Skip to content

Pou Nicolas…mwen pito pa site tout non l

Yè swa, sou Twitter, mwen tonbe sou yon foto ou pibliye kote papa w te poze ak Mohamed Ali, yon boksè san parèy, pandan yon vizit li Ayiti. Mwen tonbe tou — malerezman — sou diskisyon foto sa a te soulve. Mwen konprann ou te vle pataje ti souvni sa a. Tout planèt la te kanpe an mòd #TheGOAT. Menm prezidan Barack Obama te ladan l. Chans lan te twò bèl : kidonk ou pa kite l pase. Poutan, ou te dwe kite l pase wi.

Anvan ou kouri fache kont sa ki ta sanble yon tantativ pou yo retire lalwa bouch ou nan men w — si se te sa, nou pa t ap merite rele blòg la jan nou rele l la — mwen ta renmen raple w dwa ou genyen pou w di sa ou vle pa anpeche moun kritike w. Mwen te ka raple w tou, men mwen p ap fè sa, ke libète ekspresyon ou genyen pou w kritike tout dirijan ki pase apre diktati an, se paske nou te voye fanmi w ak tout rejim laperèz li a ale. Men, lè w ap sèvi ak lalwa bouch ou pou w reekri listwa, pou w prezante diktati papa w ak granpapa w tankou yon bon bagay epi eseye fè nou kwè peyi nou an te gen sekirite ak richès nan epòk sa a, se yon bagay ki rizib epi tou ki malveyan, malonèt epi veksan.

Premye reflèks mwen se te kite w kontinye fè rizib. Mwen kwè reyalite a gen yon jan pou li enpoze tèt li, jan li ye a, malgre n ap eseye chanje li. Zak rejim lan te poze yo, tout moun konnen yo epi gen achiv sou yo. Dayè, pa granpapa w yo te fè Graham Greene, yon moun ki selèb, pibliye sèl grenn liv li te ekri nan objektif pou fè pwennvi pèsonèl li pase epi pou li te ka goumen kont diktati, yon sistèm san manman. Yo sèvi ak zak papa w yo kòm baz youn nan fim ki bay relijyon zansèt nou yo yon move repitasyon. Granpapa w kanpe kòtakòt — zwazo menm plim menm plimay — ak Hitler, Staline ak Pol Pot sou lis 10 diktatè ki fè plis zak krazezo nan tan modèn yo. Ak nèg sa yo, granpapa w te demontre pa gen limit nan kapasite lèzòm pou yo fè mal. Nou pa ka bay manti sou reyalite sistèm lan. Reyalite an la, toutouni; l ap gade nou nan je. Chak fwa moun eseye maske li malman yo fè bèk atè. Ou gen yon pwojè, yon rèv. Men, nad marinad! Ou p ap sis!

Men, mwen vin sonje rapidvit kijan yon seri jèn ki manke edikasyon ak enfòmasyon epi ki pa gen memwa te akeyi papa w lè li tounen sot an egzil. Foto ki nan antèt kont Twitter ou a, ki brital anba anba e ki bay yon veritab souflèt, te fè mwen sonje sa. Li prezante w sou konn yon Mesi ki nan mitan yon foul k ap chante lwanj li epi k ap eseye manyen tèt li. Jan sikològ Freud ta di, ou te ka wè tèt ou k ap tounen papa w, ewo w la. Se lè sa a mwen rann mwen kont petèt, menm jan ak jèn sa yo, ou nan adorasyon pou fanmi w. E, menm jan avèk yo, yo pa t ni di w ni esplike w anyen… epitou ou pa t chèche konnen non plis. Petèt, menm jan ak pitit Nazi yo, ou gen gwo pwoblèm pou w wè gwo kriminèl yo te ye nan vi piblik yo nan moun ou te konnen an prive ou te renmen e ki te renmen w tou. Poutan, timoun sa yo te konprann ke li te pi bon si yo pa patisipe nan diskisyon piblik sou koze sa a. E yo byen fèt.

Mwen rete kwè li difisil pou w admèt ke lougawou djab sa yo se nan fanmi w yo soti. Manman w, ki lòt jou la tounen nan figi nou pou defann ansyen mari li, genlè pa t pale w de mizè pèp sila a pandan ke li t ap pran pòz Marie-Antoinette twopikal li. Papa w, ki te sanble derefize konprann jouk lè li mouri, gen lè pa t pale w de rejim laperèz granpapa w la. Li gen lè pa t pale w de masak 26 avril 1963 a. Gen lè ou pa konnen. Gen lè ou pa vle konnen. Nenpòt kisa ki fè ou pa konnen an, pito w ta pan egzanp sou pitit Nazi yo : swa ou travay pou w defèt tout move bagay fanmi w te fè peyi a, swa ou fè kò w piti.

Pèsonn pa mande w pou w chita ap panse a zak papa w ak granpapa w te poze. Pèsonn pa mande w sispann viv paske papa w ak granpapa w te de salopri. Pèsonn pa mande w pou w kite rezo sosyal yo, pou w sispann pataje foto, pou w sispann (eseye) vann tèt ou. Pitit pa koupab pou sa papa te fè! Gras a 1986, ou gen lalwa djòl ou. Ou gen dwa pale sou tout sa ou vle, lè ou vle, kote w vle. Sepandan, gen respè pou tè nou an, pou nasyon nou an, pou istwa li. Frennen sèk lè w gen anvi selebre diktati, yon pase ki sitèlman lèd. Rejim lan te lèd, li te bay kè plen. W ap eseye fè l pase pou sa li pa t ye. Se pa yon opinyon politik non : se sa li te ye menm. Sitiyasyon nou ladan l jodi a pa bon, men sa pa vle di diktati an te bon : sistèm laperèz la se yon reyalite li te ye. N ap eseye bliye fanmi w ak tout krim yo te fè yo. Tanpri, pa fòse nou gade w k ap fè je w chèch pou w eseye fè nou pran zannana pou sizàn, pou w eseye lave imaj papa w ak granpapa w.

Bay moun lapè yo!


Version originale : A Nicolas...dont je préfère taire le nom de famille. 
Publiée le 12 juin 2016 par @patriciacamilien.

Cet article est également disponible en : French

Yves-Marie Exumé Afiche tout

« pye poudre » haïtiano-canadienne. Blogue au http://aymexume.wixsite.com/piedspoudres

Leave a Reply

%d bloggers like this:
Skip to toolbar