t ap konpile mizik ki make lavi mwen, vwa Joseph Zenny t ap ladan li kanmenm. Konpa Kreyòl te jwe nan bal gradiyasyon mwen. Mwen te chante « Viens chez moi » byen fò. Poutan, mwen gen yon gwo konfesyon pou mwen fè, mwen pa yon gwo fanatik konpa. Sou pwen sa a, mwen konnen mwen pa yon bon ayisyèn natif natal. Men petèt se pi bon bagay ki ka rive. Paske Ti Djo pa desevwa mwen. Dayè, apre Konpa Kreyòl, mizik misye pa t vrèman enterese mwen. Moun lan te ka desevwa mwen. Men yon gason ki mizojin, se menm bagay ak yon politisyen mantè. Sa bay degoutans, men sa pa fè nou sezi.

Mesye Zenny pa premye moun ki fè malerèz pase pou responsab poutèt yo kontinye peple tè a ak ti malere paske yo pa ka fèmen janm yo kòmilfo. Nou sonje pawòl prezidan Lafrans lan, Emmanuel Macron, te lage nan kòmansman manda li an, jou ki te 8 jiyè ki sot pase a. Li te di ke fanm afrikèn ki fè 7 oswa 8 pitit se yon gwo pwoblèm pou sivilizasyon nou an. Nèg “En marche” la t ap repete yon lojik tan lakoloni ki te lage chay soudevlopman an sou do fanm. Se menm diskou sa a ki fè yo te fòse malerèz fè avòtman oubyen vin esteril, soti sou zile doktè Moreau a nan Lareyinyon rive nan rejim prezidan Fujimori a nan Perou. Men, anpil fwa se konsa, reyalite a depaman ak sa mizojin yo di. Okontrè, se mizè ki fè genyen twòp moun, se pa twòp moun ki fè genyen mizè.

Chif yo demontre sa. Plis fanm yo fè pi gwo etid epi granmoun tèt yo, yo fè mwens pitit. Li lojik wi. Lè yon fanm ap akouche, se pa boloze li ap boloze. Pou moun ki pa ko janm fè sa, men yon ti videyo ki ap ede nou konprann kijan yon gwosès ka twomatize kò yon fanm.

 

Imajine : òmòn ap pwodui rapid, kantite estwojèn miltipliye pa mil, kè a ap ponpe san pi fò, fetis ki nan vant lan ap bouje 30 fwa chak inèdtan, anvi ak degoutans pou manje, matris la ap grandi tout boulin, ògan yo konprese, misk yo ak jwenti yo vin pi lach. Annapre, akouchman. Matris la kontrakte, kòl la vin laj, “travay” la pral dire plizyè èdtan…jiskaske delivrans lan rive. Men, gen toujou wi. Òmòn yo bay doulè apre gwosès lan, menm lè ti lezanj lan bezwen nou.

Pou yon fanm ki pòv, sitiyasyon an pi difisil toujou paske, anpil fwa, li poukont li oswa san moun pou sipòte li. Se pa paske li derefize fèmen janm li li chwazi pase mizè sa a. Dayè, anpil fwa, se fòse yo fòse li louvri janm li, pou annapre yo derefize kite li fè avòtman. Apre sa, moun tankou Ti Djo yo pral di li se ti sanzave li ap fè. Se konsa bagay yo ye.

Poutan, si se te tout bon vre nou te vle redui kantite timoun ki ap fèt, solisyon an t ap senp: kite medam yo chwazi sa yo vle. Sispann chèche kontwole nou, nou menm ak pouvwa fè pitit ki rele nou pa nou a. Dapre rapò Voice and Agency: Empowering Women and Girls for Shared Prosperity (2014) la [tradiksyon nou]

Pousantaj fanm sou latè ki marye pandan yo timoun toujou, ki pa gen ankenn kwontwòl ankenn resous nan fanmi an epi ki di yo sibi vyolans nan men mari yo reprezante 65% medam ki pa depase nivo primè konpare ak 5% nan medam ki fini segondè yo.

[…]

Nan 20 peyi kote yo marye timoun plis yo, 18 nan yo gen 6 fwa plis tifi ki pa al lekòl ditou ki marye pase tifi ki rive nan nivo segondè. Anplis, nan peyi ki sou wout devlòpman yo, prèske yon jèn fi sou 5 tonbe ansent anvan li gen 18 an. Alòske nan peyi sa yo, se gwosès ki lakòz lanmò majorite jèn fi ki gen 15 pou rive 19 lane : chak ane, sa lakòz lanmò prèske 70 000 jèn fi ki mouri.

Nan gwo konferans sou «relijyon ak ti bebe» a, pwofesè Hans Rosling (yon gwo save ki malerezman pa la ankò) te idantifye 4 faktè prensipal ki ka pèmèt redui kantite timoun ki ap fèt.

Men yon rezime 4 faktè yo : Timoun yo dwe rive viv. Yo pa dwe konte sou yo pou travay. Fanm dwe resevwa edikasyon epi yo dwe ap travay. Planin dwe disponib.

Kifè, ta sanble solisyon pwoblèm «twòp moun» lan se pa pou fanm tepe bouboun yo non, sa k ta di sa, se pito dwa feminis yo ap defann depi lontan yo. Nou ka wè, la a tou, se lojik ki ap pale. Li pi fasil pou devlope yon peyi ak tout sitwayen li yo pase lè mwatye popilasyon an pase tan li ap toupizi lòt mwatye a.

Adendòm: yon lektris fèk sot di mwen la a achtag la se sou gigit li t ap pale (kòk ou) olye bouboun (koko u). Gendwa sa vre. Men, biyè blòg sa a valab kanmenm, paske anpil nan moun ki t ap defann li yo se sou fanm yo te pale, kidonk se yon pozisyon anpil moun kanpe dèyè li. Li te enpòtan pou demontre pozisyon sa a pa syantifik. Mwen pa konnen Ti Djo. Mwen pa konn sa ki sou kè li. Si li esplike se kòk li te vle di, pwoblèm mwen soulve nan 2 premye biyè yo la toujou. Sèl bagay, mwen ap retire etikèt mizojin lan sou do li. Antouka, nan moman an, li bloke kont blòg la sou Twitter.

Cet article est également disponible en : French