Skip to content

Se Blan ki fè avyon

“Dye s on blan”. Nou di sa konsa, jis pou n ri, men se pa fin tout sa. Ekspresyon an, nou itilize l pou n montre lespri kreyativite blan an, jeni ki genyen lakay blan an, yon ras beni, kote Dye desann chak jou. Tout sa ki ekstraòdinè, tout sa kap koupe souf nou, tout sa ki bon e ki byen kay blan an . Tout bagay ki enpresyonan sòti lakay blan an. “Aprè Dye se blan “. Epi rès yo.  Epi, Ayisyen.  Pa gen anyen ki movè pase l. Nou janm wè yon tèl ras moun konsa? Ou kwè gen pi move jouman pase lè yo trete w Ayisyen?

Mwen te gen 16 lanne. Nou te fèk lanse yon fondasyon. Mwen t ap diskite  ak yon gwoup  jèn  ki te ka gen ant 8 ak 12 lanne, nou t ap diskite rèv yo pou lanne kap vini yo. Yo te gen yon lis metye tankou enstititris, enfimyè (pou fi yo), medsen, avoka, enjenyè (pou gason yo). Yo te rete nan yon ti katye, nan yon ti komin andeyò; se te vrè timoun andeyò a. Yo t ap reve metye ki ka pèmèt yo ale lavil, pèmèt  yo gran nèg.

Anfen, se pa t yo tout, te gen yon jèn gason ki te gen 10 lanne anviwon ki  sanble pat resevwa mesaj la. Lè n mande l ki rèv li, li di: “lè m pi gran, m pwal fè avyon’’.  Kanmarad li yo te tonbe ri li. Yo te ri anpil. Sa k frape men sou kwis. Sa k lage kò atè. Yo ri,  yo ri. M pa t konprann. “Kisa?”  Se te eksplozyon jeneral. “Kisa k genyen? ”  Yo ri pou pi bèl. Li rive sou mwen tou. M tonbe ri tou. Epòk la, mte gen 16 lanne. Jèn gason an ri tou.  Men m kontinye ap mande eksplikasyon.  Youn nan yo reyisi pran yon titan pou esplike m se paske se blan ki fè avyon. Kòmkwa sa kamarad la di a se bagay moun fou.  Bagay moun pa byen. Bagay ki montre à klè tèt msye pa la, tèt li fin pati.

Pawòl la fè m mal, m pa t sou ri ankò. M eseye eksplike kisa yon avyon ye,  kòman yo fabrike l, kòman w ka fabrike l san w pa bezwen blan. Mwen montre imaj, mwen montre videyo. Yo fè sanblan yo kwè m, pou fè m plezi men yo pa t fin dakò.

Se nan konsa lide pou nou lanse yon fòmasyon nan lidèchip nan kominote a sòti la. Nou mete yon klèb sou pye. Epi, nou konstwi yon bibliyotèk. Answit, yon pwogram eskolè inivèsèl. Yon bon lekòl. M te vle pwouve yo, yo gen tò. M kontinye toujou jodi a. M poko  jwenn konstwiktè avyon m nan, men m gen espwa m ap rive jwenn li. Annatandan, m rakonte istwa sa bay tout 500 san jèn mwen gen chans travay avèk yo. 

M konnen m ap batay kont anpil syèk andoktrinasyon ak imilysyon. M ap batay kont yon sistèm ki baze sou pwisans ak fòs blan an. Kote yo bliye rakonte nou, zansèt afriken nou yo te egziste avan lesklavaj, yo te gen yon istwa avan menm yo te esklav. Kote tou, envansyon yo, pwogrè, tout gwo avanse yo, se toujou zafè blan.

Nan travay li  a ki titre  ‘’ Peau noire masques blancs ‘’ ( 1952) , Psikyat, Frantz Fanon entèrese ak sa n te ka rele psikoloji rasism nan epi kesyon dezimanizasyon an li lye ak dominasyon kolonyal la .  Tankou Aimé Cesaire, nan kòmansman travay li a, li pale ‘’ de millions d’hommes à qui on a inculqué la peur, le complexe d’inferiorite, le tremblement, l’agenouillement, le desespoir, le larbinisme’’ (Discours sur le colonialisme)’’. Li dekri alyenasyon an kote l montre nwa a asosye tout sa ki bon ak blan e tout sa ki mal ak nwa yo.  Nou vle vin blan. Nou oblije sakrifye koulè n, nou vle cheve vin swa.

Sosyològ Ameriken an, W.E.B Dubois, rele sa “double conscienciousness”.   Nan liv li a ki titre The soul of black folk (1903). Li fè referans a yon defi psikolojik kote nou wè tèt nou atravè yon sosyete rasis blanch ki meprize nou. Se yon dans ki difisil pou n egzekite e ki fini pa plase nou nan yon zòn deprime tankou jèn reyalizatè ameriken, Jordan Peele, te montre nou l nan Get out (2017), youn nan pi bèl fim ki sòti ane sa.

N ap fòse vin blan.  Nou elimine kreyòl la. Nou chèche gason blan pou n renmen. Nou chèche fanm blanch pou n  kouche. Nou blanchi po nou chak jou.

Malgre tou, koulè nwa a la, li rezistan. Li raple n moun nou ye a, menm lè nou pa  ta panse, san zatann. Ti aksan dou (chantan) ki glise nan fransè nou yo. Cheve grenn nou yo. Desalin ki anbeli kou timoun nou yo (metis).  Patnè nou yo ki trete nou an Mandingo.  Atikilasyon nou yo, koud, dwèt, fant zòtèy, ki derefize blanchi.

Alòs, nou rekonèt fòs sa nou ye epi  deside leve defi a, avèk  felisitasyon Aimé Césaire, Fanon, Dubois ak Peele. Oubyen  foli blan an pi fò, nou prefere pwoklame pwisans ak siperyorite sivilizasyon blan an genyen, nou selebre prensip li yo, règ li yo pandan, nan yon kwen, me mwa zansèt nou yo fin plonje nan dezespwa.


Version originale : Ce sont les Blancs qui construisent des avions. Publié le 23 août 2017.

Kategori

Pèsonèl

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar