La loi de ma bouche

Rat kay nou yo

Depi kèk tan, jan nou kontinye ap bouche nen nou pou nou bwè dlo santi a plede satiyèt lespri mwen. Jan nou triye sa ki choke nou ak sa ki pa choke nou an kapte atansyon mwen. Mwen panche sou ka moun ki ap chèche solisyon an mòd « chak koukouj klere pou tou je l » yo. Mwen ale founi je gade mouvman malè pandje ki ap souke nasyon tèt bese nou an epi kè mwen te fè mwen mal lè mwen wè jan istwa nou se yon istwa yon dous yon cho ki ap plede repete, epi mwen te kòmanse reve yon chanjman tenmpo (Simiand) avèk yon chanjman nivo (Touraine) nan rapò nou avèk listwa. Mwen te kontinye ap poze tèt mwen kesyon, kèk fwa kesyon yo pase nan lespri mwen tankou zèklè, tankou se te yon siy anplis pou ede mwen demawonnen, tikras pa tikras, fil degrenngolad men longè ki mare nou an.

Dènye tan sa yo, mwen diskite souvan sou relijyon ak alyenasyon. Sa pa genyen lontan, nan yon kou sou lapanse (politik) kretyen, yon jenn Ayisyen ki se yon etidyan premye ane dwa, te mande mwen si se vre genyen yon kote yo ekri « le Mal est Noir ». Mwen te pito pase sou kote pou mwen pale sou kolonize Lewòp te kolonize Lafrik la, esklavaj an Amerik, Alman yo ki te masakre Hereros yo, Masak Bèlj yo sou pèp Kongo a. Mwen te mande li, li menm ak tout 186 kòlèg li yo pou yo idantifye koulè po moun ki ap fè mal nan chak evènman sa yo. Yo te tonbe ri. Yo te dekouvri yon seri koze tou. Se konnen yo pa t konnen. -Poukisa yo pa aprann nou bagay sa yo, Pwofesè? -Apa se sa mwen ap fè la.

Mwen te ankouraje yo kontinye vwayaj la, ansanm avèk mwen, kite kad istwa moun « Nwa » yo, pou nou janbe nan Shoah a, gè pou opyòm yo, masak Aljeryen yo, menm rive sou plis pase 2000 atak dirèk Etazini mennen sou peyi nan tout kontinan yo, sa ki lakòz masak plizyè dizèn milyon moun anba men yon anpi swadizan papa bon kè. Yo te konprann. Yon etidyan, gwo kretyen devan Letènèl, te fè yon bon remak lè li te di, dayè, nan Bib la, pa genyen anyen ki di Cham te yon moun nwa, kifè, kidonk, men kòm nou pa t nan lekòl di dimanch, nou te dakò retounen nan ti Saint Augustin nou,  ti Saint Thomas d’Aquin nou ak lòt kanmarad mesye sa yo.

Menm si krisyanis lan pa genyen okenn foli tabli yon nouvo doktrin politik, relasyon leta ak sosyete a kapte atansyon li ase. Nan Nouvo Testaman an, 14 lèt Sen Pòl yo defini filozofi politik Legliz: « Pa genyen lòt pouvwa anwetan pa Bondye a epi sa ki egziste yo se li ki mete yo. » Kifè, kretyen an blije obeyi chèf, sitou se Chèf Siprèm nan ki mete li chèf; konsekans, yon panchan klè pou rejim monachi yo. Lèfini tou, Jezi pa t monte nan syèl la pou li al prepare yon plas pou nou nan Repiblik li an, se pito nan Wayòm li an.

Saint Thomas d’Aquin jwenn twa rezon pou panchan sa a, li tou fè yo tounen twa prensip :

  • Teyolojik: Fonksyònman gouvènman yo tankou wayòm pa twò depaman ak fason legliz òganize
  • Filozofik: atizay se imitasyon lanati epi anpil fwa lanate se pa grenn li konte, e ki di pouvwa yon grenn di wayòm
  • Istorik: Listwa monjtre gouvènman san wa yo atire batay ki lakòz hinghang, epi yo deperi.

 

Dènye agiman sa a, se li yo te pouse mwen nan fen ane a, prèske mo pou mo, lè repons kesyon sa a « ki rejim politik ki t ap pi bon pou Ayiti? » te revele diktati soti premye, nan yon sèl kout kle, ak yon pousantaj 44%. Se demokrasi ki te dezyèm ak 32% men, nan gwo 21yèm syèk sa a, kote tout diskisyon fini, nan yon peyi ki te viv epòk Divalye yo, viktwa sa a diktati a ranpòte nan mitan etidyan dwa ak etidyan syans politik yo mande reflechi. Pousantaj la rive 56% lè ou antre fòm gouvènman monokratik yo ladan (monachi, 8%; tirani, 2%; totalitaris, 1%; prezidans avi, 1%). Tout jan tout jan, gwo tonton agiman an ta sanble se paske pèp ayisyen twò sòt, twò pòv, twò inyoran pou pwofite avantaj demokrasi a. Yon ansyen esklav ta bezwen yon mèt pou dikte li sa pou li fè. Si se pa sa, epi « Listwa klè sou sa », se ap dezòd, chen manje chen, nan mitan yon pèp ki ap aji tankou bèt sovaj.

Desandan yo desandan moun yo te fè tounen esklav yo sanble pa fè yo ni cho ni frèt. Tout pale ou tande a se pa sou tèt yo, yo menm yo se moun ki li nan ti lèt fen. Se lòt moun yo, vye malere ki pa save yo, sila pou nou sivilize yo. Sa ou tande a, yo pran « kwa misye Blan an » mete sou do yo. Jèn sa yo ki t ap mande mwen poukisa yo pa aprann yo koze sa yo, pa konsyan jan rapidvit yo pase pou yon Jules Ferry k ap peze sou nesesite pou nou « di kareman vrèmanvre ras ki siperyè yo genyen dwa sou ras ki pi ba yo. » Sa ou tande a, yo te gentan motive, tankou Victor Hugo, pou rezoud pwoblèm sivilizasyon pèp ayisyen an.

An nou kite mèt la pale:

Dimanch ki te 18 me 1879, yon kanbiz pou raple abolisyon esklavaj la te rasanble, lakay Bonvalet, sanven envite.

Se Victor Hugo ki t ap anime. MM. Schoelcher, otè prensipal dekrè 1848 ki te aboli lesklavaj la, te adwat li.

Te genyen yon bagay ki te frape lespri moun. Yo te pran yon ti nèg nwè ki avèg mennen kote Victor Hugo. Se yon ti nèg nwè ki te esklav epi ki vin moun granmesi Lafrans.

[Se nou ki peze sou pawòl la.] Vwaladkese Blan yo lage nan bat bravo pou tèt yo paske yo te fè Nwa yo vin moun ki lib, kat syèk apre yo te fin fè yo tounen esklav. Victor Hugo tou pwofite bat lestomak li, li envite yo

konstate yon detay, yon senp detay, men ki enpòtan  anpil: nan diznevyèm syèk la, blan an fè nwa a vin moun; pou ventyèm syèk la, Lewòp pral fè Lafrik tounen yon mond.

(Moun yo bat bravo)

Tout pwoblèm nan, se rive rebati yon Afrik tou nèf, fè vye Afrik la kite silivilazasyon an aji sou li. Lewòp ap rezoud li.

Alòs, pa bezwen di nou Afrik tou nèf sa a pa pa ti nèg nwè yo fè vin moun nan. Se « Lafrik ki genyen diplis la, [yon diplis yo ankouraje Lewòp al ranmase] epi konsa tou pwofite [rezoud] kesyon sosyal li yo, fè ouvriye li yo tounen patwon ». Jodi a, yon syèk apre, Lafrik ansanm ak 1,1 milya abitan li yo posede sèlman 1,1% richès mondyal la pandan se rete li rete li wè yo kontinye ap fè dappiyanp sou resous li yo. Kèk otè nan Loksidan rive jwenn yon non pou nonmen pwoblèm nan : devenn posesyon resous la. Yon maladi imajinè pou kache/jistifye esplwatasyon aklè kontinan Afrik la nan non pwogrè sivilizasyon.

Nan « Perle des Antilles » la, desandan esklav yo ap goumen pou kolonize pwòp frè yo ki pa t genyen menm chans ak yo, malere sa yo, parese sa yo ki chita la ap kale ti vòlè. Semèn sa, konsè tèt nèg yon chantè franse, ki nan laj 90 an yo epi ki pral chante sou lè li te genyen vent an, vin reveye deba sou koloris la ansanm ak biznis rakèt (yon seri sansi ansanm ak tout mèt yo) ki mache ak li a, nan peyi nou. Genyen moun ki te vle fè pwoblèm nan tounen yon senp pwoblèm lajan men si pou li ta sa sèlman, fòk nou ta dakò maladi nou soufri a se pa li nou di doktè, kon di pawòl la. Pwoblèm nan pi pwofon pase sa. Bondye nou an se yon Blan. Elit nou an genyen foli Blan. Klas mwayèn nou an tou. Kifè, nou vin devlope reflèks kolon. Pou nou ka jistifye sa ki pa kenbe. Pou nou ka debalize, san konsyans nou pa manje nou. Pou nou ka kenbe, nan mitan oswa atravè malè lòt moun, yon monn krizokal kote Ayiti pa nou an diferan, diferan pou nou menm sèl.

 

Cet article est également disponible en : French