La loi de ma bouche

Viktim yo pa gen redevans rakonte pèpap istwa yo a

Yon lè, fòk nou fè yon chitapale sou degre renmen pran jòf mele ak jouda yon seri moun nan peyi isit. Koze sa a kite renmen zen dèyè — pwofesè chimi mwen nan segondè, ki te panse li te komik, te konn di zen se sèl metal ayisyen fabrike — pou li tounen yon veritab maladi. Se konsa yon moun pa janm mouri toutan nou pa wè kadav li sou rezo sosyal yo. Yon politisyen pa janm malad vre si nou pa wè li kouche, prèske kokobe, sou kabann lopital. Yon fanm ki ap patisipe nan kanpay #PaFèSilans lan pa yon viktim vre si li poko lage tout detay, menm sa ki pi kri yo, sou zak yo fè sou li an.

Epi tou, pandan nou la a, an nou tou fè ti pale a. Depi yè, anpil moun sou rezo sosyal yo ap poze kesyon sou validite yon temwayaj kote yo pa t site non agresè a.

Gen moun ki genyen dout sou seryozite mouvman an.

Gen lòt ki mande pou nou pa rete aloral, aksyon se sa ki ap demontre fòs viktim lan.

Gen lòt menm ki rive mande pou medam yo fèmen dyòl yo si yo pa ka fin pale nèt.

Nou pa menm bezwen gade kantite kouraj sa mande yon moun pou li #PaFèSilans nan yon peyi kote lè yon moun pale sou vyolans yon chantè fè sou ansyen mennaj li se menas ak kritik li jwenn. Yon peyi kote pòtpawòl lapolis blame yon ti jèn fi (ki pa t ko gen 18 an) ki viktim kadejak yon gwoup jèn gason fè sou li, poutèt li t al pèdi jekwazandye li al antre nan yon chanm gason. Yon peyi kote nèg ki te touye yon animatris televizyon tout moun te renmen rive chape nan prizon, kote yo te kondane li avi, epi al viv Etazini, kè pòpòz. An nou gade pito kijan nou jere akizasyon yo; an nou pran pou egzanp yon ka tout moun konnen.

Jou ki te 28 novanm 2012 lan, yon jèn fanm akize yon gwo fonksyonè leta ayisyen, ki te pran li anba zèl li, di li fè kadejak sou li. Dapre sa jèn fanm nan te di, se lakay akize a, jou ki te 26 novanm nan aswè, zak la te pase. Viktim lan di li te pran kalòt epi apre nèg la fè kadejak sou li. Nèg yo akize an, li menm, di sa fè 6 mwa jèn fanm lan (sekretè li) se fanm li; dayè, ti dam lan te konn al legliz avèk li pafwa. Epitou, li ta sanble jèn fanm lan ta vòlè yon seri enfòmasyon sekrè (ki gen rapò ak enterè nasyonal) sou telefòn nèg li akize an. Li ta sanble Pakè [tribinal] te okouran zak jèn fanm lan depi jou ki te 22 novanm.

Bagay lan vin vire an sa youn di kont sa lòt la di. Viktim lan demanti sa nèg la di an : li pa t janm fanm nèg la; men nèg la te dèyè li tankou sizo dèyè twal, tizonnay maten midi swa. Nad marinad! Malgre soutyen li te jwenn nan men òganizasyon dwa moun, jou ki te 27 janvye 2013 la, li finalman siyen yon deklarasyon kote li renonse pousuiv nèg la lajistis. Li te pito lage sa nan men Bondye, se sa li te di de jou apre.

Poutan, jou ki te 25 janvye 2013 la, viktim lan te mande pou jij la retire kò li nan dosye a paske li te twouve jij la te nan paspouki epi li te gen rezon pou sispèk jij la. Se kòmsi li te kase tèt tounen sou direksyon li te deside pran an. Li te kase tèt tounen vre, paske jou ki te 11 fevriye 2013 lan, pandan li te lòtbò, li te fè apèl [mande lajistis pran yon lòt desizyon] kont desizyon jij la te pran jou ki te 6 fevriye an : jij lan te deklare pa t gen rezon pou li te mande li soti sou dosye-an. Kòm repons aksyon jèn fanm lan, avoka nèg li akize kadejakè a menase pou li pousuiv manmzèl lajistis epi pou li fè li regrèt li te kase tèt tounen. Koze a pa rive pi lwen.

Nèg li akize kadejak lan kontinye bèl karyè li kòm gwo fonksyonè leta. Kanta pou viktim lan, nou pèdi kontwòl li. Li te mete koze kochon an deyò epi sa te fè anpil bri. Yo analize chak detay lavi li. Li pran legzil.

Youn nan pi gwo pwoblèm ki genye nan zafè agresyon seksyèl, pa gen temwen. Lè yon moun pote plent kont yon lòt, se yon kesyon de sa viktim lan di kont sa agresè an di : zak la nan li menm pa vrèman pèmèt pou sitiyasyon an diferan. Nan Labib, koze sa a regle rapidvit : fòk viktim lan rele, gagannen, jiskaske yon temwen tande. Si se pa sa, se fònikasyon epi yo ap vide galèt sou tou de moun yo (Detewonòm 22 :24). Men jan bagay yo ye kounye a, solisyon yo pa senp. Moun lan ap viv ak « dezonè » li. Souvan san fè bri. Pafwa, li ap pale sa ak zanmi. Sa pi ra toujou pou ou jwenn li ap pale sa sou rezo sosyal, nan jounal, epi sa ap fèt san li pa site non moun.

Sa ka rive, yon lè konsa, pou yon moun ki ta viktim jwenn kouraj pou li fin pale nèt, pou li pote plent lajistis kont mari li pou vyolans ki fèt sou li pandan yo marye. Lè konsa, moun sa ap finalman retire plent li an tou. Kanta pou mari moun sa a, li ap vin Pwotektè Sitwayen ak Sitwayèn.


Version originale : Aucune victime ne vous doit son histoire. Publié le 10 novembre 2017.

 

Cet article est également disponible en : French